
JOVENEL MOÏSE :
21 KOUT PONYA NAN DO PÈP AYISYEN!
«Yon ML pou akouche yon lòt sosyete ki granmoun tèt li, k ap batay pou pwogrè.»
KOMINIKE PIBLIK/LAPRÈS
JOVENEL MOISE: 21 KOUT PONYA NAN DO PÈP AYISYEN!
05/01/2021
“Platon sou mòn pa long!”
Pèp Ayisyen se yon pèp listwa, yon pèp ki lib nan jan li bati lavi l; Kidonk yon pèp ki fèt nan batay, kap kontinye batay pou l toujou rete granmoun tèt li nan diyite ak solidarite, nan chache wout pwogrè!
Li toujou bon pou n analize zak politik yo avèk rekil pou n byen sènnen wout dirijan yo vle pran sou lavi Pèp yo; epi konprann mòd rapò chèf yo ki nan Leta a tabli ant yo ak pèp la, ant yo ak enstitisyon peyi a. Pa gen okenn zak politik ki san konsekans sou fenomèn sosyal ak ekonomik yo; paske reyalite a se yon ansanm eleman ki marande youn ak lòt pou pwodui sans ak konsyans kay moun k ap viv yo oswa sibi yo!
Nan sans sa, nou deside analize ak nou 21 desizyon nou konsidere kòm 21 kout ponya prezidan Jovenel Moise bay pèp ayisyen an ak tout enstitisyon yo nan do, ki mennen Peyi a nan kafou tchakmatchak sa n ap viv jodia. Men li enpòtan pou n siyale 21 desizyon sa yo nou rele 21 kout ponya nan do oswa 21 fo pa majè a, pa sèlman 21 move zak ki eksprime movèz gouvènans rejim PHTK/Jovenel Moise la, men tou, se 21sa yo nou chwazi pou n kadre analiz nou an parapò ak liy politik ak ideyolojik nou!
1- Revokasyon direktè jeneral UCREF la
Nan koumansman manda Jovenel la, paske UCREF te sòti yon rapò ki enkilpe sitwayen Jovenel MOISE nan blanchiman lajan. Revokasyon jij Sonel JEAN-FRANÇOIS sa a senbolize jefò rejim PHTK pou anpeche lajistis granmoun tèt li pou l pa rive fè travay li kòmsadwa.
2- Avilisman sistèm jidisyè peyi a nan peyi Lafrans
An desanm 2017, devan plizyè santèn konpatriyòt ak gwo medya tankou TV5 monde, Jovenel Moise avili sistèm jidisyè peyi a, kote li deklare yo fè li nonmen 50 jij kòwonpi sou yon platfòm medya entènasyonal an Ewòp san l pa metrize okenn nosyon nan sa ki gen awè ak jewopolitik ak jewoestratejik, nan kad relasyon bilateral ant 2 Leta yo!
3- Depoze yon bidjè kriminèl nan palman
Gouvènman Jovenel Moise la depoze yon bidjè (2017-2018) nan palman, kote li bese tout tarif dwanye pou sipòte ekonomi grandon/gwo enpòtatè yo nan peyi a. Demach sa a ki te kontrè ak eslogan kandida Jovenel ki te di li ta pral mete manje nan asyèt epi mete lajan nan pòch pèp
«Yon ML pou akouche yon lòt sosyete ki granmoun tèt li, k ap batay pou pwogrè.»
ayisyen an, montre nou se te yon zak trayizon ki t ap monte kont mas defavorize yo. Tout sa, malgre vijilans 4 senatè pou bloke pwojè a, Jovenel te ensiste jouktan aprè li fin voye senatè yo jete, pou l te vin aplike bidjè sa a ki rann lavi vin pi di jouk jounen jodi a.
4- Mete yon karavàn soupoudray san bidjè, san lwa pou detounen fon piblik yo
Jovenel Moise mete kanpe yon “karavàn chanjman” soupoudray san bidjè, san lwa nan lide pou gagote ak fè detounman fon piblik yo! Zak sa montre Jovenel Moïse pa t gen okenn plan ak pwogram pou si l ta rive vin prezidan. Jovenel kase ponyèt bidjè a, epi l voye jete byen lwen yon gwo enstitisyon tankou ministè agrikilti, se jis pou l te favorize yon seri gwo kontra dèyè do lalwa sou pasasyon mache piblik la pou moun ki te envesti nan kanpay li yo ka fè gany pèsonèl yo kont enterè mas yo.
5- Vote nan OEA kont Venezyela
Jovenel Moïse, yon lòt fwa ankò, te rive krache sou memwa batay zansèt nou yo lè li te vote nan OEA kont VENEZUELA ki se zanmi istorik pèp ayisyen an nan sa yo rele libètebyennèt pou tout moun nan zòn nan, apre yon moman kote chèf revolisyon bolivaryèn nan, Hugo Chavez, te wè nesesite pou mete pèp ayisyen an nan yon gwo pwojè altènativ finansye mondyal (Petrocaribe) kont tout kout ponya enstitisyon finansye tradisyonèl peyi enperyalis loksidan yo abitye bay Leta ayisyen pou kenbe nou nan plis mizè ak depandans ekonomik!
6- Masak nan katye popilè yo
Plizyè masak nan katye popilè yo ki t ap rele chalbare kont lavichè epi mande reglemann kont sou 4,2 milya l fon petwokaribe a mafya yo gagote. Olye Jovenel te sezi lajistis pou l reponn revandikasyon pèp ayisyen an, epi pwofite ede lajistis la pou mete sou pye yon pwosè istorik kont vòlè yo, rejim PHTK chwazi wout represyon nan alimante gang ak zam lagè pou fè masak sou pèp Lasalin, Bèlè, Kafoufèy, Chemennèf, Ponwouj ak Site solèy… yon mannyè pou yo te pwoteje antouraj yo patikilyèman chèf rejim nan.
7- Kout maltaye nan zafè kit eskolè yo
Kote yo te revoke minis Bellevue nan Ministè Afè Sosyal ak Travay, san okenn arestasyon. Nap raple minis ki te enplike yo, Agenor nan tèt Ministè Levasyon Nasyonal ak Pwofesyonèl epi Bellevue nan Ministè Afè Sosyal ak Travay, li chwazi kenbe Agenor ki te nan move zafè nan dosye a ak Madan Prezidan an (Martine Moïse) pou l te lage minis Afè sosyal la pou l te ka fè
«Yon ML pou akouche yon lòt sosyete ki granmoun tèt li, k ap batay pou pwogrè.»
divèsyon; epi rekonpanse nan menm tan minis revoke sa nan yon plas nan diplomasi peyi a letranje.
8- Pèsekisyon sou moun ki pa dakò ak jan l ap mennen bak peyi a
Jovenel Moise mete kanpe yon machin represyon politik pou pèsekite tout moun nan tout kouch sosyal ki pa dakò jan lap mennen bak peyi a. Li atake militan politik yo, touye moun nan manifestasyon, lage militan nan mawon. Kenbe yon seri militan politik nan prizon epi atake kèk moun nan sektè prive a jouktan yo pran egzil paske yo pa dakò ak li.
9- Krache sou konstitisyon 1987 la
Jovenel monte pou kont pa l yon asanble konstityan san previzyon konstitisyonèl pou l voye jete byen lwen sakrifis popilè ki te fèt nan batay kont rejim bout di Duvalier yo. Se yon volonte Jovenel montre pou l sakrifye konstitisyon 1987 la jis sanble pou l te ka ranplase pwòp tèt li e menm rete avi.
10- Federe gang yo atravè CNDDR
Monte yon federasyon gang/milis ki rele “G9 an fanmi e alye” atravè CNDDR ki ta sipoze la pou fè dezameman ak reyentegrasyon. Poutan, lè n gade, se te yon gwo pwojè pouvwa Jovenel Moise la te genyen pou kolabore ak gang/milis yo pou te fè pèp ayisyen an pè nan fè kidnapin, vyòl, egzekisyon… elatriye;
11- Monte yon kò ame ki rele BSAP dèyè do konstitisyon an
Monte yon kò ame ki rele BSAP dèyè do konstitisyon an ki rekonèt 2 kò ame sèlman nan peyi a: Lapolis ak Lame Dayiti. Lè n founi je gade nou wè Jovenel se miltiplikasyon kò ame ilegal li t ap mete sou pye yon fason pou l te bay pwojè diktatoryal li a jarèt nan peyi a;
12- Nonmen yon direktè jeneral Lapolis san ratifikasyon sena a
Nonmen yon direktè jeneral Lapolis san ratifikasyon sena a pandan sena a te rete debou, te toujou la. Nou te vin dekouvri se te pou misye te ka divize kò Lapolis la plis yon mannyè pou l te manipile direktè a jan l vle pou l te vanse nan pwojè masak li yo;
13- Fè antre yon gwoup mèsenè nan peyi a pou vyole dwa grandètmajè Ayiti
«Yon ML pou akouche yon lòt sosyete ki granmoun tèt li, k ap batay pou pwogrè.»
Malgre komisè gouvèlman an fè entèvansyon l ansanm ak Chèf Lapolis la nan peryòd la, rejim PHTK te prefere voye minis jistis li antre nan DCPJ an gwo ponyèt pou te bare dosye a, se youn nan pi gwo zak trayizon/teworisdeta rejim sa poze.
14- Siyen yon kontra ak yon fim entènasyonal (Dermalog) nan do lakoudèkont
Siyen yon kontra ak yon fim entènasyonal (Dermalog) kote lakoudèkont ki se youn nan enstitisyon kontwòl peyi a e ki t ap fè travay li, te bay yon avi defavorab kont kontra sa a. Annaprè, prezidan an ki ta dwe moun k ap garanti bonjan fonksyonnman enstitisyon repiblik la, te fasilite, dèyè do lalwa, Madanm li jwenn tout kontra a nan fè Leta a tounen yon patrimwàn prive pou fè koripsyon.
15- Monte yon Konsèy Elektoral Pwovizwa/Pèsonèl
Monte yon Konsèy Elektoral Pwovizwa/ pèsonèl sètadi san konsiltasyon okenn sektè ki la pou sa. Li fè demagoji sa a dèyè do maman lwa peyi a pou l ka fè eleksyon bout mamit, bouyi vide.
16- Sòti yon dekrè pou kase ponyèt lakoudèkont
Sòti yon dekrè pou kase dwa rega Lakoudèkont sou enstitisyon piblik yo nan kad politik kòripsyon ak revanj li an. Jovenel Moïse, nan lògèy pèsonèl li, pwofite absans pouvwa lejislatif la pou kraze ti rezèv enstitisyonèl peyi a; akoz li pa padone kou a poutèt rapò lakoudèkont fè sou lajan petrokaribe a ki te montre aklè kijan rejim PHTK gagote yon lajan ki te ka mete peyi a sou ray pwogrè tout bon vre!
17- Pa fè eleksyon depi 5 an anndan peyi a
Jovenel Moise pa sispann vyole konstitisyon 1987 la, lè l pa janm fè okenn eleksyon pou renouvle pèsonèl politik la nan lide pou l rete sèl chèf nan tèt peyi a. Dayè li pa sispann repete “Apredye” li se sèl chèf nan peyi a.
18- Sòti yon dekrè pou mete yon enstitisyon siveye/rapòte ki rele ANI
Sòti yon dekrè pou mete yon enstitisyon siveye/rapòte ki gen ti non jwèt li ki se ANI. Li rive fè sa se pou l koupe tout dwa demokratik pèp ayisyen an nan kad pwojè baboukèt li genyen kont pèp ayisyen an ak tout fòs pwogresis yo!
19- Pibliye yon tweet pou deklare fen manda 2/3 (2 tyè) sena pou afime l kòm sèl chèf nan peyi a;
«Yon ML pou akouche yon lòt sosyete ki granmoun tèt li, k ap batay pou pwogrè.»
Pibliye yon tweet pou deklare fen manda 2/3 (2 tyè) sena pou afime l kòm sèl chèf nan peyi a; san l pa rive òganize eleksyon ki se yonn nan prewogativ konstitisyon an ba li. Sou baz lap respekte lwa elektoral 2015 lan pou gwoup senatè sa yo, poutan li vle chape anba menm dekrè sa ki rekonèt fen manda li pou 7 fevriye 2021 an.
20- Endiferans total Jovenel Moise sou asasina Batonye Dorval, Saint-Hilaire ak Sincère
Endiferans total Jovenel Moise sou demand lòd avoka entènasyonal yo pou aksepte yon komisyon entènasyonal endepandan pou ankete sou zak kòsasinay batonye lòd avoka pòtoprens lan mèt Monferrier Dorval. Nap raple tou prezidan rete bèbè sou yon latriye lòt zak kòsasinay ki fèt nan peyi a tankou: egzekisyon etidyan Grégory Saint-Hilaire nan espas inivèsite leta.
21- Fèmen konpayi asfalt nan peyi a pou alimante Sendomeng
Fèmen konpayi asfalt nan peyi a pou alimante Sendomeng san pèsonn pa janm wè kote asfalt sa yo pase. Sepandan, Jovenel t ap mache bat lestomak li pou fè konprann li ka pwodui asfalt.
Pou nou menm avangadis, 21 zak sa yo, se 21 kout ponya Jovenel ak tout rejim sanginè PHTK a bay pèp ayisyen an nan do. Malgre Pèp la te gentan nan lari depi 6 ak 7 jiyè 2018, kote li te sòti nan silans soufrans li pou rele bat chalbare dèyè rejim kriminèl sa nan lide pou peyi a Chita nan yon konferans nasyonal granmoun epi defini mòd lavi ak mòd Leta pou pwòp avni l, Jovenel Moïse pa t vle tande ni konprann.
Nan sans sa, nou menm nou rete atache ak tout revandikasyon mas yo jouk nou rive derasinen ekip bandi legal la anvan 7 fevriye 2021 k ap vini la pou peyi a reprann wout li tout bon vre!
Biwo Kominikasyon ML
Tel : +50944112672/40209052
matrisliberasyon33@gmail.com
«Yon ML pou akouche yon lòt sosyete ki granmoun tèt li, k ap batay pou pwogrè.»




