Mesaj Papa Dessalines ak popilasyon Wanament la

Mesaj Papa Dessalines ak popilasyon Wanament la

Esaü Jean-Baptiste

Boukan News, 09/29/2023 – Mwen ankouraje nou konstwui kanal. Lè nou fin n fè premye sa, kontinye fè yon dezyèm, epi yon twazyèm. Jiskaske n a rive egalize ak zòt nan kantite kanal ki gen sou zile an.

Une femme Volontaire

Popilasyon Wanament, mwen ap pwofite pou m di nou, pandan ke prèske tout ayisyen tou patio sipòte gwo pwojè an, se kontinye fouye twou, epi fè kanal. Dlo ki ap koule nan rivyè Masak lan, se pa pou vwazen an sèlman ke li ye. Li se pou yo e li se pou nou tou.

Mwen pa konnen kòman ke nou ap rele kanal yo. Kanal diyite. Kanal solidarite. Kanal souvwen. Kanal endepandans. Kanal inite nan divèsite. Mwen pa konnen tou si nou ap chwazi inogire premye kanal lan 17 oktòb ou 18 novanb. Sa ap depan n de nou. Sa ap depan nan moman an, ki lwa ki danse nan tèt nou. Ki vle di: sa ap depan de ki sa zansèt yo ap di nou pou n fè.

Men, gen yon sèl bagay ke m konnen, nan konstwui kanal nan zòn lan, konsa, nou ap kapab awoze jaden nou, rive plante, epi bay manje nan tout Depatman Nòdès lan ak tout rès peyi an.

Sa fè  lontan depi ke nou grangou se kay vwazen ke nou al pote bòl ble nou pou n al achete yon pakèt pwodwui ke n te konn fè, e ke nou kab toujou kontinye fè lakay nou.

Se nan travèse al achete vye pwodwui lakay yo ki fè jodi an yo vinn pa gen plis respè pou nou. Men, gen yon jou pou sa fini. F. I. N I.

An menm tan an tou, mwen ankouraje nou, nan moman ki genyen gwo solidarite sa ant pwotestan, vodouyizan, ayisyen deyò tankou nan dyaspowa an, pou n ta tou koupe fache nan fason akayik ke peyizan yo ap plante.

Jean Jacques Dessalines

Paske, nou pa kab kontinye ap fè agrikilti menm jan lè m te la. Plis de 200 zan aprè, fòk nou fè bagay yo diferan. Nou pa pi pòv, ni pi sòt ke sa. Si nou te rive fè Vètyè 18 novanb 1803 epi bay tèt nou endepandans 1e janvye 1804, an nou kontinye aji tankou pèp ki lib. An nou sispan n yon peyi endepandan ki depan n de lòt mounn. Nou pa k ab ap lague vant nou nan men mounn ki pa renmen nou.

Se moman pou nou gen gwo machinn agrikòl, traktè modèn. Se moman pou n ta fè yon akò kote tout mounn ta dwe dakò pou n ta pwofite relanse pwodiksyon nasyonal peyi an ak tout sa ke zòn Nòdès lan kapab pwodwui.

Epi, lè vin n gen yon Leta ki pa an move eta tankou sa ki genyen la, fòk politik agrè an kontinye. Fòk Ministè agrikilti gen yon pwogram distribisyon angrè ki pou fè plant yo grandi. Ansanb ak yon pwogram irigasyon, de drenaj tè ak fèmaj. San konte de materyèl agrikòl modèn pou agrikiltè.

Anatandan tout sa yo rive fèt, popilasyon Wanament ak tout lót zòn nan Depatman Nòdès lan, kontinye fouye twou pou nou fè kanal.  Paske kanal se espwa pou yon demen miyò.

Esau Jean-Baptiste 

.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *