Matris Liberasyon: Nòt Konjonktirel

Madi, 7 sektanm 2021

Nòt konjonktirèl

Nan lide transparans ak moralite politik, Matris Liberasyon koube l byen ba devan pèp Ayisyen an anndan tankou deyò peyi a. Aprè gwo frap nou fin pran nan men bandi politik san fwa ni lwa yo, ki te etenn souf pòt pawòl nou, Antoinette Duclaire, nou deside sòti nan silans nou pou n pozisyone n sou konjonkti malouk peyi a nan kontèks sa a.

Matris Liberasyon pran plezi l pou l enfòme patizan l ak senpatizan l, sitou sila yo k ap trimen anba move lavi, anba fòs fènwa gang yo nan peyi a; ke nou pote kole nan akò Montana a nan kad yon solisyon Ayisyèn ki granmoun. Nan sousi pou n rete koyeran nan sa manman lwa peyi a mande nan atik 133 a ki egzije yon egzekitif ak (2) tèt, nou kore yon solisyon nasyonal kont kriz la. Inisyativ nou an chita sou yon pozisyon patriyòt ki pa rekonèt peyi Dayiti gen yon gouvènè atravè yon premye minis. Pou nou menm, se sèl yon solisyon Ayisyèn k ap pèmèt yon inite istorik nan mitan pèp Ayisyen an ki kontinye ap chèche tèt li.

Pou n fini, nou menm ML, nou siyen akò Montana a paske nou rete kwè se yon demach konsansis, men kontre k ap ride nou jwenn jistis pou yon seri moun ki tonbe nan kad batay liberasyon peyi a, se li menm tou ki dwe pèmèt nou rapidman jwenn yon ale miyò nan kad rantre lekòl la, ride nou kwape kidnapin nan epi entèvni pou amelyore sò sinistre tranblemanntè 14 dawout 2021 an nan Gran Sid peyi a. Kidonk, nou gen yon devwa pou n batay pou n pa kite memwa viktim Leta yo, tankou Netty, pase nan simityè silans dirijan iresponsab yo.
Biwo kominikasyon Matris Liberasyon.

«Yon ML pou akouche yon lòt sosyete ki granmoun tèt li, k ap batay pou pwogrè.»

M A T R I S L I B E R A S Y O N

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *