Kriz Idantite Sosyete Aysyen an blayi nan rezo sosyal yo

Boukan News, 01/27/2024 – Yon sèl ti fwaz ki di ake “ désinvolture” . Yon Ti jan “ Candide” yon Ti “ sourire” sipèfisyèl men trè pwofon: “ Ou pa ka yon moun nwa pou kretyen ankò” …. Ki lakòz sa. Se yon jèn Atis ki vle mache pyepoupye dèyè Martha Jean Claude, Emerante de Pradines, Carole Demesmin, Emeline Michel, Lunise Morse, Manzè Boukman Eksperyans ake anpil lòt sitou rèn chantrèl nan Rara ake Konbit yo ki te lage “ Bonb a retadman” sa nan yon entèvyou …
Reyaksyon ni bò kote “ katolik zele” ni bò kote “ pwotèstan zele” pat rete kanpe nan yon “
Boutkwen” ap tann. Li te tankou yon tranblemandetèr ki rale yon “ tsunami dèyè do l, Epi Vòlkan mete ake Van tanpèt vini annapwe…Atis la pwan pou y pa chape. A ta “ Ti sa Bondye bay la e bay manman y lan” pat epaye.. Tout sa Paske li eksprime yon opinyon ki Depaman ake kwayans yo enpoze Epi l ap chante mizik ki soti nan yon tradisyon batay anbachal pou siviv…..
Anpil moun reyaji. Mwen menm Tou.
Men, se pa polemik sou Relijyon m ap chache fè non Paske mwen menm Se yon “ agnostique/théiste”: Sa vle di m ap chache nonm anlè a yo fè m kwè se yon “
Blan” gran bab nan tout galaksi “ Voix Lactée” a e menm nan yon lòt ki Tou pwe y e k ap mache bòde ake y ki rele “ Andromède”.
Sa vle di Tou depi Se bagèy ki pa genyen yon eksplikasyon klèr, konkrè tankou la tèr Se yon disk oval, li pa plat, li pa won e li tounen sou li menm e li fè wonn a solèy la, mwen doute de li…jiskaske yo vin prouve m li ekziste…Sepandan, gen yon refleksyon mwen ta renmen pataje ake anpil Aysyen ki twouve yo pwan nan SEP “ manman di jete sa pwan sa “ e ki pwan pozisyon koupe fache anti vodou e ki fè konnen Ke “ entèlèktyèl vodouizan “ yo salòp Paske yo pa mete lekòl, lopital nan peyi a….
Men Repons la:
1. Èspirityalite vodou a fè plis ke lekòl ake lopital pou nou…Li ban nou yon nanm. Anvan sa Se “ bèt” nou te ye. Se tankou yon “ chose” Loksidan kretyen te pwan nou. Ewopeyen yo te konn tanpe nou tankou zannimo. Yo te konn lote e vann nou tankou Sak chabon. Yo te konn dispoze de kò nou, de fòs travay nou jan yo vle… vòltije nou isitt, Vòltije nou lòtbò. Charye nou dèyè yo tankou Sak pay kote yo deside èy viv….. Yo pat pwan volonte nou pou anyen. Nou pat moun. Apwe 14 Dawout 1791, èspirityalite ki te anime plis ke 500 Gason ake fanm afriken plis Tayno yo, premye Abitan Zile a te di yo: Fi= fi, Ni= Ni. Nou Se moun tankou tout moun. Nou pap travay pou po patat ankò. ….. Èspirityalite sa ki fòje e bati tèt èy nan batay la, nan lagèr a fè yo vin pwan nou kòm moun ki genyen yon konsyans pwòp…
2. Vodou a ban nou yon kote pou nou rete. Pou n te sòti nan èstati “ chien errant”, “ Juif errant”…
Koulyè a la, si gen moun/Aysyen ki deside dirije peyi sa yo vin trouve gratis ti cheri e ki chwazi èy remèt nanm nou ankò bèy Loksidan kretyen ki te chozifye nou nan :
– adòpte menm sistèm edikasyon ake yo
– nou mete lang nou Konstwi nou menm nan batay kont opresèr nou yo akote-
– menm sistèm medikal ake yo- Nou bliye pouvwa fèy ake dlo,
– menm sistèm politik ake yo. Nou bliye pouvwa Tèt ansanm lan..
– Nan rejte sa la tèr pwodwi pou nou manje nan achte sa lòt kote ap vann pou nou konsome e Ke nou chwazi plis renmen…
Epi, Epi…Epi..
Se konsa Se nou menm ki retire nanm nou nan kò nou pou nou remèt li ankò bèy menm ansyen opresèr nou yo… Epi yo menm Tou kòm yo pa bèt Tou, yo ede n fouye pwòp Twou nou lakay nou pou nou antere tèt an nou….
Se travay sa legliz katolik sou lòd Vatican te fè e kontinye ap fè .. . Se travay sa Ke legliz fondamantalis kretyen ameriken yo te kòmanse ap fè nan peryòd Lokipasyon Ke yo vin ranfòse pi plis ake misyonèr k ap vwayaje alepouvini nan tout milye riral nou yo…
1. Nou pa gen nanm ankò. Aysyen an Etranje a pwòp tèt èy. (Pwemye etap)
2. Nou detwi peyi nou nan adòpte modèl yo enpoze nou e Ke n ap Swiv tèt bese san poze kesyon…( Dezyèm etap).
Èspirityalite vodou a pa gen anyen absoliman anyen pou wè ake sa ki rive nou kòm Aysyen e sa ki rive peyi nou an Ke n ap kouri kite pa makòrn e pa pakèt…
Batay pou nou tout Aysyen pou nou rekonsilye ake tèt an nou. Pou nou konnen ki moun nou ye, pou nou konnen kote n soti e pou nou kontinye fè yon bout chimen ansanm pa piti e ni pa fasil. … Pou n genyen batay sa, Fòk nou ekspoze istwa nou san fòskote bèy jenerasyon Aysyen k ap monte yo. Konsa Aysyen a rive pwize nan tradisyon Lavi ansanm a yo pou yo Konstwi yon Aysyen/Aysyèn Nouvo nan yon Ayti modèrn.
Wilfrid Supréna





