Lili, ou ale kite nou vre?

Nou pa vle kwè sa!
2 jounen Omaj
2 jounen Chapo ba
2 jounen Onè Respè
Pèp fanmi ak zanmi
Lili òganize pou pèmèt
Pèp ayisyen nan tout divèsite l
Di Liliane Pierre-Paul
Lili pa nou an
Orevwa
Pou pèmèt li
Nan onè ak respè
Se yon siyal
Tout kategori sosyal
Tout nanm peyi a
A travè divès reprezantan yo
Voye bay tout sila yo
Ki kwè vwa sa etenn tout bon vre
Pou di yo
YO twonpe yo.
Douvan nasyon an
Douvan lemond antye
Ak menm tonalite ya
Menm gravite ya
Menm chagren an
ak mo diferan
Divès reprezantan sosyete ya
Di menm pawòl
Liliane Pierre-Paul/Lili
Se te vwa yo
Se te mikwo yo
Se te youn nan premye pòt pawòl yo
Liliane ak jounal 4trè a
Se te mozayik tout koulè sa
Se te lakansyèl sa
ki te deplotonnen
pandan 2 jou
pou fè konnen
Kò a travèse
Men depi genyen
Fanm ak TiFi y ap vyole
Dilapiladè ak dechepiyè kès ak lajan Leta
Eleksyon fo mamit, bouraj urnes
Conze
k ap fè konplo kont nasyon
k ap vann peyi ya
k ap sabote pwodiksyon nasyonal la
Nanm ak mikwo Lili
Ap toujou prezan.
Bravo pèp Ayisyen
Liliane Pierre-Paul/Lili
Te swe pou nou
Konsa li nòmal
Pou nou chanje kòsaj ak chemiz pou li.
Lili tanpri ou va di tout sa tankou: Richard Brisson, 3 Flè Lespwa Gonayiv yo(Makenson Michel, Daniel Israel, Jean-Robert Cius) , 139 Ti Peyizan Janrabèl yo, Konpè Filo, JanDo, Manno Chalmay, Me Dorval…
Se kounye a sitiyasyon an difisil
Ayiti di gen tranche
Pitit la nan pasaj toujou.
Revolisyon an poko kapab akouche.
Men……
Tonnè kraze n….
Jou a gen pou l rive.
Marcel Poinsard Mondésir





