MesyeDam, souple vin pale ak pèp la!
Nan sitiyasyon difisil peyi DAyiti ye la;
Nan Kafou tenten Ayiti twouve l la;
Nan jwèt bakara kote 3 koupe Las;
Moman rive pou mask tonbe, tout Moun, tout pati, regwoupman òganizasyon dwe defini pozisyon w san mamote, san vire lang ou.
Moman pale pou pale a fini.
Moman devinèt la fini.
Moman tire kont lan fini.
Ayiti nan Moman Gade m nan Je, m ap Gade w nan Je
Ayiti nan Moman Verite y’a.
Ayiti nan Moman pawòl klè.
Ayiti nan Moman
4 Je kontre manti kaba
Ayiti nan Moman kote pa gen plas pou “Langue de bois”,
Pa gen plas pou Fòmil vid
Ayiti nan moman kote pa gen plas pou pawòl devinèt.
Ayiti nan moman pou okenn entèpretasyon Lide Yon Moun.
Ayiti pa gen plas pou lidè ap pale an daki. Paske, Granmoun toujou fè nou konnen:
Di dyab la bonjou l ap manje w, pa di l bonjou l ap manje kanmenm”. Konsa Moman Istorik la rive pou Pèp Ayisyen konnen Klè tankou Dlo kokoye, tankou zòt ta di l:klè tankou klè wòz:
Pozisyon
tout Lidè,
tout Òganizasyon politik, Òganizasyon sosyal, kiltirèl ak Popilè
sou:
– Konstriksyon kanal sou rivyè Masak la;
– Prezans Fòs Kenya ap vin dirije ya(Fòs okipasyon an);
– gouvènman Ariel Henry ya(Èske yo pou pataj gato kèlkelanswa non yo bay gouvènman Ariel pral gen pou monte);
– Èske yo pou Yon lòt Akò Akwòkò Dezakò ak mouche Ariel Henry-Core Group-OEA?
– KEP ak Ariel Henry
Ou byen
Yon gouvènman tranzisyon ki gen yon Fèy wout kote eleman sa yo byen defini
bon jan mwayen pou Lajistis kapab òganize Pwosè: Petwo Karibe, Krim finansye ak Krim san(tout masak ki fèt sou popilasyon an).
Elabore Yon Pwogram Sosyal pou ede popilasyon reprann diyite l nan travay k ap pèmèt Nou refè Yon seri enfrastrikti sosyal ak ekonomik pou demen peyi y’a.
Yon Pwogram edikatif kote tout Aktè yo Chita pou defini mekanis ak mwayen k ap pèmèt Nou bouche kèk gwo twou gouvènman san koutya fouye nan sistèm nan ki rann li pi konplike toujou nan moman sa.
Yon plan Sekirite pwennfèpa ki mache ak Yon Pwogram remanbre Lajistis kote tout sitwayen egalego devan lalwa.
Pandan n ap di ak tout Fòs nou;
Pandan n ap chante ak tout Nanm nou;
Pandan n ap klewonnen tout kote anndan peyi y’a tankou nan tout dyaspora yo
Kanal la pap Kanpe (KPK)
Se menm moman sa tou pou nou Egzije pou tout Lidè Òganizasyon Politik, Òganizasyon sosyete Sivil, Òganizasyon Dwa Moun, tout Fòs reyèl peyi y’a pou yo vin di
Devan Nasyon an: Yon pawòl klè San detou, san devinèt sou kesyon nou poze yo.
Se nan Kafou 4 sa Pèp Ayisyen an ap tann tout Moun sa yo.
N ap tann Pawòl la nan bouch yo.
Mèsi
Marcel Poinsard Mondésir






