KPT ak Gouvènman èske se sou Rezo sosyal pèp Ayisyen ap di Grenadye yo Bon vwayaj, bòn chans?

KPT ak Gouvènman èske se sou Rezo sosyal pèp Ayisyen ap di Grenadye yo Bon vwayaj, bòn chans?

Marcel P Mondesir
BOUKAN NEWS, 11/22/2025 – Otorite yo nou pap fè yon fason pou Grenadye yo touche Tè dAyiti anvan 11 jen 2026?
Ayisyen apre viktwa seleksyon Nasyonal foutbòl la/Grenadye yo, pou nou patisipe nan pi gwo, pi bèl evenman espòtif sou planèt la, Drapo Diyite nou, Drapo rezilyans nou, Drapo mounite nou monte disèt wotè.
Prèske tout pitit Ayiti kit anndan kit nan dyaspora bat bravo, di Ayibobo, patisipe nan gwo fèt « Dignité retrouvée » sa.
Men nou pa tande otorite yo fè okenn Jès tèt ansanm, okenn Aksyon men nan men pou salye viktwa sa, pou kanpe aksyon sa nan kontèks li kote tout sa k te karakterize  peyi a sou plan entènasyonal se: enkonperans, gang, krim, medyokrite ak enkapasite.
Se yon tablo sonb konstwi ak   imaj dezimanizan Ayiti te « occuper la Une des médias du monde ». Dayè menm lè medya ap pale de bèl viktwa sa, sèten ladan yo pou diminye Fòs li, valè l ak enpòtans li yo kole yon vye imaj pou prezante Ayiti. Yon fason pou diminye valè ak sans Rezilta sa. Ou ta di, pou yo menm, Ayiti pa gen plas li nan evenman sa.
Otorite ki nan pi wo nivo Leta peyi a, ak konpòtman  yo, ak  atitid chen manje chen yo, ak mantalite domestik yo, vle fè pèp la konprann viktwa Grenadye yo se pa zafè yo, se pa preyokipasyon yo.
Otorite san koutya yo, otorite san konsyans yo pa tire okenn leson nan aksyon eworik sa ki remonte konsyans popilasyon an, ki montre kapasite rezistans ak rezilyans li.
Nou konprann yon lòt fwa ankò ak otorite sa yo Ayiti fenk kòmanse anba kontwòl gang, Ayiti fenk kòmanse ap pèdi tèritwa. Konsa peyi a pap gen okenn posiblite pou l bay Grenadye yo Ochan, ni pou l chante Im Nasyonal la ansanm ak yo sou Channmas ak nan Estad Sylvio Cator anvan Yo vin nan Koup di mond lan. Dayè tout zòn sa yo se tèritwa pèdi gang Viv ansanm yo kontwole.
KPT a ansanm ak Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a se mannèv y ap fè pou wè kijan y ap jwenn benediksyon pou fè pwolongasyon apre 7 Fevriye 2026. Koze reprann kontwòl tèritwa pèdi, koze òganize gouvènans peyi nan aplike politik k ap pèmèt Ayiti pran wout mounite l se pa pou ekip sa kounye a.
Pèp Ayisyen se nan radyo,  televizyon ak rezo sosyal yo nou va salye Grenadye yo e di yo KOURAJ pou mondyal la. Men solèy la genyen pou l leve sou peyi dAyiti.
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *