Malè avèti pa touye kokobe !

Massachusetts, USA, 09/18/2022 – Veye yo, denonse yo, bare yo!
Egzèsis konbinezon yo byen fò sou do mobilizasyon nou yo.
Peyi y’a tounen yon gwo bank Bòlèt kote tout moun ap jwe. Tout Moun ap pran chans yo. Genyen menm ki fè bri malatyong kouri.
Pifò lis, pifò koze k ap fann espas cybernetic la sou fòm ak dire tranzisyon
konpozisyon ak moun ki ladan l. Soti nan prezidan, pase nan Premye minis pou rive nan mini Tout sa yo se MALATYONG.
Se yon bann moun k ap fantasme. Yo kanpe doubout je yo byen kale. Epi yo reve se yo ki chèf nan tranzisyon an. Pifò ladan yo se yon bann madigra mal maske ki abitye fè moun grimas. Menm lè yo pa degize yo tèlman zakè yo tèlman dechèpiyè, yo tèlman matomann nou ta mèt di Ayiti soufri yon maladi Lasyans medikal poko dekouvri
si se ta vre nom sila yo ki tounen “fil d’araignée” sou twal la tèlman yo melanje, yo mare.
Tout leve kanpe sa yo. Tout dlo nan je sa yo.
Tout kadav sa yo pou ta débouché sou fantôme sa yo, sou manje ranje sa yo, enben pèp Ayisyen se kounye y’a nou ta pran nan Won. Se kounye y’a nou ta pral danse tout dans nou konnen yo. Paske zo pwason sa yo se pa detravè sèlman yo tap kwoke nan gòjèt nou. Yo t ap ba nou tout maladi. Fwa sa nou tout t ap mouri doubout.
Se pa Matisan, Kwadèboukè, Lasalin, ak Bèlè senpman ki t ap tounen simityè tou louvri.
Se vennsètmilsètsansenkant kilomèt kare (27.750) y’a ki tou simityè y’a. Ayiti tap tounen “Le musée des morts vivants”.
An n veye yo, an n rete mobilize, An n kontinye denonse tout ti aranjman opòtinis k ap fèt sou do mobilizasyon nou yo.
Pou n fini, sonje pawòl sa yo “ yon moun ki avèti, li vo pi piti 2 moun” (un homme averti en vaut deux)
Move tan nan move tan
Pou se sa yo y ap ofri nou.
Marcel P Mondesir





