Lajan fè Chen danse; pep Ayisyen pap danse pou lajan kòd mal taye sa a!

Vwa Rezistans Popilè (No15).-

Lajan fè Chen Danse; Pèp Aysyen an pap danse pou Lajan kòrd Mal taye sa!

Kout Ponya 600 Milyon An, Pa Fè Pèp La Ni Cho, Ni Fwèt..

Boul malatchonn nan tonbe, pawòl la pran lari, Ayiti jwenn yon ponya 600 milyon dola nan men BID, FMI ak Bank Mondyal pou kreye aktivite fè lajan pou sosyete mafya entènasyonal la voye konsiltan ak konpayi bidon vin ranmase; Epi kite ribanbèl dèt pou Ayiti. Komite vòlè ki nan “Core-Gwoup ” la tèlman bliye chita yo nan fè move zafè, tout moun nan peyi a konsidere yo tankou senp rizèz machann lèt.

An 1825, Lafrans antre nan peyi a ak 22 bato lagè pou swadizan fòse Bwaye siyen akò pou fasilite l vòlè 150 milyon fran lò (anviwon 30 milya dola jodi a) lajan ki pa rete ak lajan nan peyi a;
– An desanm 1914, ameriken vini ak bato lagè pa yo, pran rezèv lò ak tout lajan nan Bank Santral Pòtoprens pou pote Ozetazini;
– Nan lane 1980 yo, ameriken òganize operasyon 30 dola pou gwo, 20 pou mwayen ak 10 pou piti, pou detwi kochon kreyòl peyi a, detwi diri Latibonit ak tout endistri ki te bay travay nan peyi a; -,Apre tranbleman tè 2010 la, administrasyon ameriken Obama/Biden nan, voye Bill Klinton ak yon kantite lòt derapin pou vòlè prèske tout 17 milya dola Loni te kolèkte pou rekonstwi Ayiti.

Mafya franse, ameriken ak kanadyen ede ajan enperyalis yo sou tèren an, pou simaye Gang ame nan peyi a pou fòse pèp la vale kondisyon mizerab ak ensekirite “Core-Gwoup ” la trase pou peyi a. Alòs! Ki lwa renmen bridsoukou pou Aysyen ki ta monte nan tèt franse, ameriken ak kanadyen pou yo ta rive bay peyi dAyiti 600 milyon dola?

Se abitid enperyalis ameriken ak ewopeyen yo pou aji an patwon ponspilat pou tout peyi depandan yo ki tonbe nan kriz ekonomik ak politik. Se pou tèt sa, yo gen wòl fè tidife boule toupatou pou kreye lesefrape nan mitan popilasyon peyi domine yo pou chita dominasyon yo pibyen nan mitan pèp yo.

Yo envante anpil èkspresyon dwategòch pou fè pase panse dominan pou sa atenn objektif pèsonèl yo. Konsa, pou fè woule machin èksplwatasyon an, yo kreye yon bann enstitisyon mafya tankou FMI, Bid, Bank Mondyal, LOEA elatriye. Deja an 1994, anba lòd ameriken, Bid, FMI ak Bank Mondyal te òganize swadizan konferans pou bay Ayiti lajan pou l konstwi 1100 km wout, anpil lekòl, plizyè lopital wololoy e plante pyebwa nan peyi a. Sepandan apre 25 lane, moun ki gen je, pa wè nad marinad.

An 2005, apre operasyon grenn nan bounda Apaid, Baker, Magalie Comeau, Andre Michel elatriye t ap mennen an, FMI, BID, Lafrans ak Etazini te fè konferans pou rebay Ayiti lajan men, 20 lane pita, voye je w gade? Pagen tras yon santim ki antre nan peyi a.

An mas 2010 apre tranbleman tè a, pou rekonstwi Ayiti, Loni òganize leve fon ki te pèmèt anviwon 17 milya dola antre nan kès. Rapidman, Obama ak Biden ki te nan tèt Etazini te deziye Bill Klinton pou jere min lajan an. De ta twa mouvman, administrasyon ameriken an atravè Bill Klinton piye tout min lajan an pou voye tounen lakay yo ozetazini. Lè yon gwoup ayisyen te fè tantativ nan yon tribinal New York pou fè mare eskamotè ameriken yo, Obama ak Biden te mete veto leta ameriken pou anpeche tribinal la arete eskamotè yo e anpeche l kondane gouvènman ameriken ki te patisipe nan piyaj la.

Donk, nan chen manje chen ki gen nan mond lan, Etazini gen pwòp pègratèl pa l pou l grate. 600 milyon lamayòt la pou swadizan rekonstwi Sid peyi a apre tranbleman tè 10 dawout 2021 an, se yon nouvo nimewo nan pwosesis piyaj peyi a k ap jwe depi asasina Desalin nan. Se yon lòt rèv je klèr.

Kidonk, kòm nou ka wèl e konpwann li, FMI, BID ak Bank Mondyal se zouti badè koken ke Loksidan kretyen e kapitalis ak ameriken yo ap itilize pou piye richès tout peyi depandan nan mond lan. Tout kote yo pase, mòd operasyon yo pa diferan pliske yo toujou abouti nan katastwòf ekonomik, kawo politik ak dezentegrasyon sosyete yo.

Kote pa nou, pèp ayisyen an paka konte sou pèsonn dòt paske plis pase yon demisyèk te ekoule apre 1804, Etazini pat rekonèt endepandans peyi a. Nan lane 80 yo, ameriken di se Ayiti ki bay SIDA pou elimine endistri touris peyi a e fasilite yo ranmase lajan nan plaj ak otèl yo enstale nan Repiblik dominikèn.

Sa vledi, li klè pou tout moun; Etazini se lènmi prensipal peyi dAyiti depi 1915. Jodi a, Ayiti li sèl pou kont li, nan dezè katastwòf franse ak ameriken lage peyi a.

Sepandan, tankou peryòd 1791-1803 a, se te pèp la ki te deside pou l te retire tèt li nan esklavaj, si l chwazi frape pye l jodi a, l ap anmezi bay tèt li mwayen pou l soti anba dominasyon ameriken, chase Gang PHTK pou l retire tèt li nan mizè.

Plis pase 70 lane FMI ak Bank Mondyal ap defile tankou bann madigra ak pwomès nan tèt pou devlope Ayiti, pandan pèsonn pa gen je pou wè kès Leta peyi a anba vès yo ak sakit lajan Ladwann ak DGI pou separe bay oligachi domèstik la, aroze lekipay ki nan pouvwa PHTK a e trouve yon kantite sifizan pou voye nan peyi kolonyalis yo ki nan swadizan kominote entènasyonal la.

Pwomès 600 milyon dola swadizan kominote entènasyonal sa a, senbolize imaj yon blofè ke yon ekriven te dekri tankou yon ” Fantôme aux mains vides qui promet tout et qui n’a rien “.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Souverènte Ekonomik ak Politik Peyi a! Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 28 fev 2022.

Pou Komite a
PJ…

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *