Lajistis, yon Fanm ki dwe genyen tou 2 je l bande tout bon.

Boukan News, 11/28/2023 – Genyen yon seri analiz ki ban mwen tèt fè mal lè m ap li yo. Sitou yon seri analiz ki ta vle fè konprann travay ULCC yo, manda Jij enstriksyon k ap travay sou krim san parèy ki Fèt sou Jovenel Moïse la mete dèyè sèten moun yo ta sanble ak pèsekisyon politik. Yo ta sanble se « nuages de fumée ». Se yon seri etikèt sèten swadizan entèlektyèl, plimeyank ap itilize pou lage latwoublay nan lespri popilasyon.
Poukisa?
Paske nan kondisyon sa se peyi y’a tankou yon “ nébuleuse”, yon “entité fictive” ki rive dekonstonbre pou kont li e non fanm ak gason malodoran, malonèt, kriminèl, vólè ki wete tout trip li. Dayè, anpil fwa, anpil nan malodoran sa yo, kanpe sou plas piblik pou esplike ak ki raj yo deplimen peyi y’a.
Fòk nou pa eseye twouble sèten lespri wòwòt, Fòk nou pa chache okenn “circonstances atténuantes” pou malfektè santidou ki mete yon peyi, yon pèp atè plat.
Se plizyè jenerasyon bandi ak kravat yo detounen, touye lespwa.
Gade mwen genyen lanmò yon moun ki te reprezante anpil pou mwen nan lavi m, li mouri se nan kanpe lwen mwen asiste lantèman l.
N ap mande obsèvatè “éclairé, avisé ki li nan ti lèt fen, tanpri, tanpri pa fè sa. Si
chak moun ou byen firme enstans jidisyè yo mande pou vin devan yo plimeyank ap ekri koze pou fè pèp wè, fè pèp konprann « ils sont présumés innocents », se le pèp li menm ki toujou « le principal coupable ».
Nan kondisyon sa yo pap janm genyen koupab ni pou krim finansye(dechèpiye la Repiblik) ni pou krim san ( pil ak pakèt masak, kidnaping, bay bandi ak sapat zam, balkanisé peyi y’a..,), ni pou wot trayizon(yo fout mete yo osèvis oligak ak blan yo/kominote entènasyonal la pou yo TÓTÒT peyi y’a ak tout moun k ap viv ladan l. Sèten nan Trèt sa yo/Conzé sa yo pa jennen pou louvri gagann yo pou esplike kouman yo sèvi blan, kouman yo konplote kont peyi y’a, kont pèp la. « Se 25 an m fè ap sèvi blan wi. »
Non mil fwa non jefò ULCC kòmanse fè nan prezante dosye kont atoufè yo entèlektyèl osèvis yo, jounalis pakoti yo/machann mikwo yo
k ap pran pòz se pi gwo analis politik yo ye, pi gwo espesyalis nan dwa penal ak dwa komèsyal, dwa administratif yo ye, se pou yo vin di popilasyon konbe fwa yo fè yon ankèt/envestigasyon sou koripsyon nan Leta an jeneral e Yon enstitisyon an patikliye. Ki metodoloji yo itilize pou mennen envestigasyon sa. Ki dokiman yo konsilte. Kouman yo fè kwazman sous yo.
Gade mesyedam fè respè nou ak moun tande. Pa gen pesonn moun k ap vin fè peyi y’a, pèp la pran : lalin pou fwomay épi tou fè l konprann kaka poul se ze.
Se pou yo parèt devan lajistis kit sa k Jij enstriksyon konvoke sou dosye “magnicide la”. Kouman w vle pou yon moun anndan lakay li, nan chanm li, menm lè se bandi légal li te ye, menm Lè li te kenbe pouvwa ak gwo ponyèt, men sa pa fouti jistifye, esplike pou yo krabinen l, sasisen l, disparèt li konsa. Se pou genyen bon jan envestigasyon, se pou tout moun Jij enstriksyon a nan kad travay li mande pou vin devan l parèt.
Se pou Komisè gouvenman an defansè sosyete y’a pran tout dispozisyon pou sa.
Nan tout sikonstan lapolis ozòd/sou lòd lajistis. Konsa lapolis dwe fè tout sa l konnen pou mennen tout moun yo nan kondisyon nòmal devan Jin yo.
Se menm travay sa, menm Konpòtman sa Komisè gouvenmam dwe genyen nan dosye KORIPSYON yo. Tout moun ULCC deja remèt lajistis rapó sou yo dwe parèt devan Jij yo pou vin bay esplikasyon.
Èske Ayiti :
se yon savann?
se yon manmèl pou piyajè vin bwè lèt san pey?
se yon kote ou kapab vin valkannize épi ou vire do w san anyen pa rive w?
Èske se gwoup moun sa yo ki pi Entèlijan ou pi konn travay?
Èske nou wè eta Ayiti ak Moun k ap viv ladan l yo?
Nou mande pou lalwa aplike!
Nou di tout moun kite lajistis fè travay li.
Marcel Poinsard Mondésir, agwonom





