Lanmò René Péan nan Okap, 16 Fevriye 1965, yon trajedi!

Lanmò René Péan nan Okap, 16 Fevriye 1965, yon trajedi!

Wilfrid Suprena
Boukan News, 03/03/2025 – Nan sousi pou adisyone, ogmante, konplete pou fè plis Limyè a pati konvèsasyon ake Tenwen ki te viv evènman yo , ki te konnen aktèr pwensipal  n ap eseye pote plis limyèr nan tèks mesye Wilner Nau  ki te pibliye de semèn de sa. Okazyon 60 èm anivèsèr ansasinay politik sa. Gran lajounen . Nan kanpay entimidasyon Jeneral François Duvalier ake makout li yo te Lanse depi 1961 pou  te  foure e  Konsolide program gouvènman a vi li nan gòjèt Pèp Aysyen…
Istwa se Rechèch. Plis rechèch . Plis piblikasyon rechèch yo ap mennen nou pi pwe verite a . Moun k ap chache verite a chwazi..
Mwen li tèks a mesye Wilner Nau a. Mwen renmen apwóch msye a.. Li rakonte evènman an  jan y te dewoule a.  Men , rechèch li yo pa ake pi lwen ke sa . Li repwodwi inikman Vèsyon ofisyèl  gouvènman Duvalier a.
La jistis  Okap  pa lentènedyèr jij enstriksyon Jose Rodrigue te deplase ale Milo , entèwoje temwen okiler te fè travay li . E te rekonèt Inosans René Péan. Sepandan gouvènman an  li menm pat Genyen okenn  enterè pou verite a sòti..
Apwòch Mesye Nau a gen yon ti jan Depaman ake teyori istwa ke Mark Bloch te vle enplemante ki rele “ istwa total “ la..
Sa vle di kisa?
Sa vle di yon evènman istorik pa janm vini pou kont èy .. Gen yon ansanm eleman ki akonpaye evènman an ki ta sipoze  e merite apwofondi ..
Evènman an li ta dwe prezante nan tout aspè li.. E apwe ekspoze evènman an Fòk nou ta gade konsekans yo.. Ki sak rive annapwe ?
Se konpleman sa yo nou ta renmen pote nan tèks Wilner Nau a  pandan ke  n ap itilize lòt sous ( temwen ki te la) paran, ansyen prizonye politik ki te viv evènman , vwazen, Reprezantan nan baz leta.
Pèsonèlman, Lanmó Péan te afèkte m anpil kòm ti moun nan katye a. Mwen ta pway Gen 8 lane lè sa .. Mwen te abite nan ri 14/15 J.. René Péan te nan ri 13/14 k nan yon gwo kay balkon Blan.  Pa twò lwen kay kote Demesvar Delorme te abite ( Ri 14/15 K ) Ri K oubyen Ri Saint Louis…( epòk kolonyal).
René  Péan  te Gen biznis sèkèy e se te yon “ Usurier” , li te konn bèy kout ponya. Anpil gwo chèf ni nan lame ni pami VSN yo te konn prete lajan nan men y.. Gwo lajan.
Sepandan kliyan Pean yo pat andedan Vil la. Se lòt bò pon ake lòt bò Baryèr … Chif Afèr Pean te pi wo pase lòt pwopriyetèr e rèsponsab morgue e moun k ap vann sèkèy nan mitan Vil la. Jalouzi.
Anplis  de biznis sa yo , Péan te konn  chita  nan yon ti boutik kote li t ap vann “sucreries” , sik mant, mariitimas, Dous lèt, pistach… ekstera…
Lè m konn sòti kote grann Mwen nan Mache Cluny, mwen te toujou fè yon arè nan ti boutik Pean pou m achete Piwouli.. E li te konn ap kouri dèyè m pou di “ Ti Gason , Ou manje twòp sik, Ou pway pèdi tout dan ou..
Kidonk,
Lè yo anonse nan katye ke yo arete Péan kóm lougawou , li touye yon Tonton Makout e li manje tèt èy.. Tout Granmoun nan zòn lan se te de men nan tèt…..
Sè trouve ke Tonton makout yo te akize  Péan li touye a te rele Janvye e se te yon anplwaye
Péan li menm ki t ap ranmase lajan sèkèy ki vann nan tout kanton yo pou patron li.
Èske Péan te avwe oubyen li te rekonèt ke li te komèt zak yo te repwoche y la?  Repons lan kategorik . Se non.. Nan pwen okenn kote nan Achiv ni nan prizon sivil Okap ni nan Tribinal ki konsiyen koze sila. Tout sa  ki di se pwopagann gwo chèf Okap yo pou te kouvri krim sa..
Sa yo pa te janm di ; Te genyen yon antesedan ant Jean Valbrun  ake Rene Pean ki te  fanbwe anpil Okap.  Te genyen yon echanj asid ant de mesye yo  pandan ke yo t ap pataje yon menm “ kwis” san yonn  pat konnen  ke lòt la te la tou. Pèan an gran flannèr ki Gen mwayen te achte yon machin   Epi tap montre dam lan kondwi  sou boulva Okap la .  Aksidan.    Machin lan tonbe nan lanmèr a Epi dam lan mouri… Nou an 1963.
Lajistis Okap pat aji kont Pean. Epi Bri kòmanse kouri. Pean   Bêy dam lan pou grandi bizniss li..
Koz asasina   Péan an sòti  nan reta yon gwo lajan ke  Janvye ki te tou chèf Tonton makout nan zòn Duvigneau ( Milot) li t ale chache nan  men  y …   E Janvier te  bèy randevou vin pwan nan yon dat presi ..
OJoudi, Pean kite kay li nan maten. Sou wout la li fè yon pase wè yon “ lady “  epi dòmi pote y.. ale..Olye de dezèr  nan apwemidi, se lè labwindiswa fin tonbe li rive finalman te rive Lakay Janvier.
Tout Fwape li Fwape , rele Nan lakou , Janvyer pat janm prezante…  Rene deside retounen e se nan demen bri kòmanse ap kouri nan bouk la , yo asasinen chèf la e se machin Pean yo te wè devan lakay li bò sizèr di swa…
Yo trouve kòr èy. Tèt la te disparèt.. Repitasyon Lougawou  a te deja sou Péan. Rès la nou ka imajine y.
Gwo chèf ki te dwe Péan gwo kòb e ki pat t ap chache remèt. Jalouzi pou fanm.  Men tout sa ki t ap bouyi nan mamit la… Si nou vin ajoute gwo chèf ki di y ap fè demach bò kote Prezidan. Lòt lajan ki bèy e ki pwan. Plizyè kay Péan ki ale nan pla n ( Hypothèque).. … .. Se te yon veritab trajedi pou Fanmiy lan
Pou listwa e pou la verite, Jean Valbrun “ senkantsetar” ki te Komisèr gouvènman , depite e pi Prefè annapwe pat monte Pòtoprens èy rankontre Duvalier. Non . Se yon telegram li te voye pou “ encenser pouvwa “ a e “ clouer Péan au pilori… “.
Malerezman, nou poko ka trouve “ telegram “ sa. Men li ekziste..
Péan ki te yon “ Franc Maçon” te toujou konfyan li pway lage. Paske madanm li te fè tout demach e yo te  bè y èspwa e gwo èspwa menm..
Epi se lè Péan rive sou Chanlmas la li wè kantite moun ki te deja la ap tann li. Li etone… Se lè sa kòm Fwan Mason  li te mete Twa dŵet li (endèks li, dwèt jouda a, ake dwèt pote bag la ) tèt anba andeyò pantalon nwa ki te sou li…a.
Se la tou dezan anvan ( 1963) , pouvwa Duvalier a te fè ekzekite dezan anvan de fonksyonèr leta, Yon Majistra ake yon chèf Sèksyon ki te enplike nan lanmò a yon Pè Katolik nan komin Caracol tou pwe Vil Otwoudinò.
Se konsa pouvwa Divalyeris la te eliminen yon inosan , yon “ homme d’affaires “ nan Vil la. Sou pretèks li te Lougawou. Sou pretèks Li te touye yon chèf makout …
Sa pouvwa a pat janm di..
Yon lane apwe ( 1966) yo te arete nan yon lòt kote ki pat twò Lwen Duvigneau de jenn gason ki t ap mache vòlò Epi touye notab  nan tout zòn lan..
De vòlò sa yo te avwe nan Gran Prizon san yo pa t ap tòtire yo kote yo te antere tèt a  chèf milisyen an… Lè yo t ale detere y. Yo te trouve rès bout tèt a  milisyen an yo di Péan te touye a.
Mal la te deja fèt..
Madanm msye, pitit li yo te viktim tou. Gen yon pitit li ki te Gen tan ap viv Ozetazini e ki te retounen vin vanje papa y.. Li te pwan zam èy tire sou Palè Nasyonal anvan Afèr Kolonèl Caillard la. Li te mouri zam alamen devan Palè Nasyonal an 1970…
Sources orales:
Ansyen prizonye Politik : Jean Bernardin, Maurice Lindor, Pastèr Dumas, moun Pignon yo te arete pou kominis e ke yo te tòtire anpil…. ( toule twa ansyen prizonye sa yo te admèt fè sa yo nan konvèsasyon separe).
Rès lis prizonye ki te nan prizon sivil nan ri 21..
Konvèsasyon ake Saintilmon ansyen manm rechèch kriminèl Okap…epi Sèjan Cesar ki te nan rechèch kriminèl ki te vin Adjudant nan lame.
Nikolas Manigat ( Nèg Anbaravin) ki te genyen gwo akwentans ake Tonton makout Okap yo…
Philome Lamour , vwazen Péan e fonksyonèr Divalyeris..
Rechèch yo ap kontinye pou blayi tout la verite sou “ Asasina” René Péan an    Nan dat ki te 16 Fevriye 1965 , yon semèn apwe  Tonton makout Adherbal Lhérisson te touye Tony Piquion e te blese   Durier Cadet nan  yon bal k naval nan Rumba Night Club, Carrénage, Vil Okap…
Wilfrid Supréna

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *