Lèt tou ouvè ak Polis Nasyonal Dayiti 

Lèt tou ouvè ak Polis Nasyonal Dayiti 
 
Esau Jean-Baptiste

Misyon nou se pwoteje ak sèvi. Men, si nou pa k ab pwoteje ak sèvi kominote nou, ak peyi nou, alewè tèt nou, donk nou ap echwe nan misyon nou

Fòs Polis sivil sa te kreye aprè prezidan Aristide te retounen nan peyi an 1994. Li te kreye pou l te k ab ede nan zafè demokrasi nan peyi an.

Pou fòs Polis sa te rive pran nesans, te gen anpil jenn gason ak jenn fanm ki te fè anpil sakrifis nan zafè etid inivèsitè yo pou yo te k ab rejwoinn enstitisyon an.

Se te menm bagay lan tou pou yon pakèt jenn gason ak jenn fanm nan dyaspowa an. Yo te kite fanmi yo, travay yo ak anpil lòt avantaj pou yo te vinn sèvi yon koz ki te nòb.

Yo te kwè nan yon rèv. E lè ou kwè, pa gen sakrifis ke w p ap fè.

Depi nan deplwaman fòs sa, jenn ofisye polis yo te fè fas ak anpil difikilte. Nan yon lèt tou kout konsa, nou p ap rantre nan tou ti detay de pwoblèm ke ajan polisye yo te rankontre nan kòmansman.

Men, an gwo, an nou di tankou anpil lòt enstitisyon nan peyi an, enfliyans lidè politik ak enjerans kominote entènasyonal lan se yon nan gwo andikap developman fòs Polis lan. Se ki fè an depi de efò ke anpil polisye ap fè chak jou, peyi an pa gen sekirite. Polisye yo pa rive sèvi ak pwoteje jan ke yo ta dwe fè sa. E menm tèt yo ak fanmi yo ajan polis yo pa rive k ab pwoteje.

Se tout tan ke nou ap pale ak ekri sou pwoteksyon ajan Polis yo. Se pa paske gen kèk move grenn polisye nan fòs lan pou n pa di ak konprann ke gen anpil efò ke mesye dam yo ap eseye fè chak jou pou ede nan zafè sekrite.

Men rezon lèt sa jodi an, se pou nou fè yon ti pale ak ajan Polis ki nan enstitisyon sa. Se vre politisyen eksplwate fòs lan pou regle zafè pèsonèl yo.  Se vre ke polisye yo pa gen materyèl pou yo travay.  Se vre ke yo pa byen touche. Se vre ke non sèlman anpil nan Komisarya ak Sou Komisarya yo pa byen ekipe, men yo sal tou.  Ajoute ak tout sa yo, nan zafè ensekirite, gen bandi yo ke polisye yo ap fè fas ak yo chak jou. Anpil fwa, bandi yo konn nan mitan yo. Yo konn an sivil men jan yo konn ak inifòm tou. Nou konnen tout bagay sa yo. Nou abitwe denonse yo. E nou ap kontinye denonse yo. Men, an nou pa pèdi twòp tan. Byen rapid, an nou fè yon ti pale de posibilite entèvansyon militè ki k ab fè t nan peyi an nan jou ak semèn ki ap vini yo.

An 1994, lè blan yo te rantre nan peyi an, mwen te wè ke yo te ap mete pye yo sou kou polisye nan Pòtoprens. Yo te touye tou anpil sòlda nan Kazèn militè nan Okap.

Lè mounn sa yo rantre yon kote, se imilye yo vinn imilye pèp nan peyi an. Yo destabilize enstitisyon, yo vòlè, yo vyole ak touye tou. Sa pa gen lontan ke pèp ayisyen tap viv ak fè eksperyans sa ak MINUSTAH nan ane 2000 yo.

Donk polisye ak polisye peyi Dayiti, pitit pòv ak pitit peyizan, mwen te pwofite ekri nou ti lèt byen sa pou m raple nou menm jan ak tout lòt ayisyen ki nan peyi an de sa ki ap rive sou nou trè byento.

Politiisyen yo gentan fè demand lan. Men, èske nou te k ab akonpaye pèp lan pou evite sa fè rive fèt, se nou ki konnen kòman nou kab fè sa.  Se vre ke nou gen lontan ke nou ap pran gòl ak men. Men, jwèt lan poko fini. Gen anpil bagay ki kab fèt pou nou jwoin egalizasyon e menm rive pase devan ekip advès lan.

Ke espri zansèt ki te akonpaye ewo nou yo nan batay endepandans lan an 1803 ak 1804 akonpaye nou jodi an nan tout konba ke nou ap gen pou n fè pou n sove peyi sa.

Esau Jean Baptiste

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *