Menm krapo gen san

Massachussetts, USA, 09/16/2022 – Chak gwoup ap tire dra sou li. Popilasyon an klè li pa dakò ditou ak desizyon gouvènman pran pou ogmante gaz la nan ponp yo. Rezon an senp: li pa gen mwayen pou l reponn ak tout bezwen yo tankou ( manje, peye kay, voye Timoun lekòl, pran swen kay doktè, fè yon distraksyon epi ede yon fanmi, yon zanmi, òganize lantèman …).
Popilasyon an di pi gwo rezilta desizyon sa se: plis pwomiskite, plis moun k ap soufri maladi (sik, tansyon, AVC…), plis timoun k ap vin nan voksal, sosyete y’a ap gen plis devègonday ladan l. Paske se kounye y’a pral genyen pil sou pil la. Konsekans plis delenkans sosyal ak ekonomik( plis vòlò, plis moun pral fè mètdam youn ak lòt).
La notion de confiance va subir une érosion telle qu’on saura toujours sous forte tension.
Yon lòt kote ou genyen pouvwa ki fè konnen se yon obligasyon pou l mete tout aksan sa yo sou gaz an menm tan ( aksantegi, aksansikonflèks, aksangrav) se yon fason pou di nou, mouche Leta sele CHWAL la ak anpil ekipay yon sèl kou. Kantite lajan gouvènman Ariel Henry ak akolit li yo mete sou gaz la depase LIMIT.
Mezanmi ki ekonomis, ki espesyalis ki kapab kanpe devan yon popilasyon pou esplike l epi fè l konprann li nòmal pou l achte yon pwodwi ki te vann 250goud pri ofisyèl 10 dawout; epi bridsoukou pou l vin peye l 570goud. Konsa fòk li jwenn 320 goud andiplis pou l achte menm kantite pwodui y’a.
Se pou mouche Michel Patrick Boivert minis Finans ak mouche Pierre Ricot Rodney minis Zafè sosyal tou vin devan pèp la nan yon deba tèt frèt pou bay esplikasyon ak rezon ki pote yo mete siyati yo anba dokiman pou monte gaz la.
An nou onèt, se tout gouvènman an ki dwe vin bay pèp la esplikasyon ki kalite reyalizasyon lajan taks sa pèmèt yo fè pou rive apeze grangou l, pèmèt li kapab voye pitit li lekòl 3 oktòb. Konsa Nesmy Manigat ap vin prezante nou foto nouvo lekòl fondamantal, nouvo lise ki konstwi epi ki genyen ekipman tou nèf ladan yo.
Emmelie Prophète ap vini ak foto pou l montre kouman li repare Théâtre de Verdure, kouman li repare ENARTS, kouman li louvri kèk bibliyotèk nan sèten vil pwovens, kouman li repanse « Bibliothèque nationale » e sitou kouman li bay Atis yo ankadreman pou yo kapab prezante pwodui yo pi byen.
Pou mouche Ricard Pierre, egzèsis sa t ap enpòtan anpil. Li ta kapab ansanm ak minis Agrikikti ya vini montre nou kouman ak ogmantasyon sa Leta pral bouste pwodiksyon nasyonal la. Gwo Òganis yo tankou: ODVA, ODN, lekòl mwayèn Agrikòl yo pral redemare yon fason pou agrikiltè yo benefisye pi bon ankadreman ak mwayen pwodiksyon pandan y ap repare kèk laboratwa ak Fèm Agrikòl yo.
Depi mesyedam yo kapab vini nan radyo ak televizyon pou fè egzèsis sa pou konvenk nou men kisa lajan t ap fè e se pou yo kapab fè plis toujou, pa gen okenn rezon pou pèp la move tankou kong.
Si Alain Turnier te ekri: « Quand la nation demande des comptes », se paske li te kwè se enpòtan pou moun k ap jere, moun ki gen lajan pèp la nan men yo, se yon devwa moral, se yon obligasyon sivik pou yo vin devan pèp la pou bay esplikasyon sou kouman lajan sa w ap jere y’a depanse. Se pa ni awogans, ni mank konfyans. Se transparans sa rele.
Nou pa janm dakò ak sa. Nou pa janm vle rantre nan egzèsis sa. Nou toujou deplase kesyon an. Se youn nan rezon ki fè toujou gen deblozay.
Se nou menm ki toujou ap repete koze sa : « Bon regleman, pa gate zanmi ». Alóske depi lepèp mande regleman se bâton, se gaz lacrymogène, se lanmò nou ba li.
Nou pa janm vle bay popilasyon an esplikasyon. Je popilasyon an pa wè sa lajan tax ak enpo yo rapòte l. Pèp la pa santi apezman ditou, ditou.
Okontrè!
Epi gouvènman Ariel Henry ak akolit li yo vle kontinye sele l. Yo vle kontinye raboure pòch li, pandan ak 2 nawèl li (grenn je l), li wè tout sa k te konn di menm pawòl sa ansanm ak li sou beton an, se paweze y ap paweze. Se 1000 rive 2000 dola Vèt y ap depanse chak samdi swa nan banbòch pandan timamit diri vin 100 goud, tiglòs lwil 75 goud, yon pate kòde 70 goud, yon Chenjanbe Mache Salomon 250 goud li pa gen ji sitwon ladan l ankò.
Soyons sérieux messieurs et dames comme dirait l’autre. C’est autre qui lui aussi a fait son beurre.
San nou pa antre nan okenn jistifikasyon zak kraze brize k ap fèt la. San nou pa bat bravo ak destriksyon byen moun n ap senpleman raple koze sa yo,pou sèten nan nou menm k ap kalonnen sila yo k ap poze zak yo nan lari y’a : « c’est la sincérité qui rend tous nos actes beaux et honorables »dit Khalil Gibran.
Se pa pou granmesi Sosyològ fransèz Monique Pinçon Charlot k ap obsève sosyete fransèz la ak tout inegalite li genyen malgre abondans jeneral la, te pwononse pawòl sa yo 5 novanm 2013 : « la violence des riches atteint les gens au plus profond de leur esprit et de leur corps ».
Konsa, menm lè tout kraze brize yo bay pwoblèm, men se gendwa yon repons ak tout vyolans fizik ak vyolans senbolik k ap fèt sou moun vilnerab yo ki pa wè kisa lajan taks ak enpo y ap peye yo regle pou yo. Moun vilnerab yo santi chak fwa Leta pran yon desizyon tankou sa n ap pale la, mete plizyè aksan sou gaz la se plizyè aksan ki monte sou mizè yo tou.
Pawòl lakay nou di: « Menm krapo gen san. »
Marcel Poinsard Mondésir





