Lèt tou louvri sitwayen Morisseau Lazarre pou Kim Yves, responsab journal Haïti Liberté nan Nouyòk

Lèt tou louvri pou Kim Yves, responsab journal Haïti Liberté nan Nouyòk
Morisseau Lazarre

Sa gen plis ke yon lane, alòske m t ap kondwi e mwen t ap tande-w nan yon entèvyou ou t ap bay yon estasyon radyo meriken (malerezman mwen pa sonje non radyo a), kote ou t ap voyemonte e prezante ansyen fo prezidan fachis, asasen, kriminèl, vòlè, kowonpi, tchoul enperyalis la, Jovenel Moïse, apre yo te fin asasinen-l, kòm yon anti enperyalis, yon ewo, jis paske l t al chache gen rapò ak peyi Larisi e Tiki. Franchman, jou sa a, mwen pa t ka kwè zòrèy mwen. Men kote m pral sezi e vekse nèt, se lè kèk jou apre mwen t ap tande-w nan emisyon Democracy Now, ki t ap pale de sitiyasyon sosyo-politik la nan peyi d Ayiti, e ki t ap kanpe yon deklase, yon ajan enperyalis la, yon asasen enpitwayab, yon chèf gang kriminèl tankou Jimmy Chérizier, alyas Babekyou, kòm yon «revolisyonè» e asosyasyon gang kriminèl G-9 Fanmiy e Alye l ap dirije a, kòm yon organizasyon «revolisyonè»!

E, apa oumenm ak jounal Haïti Liberté k ap fè travay sal sa a, ou gen lòt asosye-w tankou jounalis Dan Cohen k ap ede-w nan travay malonèt ou a nan fè pelerinay nan plizyè cho (show) tankou Redacted ki sou YouTube, ki gen pou majò jon jounalis Clayton Morris ki te prezantatè pandan plizyè ane nan Fox News. Nan cho sa a, Dan Cohen kalifye chèf kriminèl Jimmy Chérizier, alyas Babekyou, kòm «chèf opozisyon» an (the opposition leader). Misye te di tou kantite moun nan popilasyon an nan tout peyi a ki t ap manifeste e fè grèv yo, «se moun oligak yo peye» pou fè sa. E yon lòt fwa ankò, mwen pa t ka kwè zòrèy mwen, paske se menm diskou sa a lènmi peyi a genyen e simaye bay opinyon entènasyonal la yon fason pou yo ka jistifye sipò yo pou tchoul yo, Aryèl Anri; e se menm diskou sa yon pati nan près lokal la (ann Ayiti), ki se pòtvwa lènmi peyi a e ki se nich on pakèt machann mikwo kowonpi jouk nan zo genyen tou, pou minimize lit lavi-ou-lanmò pèp ayisyen an ap mennen pou wete jenou enperyalis la ak tout chen-l yo sou kou Ayiti.
Kim, dezòd sa, pou m pa di travay sispèk sa, oumenm ak disip ou yo ap fè a, eksplike aklè nou pa lòt bagay ke ajan enperyalis la menmjan ak Babekyou. E jounal Haïti Liberté tounen pòtvwa G-9 Fanmiy e Alye, ki se enstriman enperyalis la mete sou pye nan peyi a pou teworize popilasyon an nan tout sans e pou anpeche mas yo òganize yo kòmsadwa, edike tèt yo ideyolojikman e levekanpe sou direksyon yon lidèchip veritabman revolisyonè pou libere peyi a k ap rakle anba grif nouvo kolon yo.
Wi Kim, pèp ayisyen an soufri nan tout kò-l, pou m pa di nan tout zantray li, kantite krim tankou plizyè masak, disparisyon, ensandi, dechèpiyay/vòl, kidnapin, vyòl, Jimmy «Babekyou» Chérizier ak gang kriminèl G-9 li a komèt nan peyi a e, kiryezman, sou mas popilè yo nan katye popilè yo! Se pa ti rigòl san Babekyou ak mèt li fè koule ni 2 fwa, ni 3 fwa nan peyi a non! Se pa 2 fanmiy Babekyo ak mèt li lage nan lari nan peyi a non! Se pa 2 jèn Babekyou ak mèt li depatcha rèv yo non! Se pa 2 òfelen Babekyou ak mèt li ponn nan peyi a non! Se pa 2 timoun Babekyou ak mèt li lage nan bouzendri nan peyi a non! E pèp ayisyen konnen krim sa yo komèt ak benediksyon nouvo kolon yo ak tout esklav dosil yo mete sou pouvwa a, pou pwoteje enterè kolonyal/kolonyalis yo. Dayè, èske madanm Helen La Lime ki se reprezantan an chèf nouvo kolon yo nan peyi a pa t vomi verite a toutantye sou tribin Nasyonzini sou «itilite» ak «byenfè» federasyon gang ann Ayiti? Alòs…?
Kim, «gwo revolisyonè», «gwo teyorisyen» papa, si chèf gang kriminèl ou a ak tout òganizasyon kriminèl G-9 ou a se «revolisyon» y ap fè, poukisa se mas pèp la yo vize depi sou Mateli jouk rive sou Aryèl Anri? Poukisa se mas pèp la ak òganizasyon k ap charye revandikasyon mas pèp la yo pwouve ki veritab lènmi yo? Poukisa se 2 grenn moun nan peyi a sèlman yo toujou idantifye e atake enterè yo paske yo se oligak? Se oumenm ki fè «revolisyonè» enstriman enperyalis ou yo repete menm leson Jovnèl Moyiz la?
Kim, se bagay ou konnen byen: depi nan mitan ane 1950 yo rive jouk jounen jodi a, se pratik gouvènman peyi-w, Etazini, lè li pa vle fè entèvansyon militè dirèk nan yon peyi ki gen dirijan nasyonalis ki refize fè tchoul li, lanbe bòt mayas li, e k ap travay pou bonè peyi-l ak konsitwayen-l yo, enben gouvènman peyi-w la sèvi ak gwoup deprave ak endividi deklase, antisosyal nan peyi sa a, li fòme yo, ame yo e mete bonèt «revolisyonè» sou tèt yo pou simen deblozay jiskaske li fini ak dirijan nasyonalis sa yo e pran kontwòl peyi a. E gouvènman peyi-w la fè menm travay la tou lè yo vle kore yon gouvènman rèstavèk yo mete anplas nan peyi sa a pou defann enterè kolonyal/enperyalis yo. Gouvènman peyi-w la itilize taktik sa a nan plizyè peyi ewopeyen, azyatik e sitou ameriken li konsidere kòm dèyè kay li. E se ekzakteman sa pèp ayisyen ap viv depi 1915 rive jouk jounen jodi a.
Kim, Babekyou, chèf revolisyonè-w la ak mouvman revolisyonè G-9 ou a komèt plis krim ke makout yo sou Papa Dòk ak Janklod Divalye, atache yo sou Anri Nanfi e FRAPH sou Sedras wi! Poutan se sa a oumenm ak disip ou yo chwazi pou «libere» Ayiti? Vèkèlè? Men nou ranse ak peyi a papa! Kifè laa, pandan enperyalis la ap sèvi ak gang yo nan peyi a pou l regle zafè ejemoni li, fè dappiyanp sou resous peyi a e kontinye imilye pèp ayisyen, oumenm ak disip ou yo ap sèvi ak menm gang sa yo  kòm òganizasyon «revolisyonè»? Kim, se pa ti kolizyon ki gen la non! Kim, oumenm ak disip ou yo, tout bounda trèt nou deyò wi! Kim, genlè sa fè kèk tan w ap danse kalinda, voye chika nan bann zobop CIA papa? Poudi kèk nan disip ou yo pa resevwa inisyasyon pa yo tou nan òganizasyon malfektè sa?
Kim, Pou jan w tcheke ak gouvènman lagòch, òganizasyon ak pèsonalite pwogresis pou sipòte jounal Haïti Liberté! Enben, pou kòz «revolisyonè-w» la menm, se pa pale? Genlè se pa de lajan ou ta ranmase nan men menm antite sa yo pou w fè revolisyon antregiymè-w la pou «libere» pèp ayisyen, ak chèf gang ou an kòm majò jon? Se sa k fè chèf «revolisyonè» kriminèl ou a deklare plizyè fwa nan mikwo jounalis etranje «se «konpatriyòt» nan dyaspora a ki voye sipò ekonomik e materyèl» ba li a? Antouka, Kim, pèp ayisyen kenbe oumenm ak tout disip ou yo «la main dans le sac et le sac à la main»!
Kim, pèp ayisyen entelijan ase e li konnen sa l vle e sa ki bon pou li. Se pa ajan tankou oumenm ak asosye-w k ap vin fè-l pran kakapoul pou jònze, yon madigra kriminèl mal maske pou liberatè, e yon asosyasyon kriminèl tankou G-9 pou yon mouvman revolisyonè. Non Kim. Pèp ayisyen konnen Jimmy Cherizier, alyas Babekyou, se yon esklav domestik kriminèl opresè nou yo ap sèvi ak li pou detwi pwòp zantrany li! E pa gen okenn sosyològ demagòg, okenn fo maksis-lelinis, okenn fo kastris, okenn fo maois, okenn fo gevaris, ankò mwens, okenn chen enstwi enperyalis la k ap fè lakilbit gochis, detiray gochis, jimnastik gochis, pale an lang kominis-sosyalis-pwogresis ki ka fè nou kwè lekontrè. Paske aksyon kriminèl Babekyou ak tout G-9 Fanmiy e Alye kriminèl l ap dirije a pale pi fò pase tout diskou revolisyonè antregiymè chèf revolisyonè antregiymè a ak tout mèt li e antrenè li deja vomi e kontinye ap vomi!
Kim, ou konnen byen pèp ayisyen s’on gran pèp an majiskil. Li konnen ki kalite lidè li vle e li pwouve sa deja. E, an pasan, pa bliye: se pa pèp ayisyen an ki te chwazi ni fatra Mateli ni fatra Moyiz ni fatra Anri. Pèp ayisyen paka fouti chwazi on chèf gang kriminèl, on deklase sosyal, on esklav mantal, ajan lènmi pwòp peyi-l, pou lidè-l. Jamè, Kim!
Epitou Kim, ou konnen pwovèb sa a: Charité bien ordonnée commence par soi-même (Charity begins at home). Kidonk, si w pa yon inisye nan bann zobot CIA vre, kòm peyi-w Etazini chaje gang, mache toupatou Ozetazini al chache yo, òganize yo, menmjan rasis Helen La Lime fè-l ann Ayiti, e ede yo fè revolisyon pou chanje sistèm pouri inegal la, imoral la, amoral la, antimoun lan, rasis la, elt. Alòs, w ap yon ewo pou pwòp peyi-w, pwòp pèp ou, e pou limanite alawonnbadè tou! Kanta pou pèp ayisyen, pa fatige-w Kim, l ap jwenn vrè ewo li bezwen an pou kondwi-l sou chimen delivrans lan e pou ede-l pete chenn nouvo kolon yo e ajan kolon tankou-w yo mete nan pye-l depi dikdantan an! E ewo sa a ap soti nan pwòp zantray li!
VADE RETRO, SATANA!!!
Mwen salye-w ak revòlt nan kè-m,
Morisseau Lazarre
Photo: The Intercept

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *