Lekol?

Massachussetts, USA, 11/07/2022 – Kisa ki chanje nan anviwonman jeneral la yon mwa apre dat ofisyèl ouvèti lekòl nan peyi dAyiti?
Manman ak papa pitit repons lan nan men nou. Sèl sa pou nou konnen, zafè sekirite pitit nou se nan men nou menm paran li ye. Pèsonn lòt, sitou nan yon peyi Leta reponn « aux abonnés absents ».
Èske n ap evolye nan yon sosyete « masochiste » nan peyi DAyiti?
Èske manman ak papa pitit yo dakò livre elèv yo « dans la bouche du lion », lè yo ta deside voye yo lekòl lendi 7 novanm 2022 y’a?
Paran ki konn doulè, paran k ap fè sakrifis pou garanti yon demen miyò « pour leurs progénitures » repons lan nan men nou. E se nou menm sèlman ki kapab evalye nivo risk yo lè nou mete inifòm ak yon valiz liv nan men yo pou pran chemen lekòl.
Rèv tout paran se wè pitit yo trase yon chemen nan lavi l sou baz fòmasyon li resevwa.
Kiyès moun k ap panse yon lòt fason?
Menm rèv sa tou, blije paran yo asire yo kondisyon aprantisaj yo pa ni kreye ni kite okenn twoub ak séquelles pou timoun yo lè y ap evolye.
Èske Ayisyen poko fin konprann ou pran konsyans nan ki katyouboumbe, nan ki « labyrinthe », nan ki labou santi n ap benyen kounye y’a?
Lekòl
Wi
Lekòl tout bon
Wi
Èske yon paran kapab mete yon timoun nan machin soti Delma pou l ale lekòl Pòtoprens?
Menm jan tou kouman yon elèv ap travèse Matisan pou rive Pòtay Leyogann?
Nan moman n ap pale la ki moun ki konnen pri kamyonèt nan divès sikwi yo?
Konbe kòb kous taxi yo?
Yon lòt kote, sou plan ekonomik , pou kounye y’a anpil antrepriz, anpil faktori ou byen yo fèmen pòt yo, yo voye tout moun lakay yo, Sansenkòb, ou byen yo divize salè yo an 2.
Nou tout nou genyen bòdwo nan men nou. Nan yon sitiyasyon jemisman ekonomik parèy, sosyete y’a ta dwe foure je gade « qu’en est-il de l’offre publique de l’éducation dans un pays où plus de 80% de la population vit dans un chômage chronique et où tous les indicateurs macro-économiques sont au rouge vif ».
Si nou byen konprann se nan moman sa kote Leta absan, lekòl piblik yo(fondamantal ak lise) yo sou lagraba nèt. Okenn reparasyon, zewo konstriksyon, materyèl eskolè degrade. Anviwonman lekòl piblik yo nan zòn « non droit » yo pa ofri okenn kad, pa bay okenn anvi pou aprantisaj. Un élève placé dans cet environnement tel Site Solèy, Lasalin c’est comme le placer dans une prison et pas n’importe laquelle. Car certaines prisons sont conçues pour faciliter la réhabilitation du prévenu et sa réintégration dans la société.
Epi toujou, anpil nan nou menm sanble bliye zòn Metwopolitèn nan genyen yon lòt dekoupaj.
Èske nou konnen Vitelom achte tout zòn Pernier, Tabarre, Fon Delmas rive Kwadèboukè lajan kontan? Se bandi Vitelom yo ki dikte lwa yo nan tout zòn sa yo.
Èske nou konnen apremidi 3 novanm nan yo tire sou yon tibis Kafou nan zòn Matisan? Genyen anpil blese, sèten ladan yo lavi yo an danje. Izo, Tilapli ak lòt yo poko deside bay pasaj libelibè nan tèritwa yo.
Èske nou konnen 4 kwen Pòtoprens se fatra ki moute disèt wotè? Mouch, rat ak tout lòt mikwòb pa bay moun chans ditou?
Nou poko konprann si Ti Makak ak bann li yo fè DGI fè papye pou yo, INARA apante pou yo tout zòn Laboule pou rive anwo nèt?
Menm lè PNH pete plomb sou kèk Nèg Canaan yo pa depoze zam yo pou sa. Operasyon ransone, vole, vyole y’a ap kontinye pandan Izo monte drapo l Lafito.
Yon Manman ak yon papa ki responsab kouman ou pral abiye pitit ou lendi 7 novanm 2022 y’a pou voye l lekòl.
Lekòl
Wi
Lekòl tout bon
Wi pi rèd
Faire semblant
Non
Démagogie
Non
Batay la se yon batay pou wete tout rad sal ki kouvri peyi y’a e ki anpeche Lekòl la, youn nan Premye Byen Kolektif la fonksyone kòmsadwa.
Jenès la se demen peyi y’a.
Jenès la se lespwa peyi y’a. Men se pa nan kondisyon sa yo n ap reyisi fòme epi pwodui Fanm ak Gason pou mennen nou nan lòt Ayiti y’a. Yon Ayiti kote se lekòl ki fondasyon/baz la, se lekòl ki louvri pòt pou tout moun.
Yon gouvènman soud;
Yon gouvènman avèg;
Yon gouvènman bèbè;
Kisa nou espere nan men ?
Sèl sa li konnen se rete sou pouvwa « envers et contre tous ».
Ariel Henry, rete sou pouvwa pou fè kisa souple?
Paran yo repons lan nan men nou.
Se trip nou k ap koupe apre tablo sonb sa sou koze sekirite peyi y’a ki rete yon gwo baryè devan pòt lekòl yo. Nou konsyan chak jou ki pase pòt lekòl yo rete fèmen se wete n ap wete sou posiblite pou rann lòt Ayiti y’a posib. E tout aktè k ap alimante chaos konn sa. Se yon lòt fason pou yo fasilite repwodiksyon. Konsa, n ap fout di yo MADICHON PI RÈD POU YO.
Marcel Poinsard Mondésir





