LETA! LETA! LETA!

Jacmel, Haiti, 12/03/2022 – Leta en movèz eta, la soit-disant authorité de mon pays, ça vous dit quoi ?
Wi sa fè ekzakteman un an et six mois depi ke Leta nan movèz eta ki gen nan tèt pouvwa egzekitif lan PHTK-Ariel Henry retire Gran Sid la nan peyi a. Yo fè ak kite bandi Matisan koupe jete 4 Depatman plis la region des Palmes.
Wi sa fè egzateman 1 an 6 mwa. Mmwen te konn toujou ap tande moun ap di pa gen Leta. Ak pouvwa san pouvwa de kontwòl ke Doktè Ariel Henry ap dirije an, ou ka konprann wè, viv ak santi sa nan tout sans. Se yon Leta fachis, yon Leta reyaksyonè, yon Leta kriminèl, yon Leta anti-pèp ! *
Pou mounn ki toujou ap ouvè gagann yo ap di: Kite peyi yo mache, tande sa. Jodi an fè ekzateman 18 mwa depi ke bandi nan Matisan bloke wout nasyonal # 1 peyi a.
Kòm sekirite, vi mounn pa fè pati de priyorite ke pouvwa politik bandi legal ke Ariel Henry ap dirije an, donk: Mwens mounn mwens chen mwens pis…
Ajoute sou sa, sa fè lontan pa gen zafè kouran nan vil Jakmèl. Men, nan objektif pou rete pase plis tan sou pouvwa, Mondyal rive, gouvènman Ariel lan fòse EDH bay kouran nan vil lan sitou lè gen match Brezil e Ajantin.
Pandan ke n ap di pa gen Leta, pou kraponnen mounn, Ariel foure men l byen fon nan kès Trezò piblik pou l depanse milyon nan zafè achte aparèy TV pou voye nan katye popilè sou kesyon bandi pou pèp gad match koupdimond.
Kijan’w fè di pa gen Leta? Gen yon Leta an movèz eta ki la sèlman pou jere tan. Jere tan pou fè ki sa, nou pa konnen. Paske sa gen kèk jou depi ke peyi Dominikani ak pèp dominiken yo ap maltrete frè ak sè nou yo lòt bò fwontyè -ou ta di se 1937- men w pa tande otorite Pòtoprens yo di anyen.
Kòm pa gen Leta pou bay repons ak dominiken yo, Sosyete Sivil nan vil Wanament (frontalier) ansanb ak popilasyon an reyaji ak diyite, yo fèmen baryè komèsyal la… sa’k pase ? Gouvènman malatchong Ariel la voye delegasyon al ouvè baryè a.
Sa fè’m sonje anvan 1er jen 2022, Ariel te voye gwo delegasyon kanpe desizyon Depatman Sid ki ta pral manifeste kont Matisan. Ariel te voye kowonp mounn yo ak fo pwomès solisyon. Nan sans sa, èske ou wè gen Leta? Gen Leta pou yo. Men pa pou pèp lan.
Donk pèp Ayisyen, leve kanpe pou di aba Ariel ak tout lòt chef gang yo. Kèlkeswa kote yo ye. Nan biwo Leta ou nan katye popilè yo. Kale je nou. Frape pye nou atè. Voye Leta bandi legal sa ale.
Ayiti pa nan mondyal. Pa kite mounn fè n dodo nan zafè koup di mond. Peyi Brezil ak Ajantinn gen pwoblèm pa yo. Pwoblèm pa nou, pa pwoblèm pa yo. An’n degaje’n chèche Leta pa nou. Kreye Leta pa nou. Monte Leta pa nou. Ki se Leta pèp la ap mete sou pouvwa pou regle zafè pèp.
Serge Pierre-Louis
(spl)
Photo: Lapresse





