Kowòt la kondane atanta sou senatè Jean Charles Moïse

Nòt pou laprès

KOWÒT LA KONDANE ATANTA SOU SENATÈ JEAN C. MOISE.

KOWÒT PATRIYOTIK denonse atanta Gouvènman kriminèl la devan Anbasad Ameriken pou retire lavi senatè Jean C. Moise, zak sa yo fè nou sonje kouman rejim laterè Divalye a ak tonton Orseille, Ednè De ak ti Boule tap feraye pou mete baboukèt nan bouch pèp la.

 KOWÒT PATRIYOTIK ap mande kòmandan an chèf la polis la fèmen larivyè san lap fè koule nan tout manifestasyon pasifik kote pèp la ap revandike dwa pou li ale lekòl, li jwenn travay, li jwenn kouran, dlo ak manje elatriye. Lapolis la transfòme ak yon polis politik kap anpeche manifestasyon pasifik, touye militan ak dirijan politik menm jan yo fè tantativ la sou Senatè Moise 17 oktòb 2022 devan anbasad ameriken.                    

KOWÒT PATRIYOTIK ap mande komandan an chef polis la mennen ankèt san pèdi tan pou jwenn polisye ki fè tantativ pou asasinen Senatè Moïse ki se Sekretè jeneral pati politik Pitit Dessalines nan, trennen yo devan tribinal dwa komen pou yo reponn zak yo fè paske manifeste pou di saw pa vle se yon dwa konstitisyonèl.      

KOWÒT la ap lanse yon apèl bay tout patriyot nan peyi a, tout pati politik, tout òganizasyon sosyal yo tankou chèf nan legliz katolik, pwotestan, vodou ak sektè prive ki pa nan kontrebann ak touye moun pote kole nan yon veritab inite nasyonal pou ranvèse Ariel ak 18 konze ki rele blan pou anvayi peyi a epi mete yon gouvènman tranzisyon koupe fache pou revoke dekrè lawont Ariel Henry ak 18 lòt konze yo.

     Viv lit pèp la, Viv Ayiti, Aba entèvansyon militè etranje.

Pou sekretarya jeneral la :                

Me. Francisco Alcide. Av               ​​Guy Robert Lolo   ​​​  Philippe Desir      

    Sekretè jeneral​​​​ Sekretè adjwen   ​​​Sekretè egzekitif

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *