Koutba sou koutba

New York, USA, 04/05/2023 – Se pa konsa, Ayiti rete li rive kote li ye an. Nan maryaj ke pèp lan te vle fè ak lame an, lanmou an pat dire twò lontan. Paske lame an se tèt li selman ke l te wè nan relasyon an. Nou sonje jeneral ki te nan tèt CNG an te di nan Nouyòk: “Jan nou wè figim fre an, se konsa pèp ayisyen ye.”
Sa se youn, men kanta pou bakoulou sa ke yo rele kominite entènasyonal lan menm, se pirèd. Mantè pase yo pa genyen. Wa ipokrit pa w, men pa pase yo. Yo toujou konpòte yo tankou ti sen, men se yon ekip rat mòde soufle. Se yo, men se pa yo. Yo rizèz, resèlèz, machen n lèt. Yo toujou ap bay bèl pawòl tout la jounen pou yo k ab dechèpiye tout sa ke Ayiti genyen anba wòb li, de preferans nan sou sòl li ak anba lanmè l
Podyab, pep ayisyen te tèlman kwè nan fo pwomès nan zafè demokrasi ak dwa mounn ki te ap pale an, li te panse se yon bagay serye ki te ap regle. Malerezman pou peyi an, pil pwojè sa yo toujou fè foch koucb ou byen fo zanmi yo te toujou avòte yo depi nan vant. Ajoute ak rat kay ki te toujou ap manje pay kay, donk tout rezilta yo se koudba sou koudba.
Paske aprè 7 fevriye 86, olye ke chen de gad sistèm lan te fè eleksyon demokratik pou yo te kite Pwofesè Gerard Gourgue pase kòm prezidan, yo te prefere fè Riyèl Vayan pou yo te asasine mounn yo ki te vinn vote nan biwo vòt lan.
Kò m chen de gad sistèm lan ak tout bon zanmi yo te vle fè yon demokrasi nan sans pa yo, finalman yo te rive fè yon maskarad eleksyon an janvye 1988 pou te mete yon prezidan ranplase jeneral ki te nan tèt CNG an.
Se konsa ke yo te rive mete Pwofesè an sou pouvwa 7 fevriye 1988. Men lè yo wè ke misye p at yon nèg ke yo te k ab fè sa ke yo vle ak li, yo pat pèdi tan, aprè 4 mwa, yo te voye l ale tankou yon pakèt rad sal.
Aprè sa, tout militè te vle fè yon ti kou. Pou ki pwogram politik, pa gen mounn ki te konnen sa yo te vle fè. Se konsa, ou jwoinn yon pakèt ofisye ki se pitit ansyen makout, melanje ak sa yo ki se privilejye sistèm lan, yo tout te ap goumen pou pouvwa. Nou sonje kou Deta septanm 1988 ak avril 1989. Se pat pwason Davril. Se te istwa vrè. Militè ki te ap goumen antre yo pou pouvwa.
Pandan tan sa, enperyalis oksidantal lan ap pale de demokrasi, men yo te vle ke se yo ki pou mete pwòp prezidan pa yo. Nan yon estil prezidan popetwal. Konsa, li tap pi fasil, nan sa ke yo rele nouvèl òd mondyal lan, pou yo te k ab fè gagòt legalman. Paske bourik lan te chaje, li p at k ab kanpe.
Se konsa, sou gouvènman tranzisyon madanm ki te sòti nan Kou Kasasyon an, pou yo te kab avanse plan makab pwojè neyo-liberal yo an, donk nan yon sanblan de sa ke yo rele demokrasi, yo te vle fè yon eleksyon pike kole pou youn n nan ajan sistèm lan. Paske yo panse ke sektè popilè an te ap bòykote eleksyon an.
Men, tankou pwovèb kreyòl lan di: byen konte, mal kalkile. Kò m chat konnen, rat konnen, nan fen ane 1990, pandan ke enperyalis oksidantal lan te ap prepare eleksyon pou ansyen minis finans rejim diktatoryal lan, ti pè an ak tout lòt mounn ki te nan sektè popilè an te mete kò yo tou piti. Konsa, an oktòb 1990, yo te fè chwa pou patisipe nan pwosesis lan. Se konsa, nan eleksyon jeneral ki te fè t 16 desan 1990 lan, sektè popilè an te rive genyen pòs prezidan devan kandida kominote entènasyonal lan. San konte yon pil ak yon pakèt majistra, depite ak senatè.
Pèp lan te al vote ti pè an paske misye se te yon nèg ki te konn ap pale pou mounn pòv yo. Sepandan, ajan lokal ou kolabo yo, p at vle wè ti pè an. Se ka ki fè, yo te konn ba li tout non. Kò m pwopagan n lan te fò anpil sou teren an, menm mounn ki gen menm orijinn ak misye yo te rive pran nan vye pyèj oligarchi lokal ak entènasyonal lan.
Se ki fè, olye ke yo te kite nèg lan prete sèman 7 fevriye 1991, klas reyaksyonè an te prefere mete ak yon pakèt makout notwa pou yo te kab fè yon kou Deta 7 janvye 1991 ki, erezman te rive avòte.
Selon yon ansyen Majò ki, nan moman an, te responsab Anjen Lou nan Palè nasyonal, kou an te rive avòte, paske andedan lame an, gen anpil jèn ofisye ki te kont li. Yo pat pran nan manèv mouvman pasif, men makoutikman trè agresif ke kèk jeneral nan kòmandman lame an te ap eseye fè an favè chèf kou an ki te ansyen minis enteryè ansyen rejim diktati bout di an. Donk pandan ke anpil nan gwo jeneral sa yo te nan kache, yo te ap kite tan pase pou kou Deta an te kab mòde, sou lòd kèk lòt jeneral pwogresis nan lame an, jenn ofisye sa yo te oblije mete anba kòd lidè kou an epi retire chaloska, maskarad mal maske an nan Palè nasyonal.
Men malerezman pou peyi an, oligachi lokal ak entènasyonal lan se yon move pèdan. Yo pa kab tann. Kite pase 5 kan se twòp tan. Kò m yo pat kab tann, se s ak fè aprè 7 mwa, yo te rive bay lidè mounn pòv yo yon kou Deta. Yo te voye l al kanpe lwoin.
Pandan 3 zan ke lidè an te pase an egzil kay Tonton Sam, rejim militè lan ansanb ak alye fòs fè nwa yo te kontinye ap touye sipòtè prezidan an. Mounn sa yo p at fè anyen ki te mal. Yo te sèlman kwè nan lidè yo ki te konn ap pale de yon chanjman demokratik ki te gen pou debouche sou estabilite politik ki se rezilta pwogrè ekonomik ak sosyal.
Men kò m se te yon elit ki toujou ap domine sèlman ki te k ab pale ak fè demokrasi, yo p at respekte dwa lòt mounn te k ab genyen. Se konsa yo te pèsekite tout mounn ki p at gen menm lide ak yo.
Pou kèk fanatik ti pè an te rive sove tèt yo kont gwoup eskadron lanmò ki rele FRAP ki te konn ap frape trè fò kont pèp lan, donk gen anpil nan mounn sa yo ki te oblije riske vi yo sou lanmè. Se konsa, tankou nan peyi an, menm jan ak nan tout dyaspowa an, te gen 2 kan ki te an fas. Se te kan defakto kont kan lavalas. Ki te vle di: mounn ki ap sipòte kou Deta kont moun ki ap goumen pou retou prezidan an sou pouvwa.
Finalman nan yon move akò akwòkò, aprè 3 zan pase an egzil, kominote entènasyonal lan te deside, ak yon fòs dokipasyon ki te gen plizyè milye sòlda, retounen prezidan an ak yon pwojè polis pou ede nan zafè pwojè demokrasi ki te konn ap pale an.
Men depi nan kreyasyon fòs polis sivil sa, p at vrèman gen yon volonte bò kote otorite yo pou bay rezilta. Gwo enfliyans politik dirijan lokal yo melanje ak enjerans san pran souf de kominote entènasyonal lan nan zafè politik peyi Dayiti, sa te rive andikape jenn enstitisyon sa nan vrè mwayen pou l te fonksyone.
Lanmò trajik Marie Christine Jeune, polis ofisye sa ki te mouri nan sitiyasyon imilyant sa, se prèv ke otorite peyi Ayiti yo potko prè pou te bay enstitisyon Leta yo priyorite sou aksyon malonèt bandi. Fason jenn fanm plen karaktè sa te tonbe, te montre a klè, ke anpil mounn potko prè tou pou aksepte opinyon kontrè de lòt mounn.
Depi lò, p at vrèman gen anyen ki te montre ke te gen yon bagay ki te ap fèt pou chanje sitiyasyon mounn ki pòv yo. Antretan, lame te demobilize. Epi, nan yon tranzisyon ki pa janm vle fini, sititasyon sosyo ekonomik ak politik yo te ap deteyore chak jou.
Prezidan eli. Prezidan ale, se te mennman parèyman. Pandan tout ale vini sa yo, se klas ekonomik mafye an ki enplike nan tout move aksyon anba tab ak nan kontreband, ki vinn pi pwuisan politikman.
Antretan kò m konstisyon 1987 lan te bay ansyen pè prezidan an dwa pou l te k ab retounen vinn prezidan, donk se konsa nan eleksyon ki te fèt an novanm nan ane 2000 yo, avek tout popilarite ke li te ankò genyen sou teren an, misye te vinn nan tèt peyi an pou yon lòt manda 5 lan. Se sa ke sipòtè lavalas yo te rele yon ti pas kout antre 2 frè marasa yo
Men, pa bliye, mounn ki pa renmen w lan, p ap janm renmen w. Kèlkeswa sa w eseye fe. Se sa k fè nan sans sa, te gen anpil kolabo san konsyans, san etadam ki te konvèti tèt yo an ajan sistèm enperyalis oksidantal lan, epi kanpe an fas prezidan sa ak tout sistèm Leta an..
Epi tan ap pase. Kò m p at gen lame ankò, oligachi lokal ak entènasyonal lan bay kèk mounn zam, inifòm ak lajan pou ke nan zak banditis yo te touye polisye ki te ap fè pòs nan kèk Komisarya nan kèk vil pwovens.
Jwoinn ak kèk feblès pouvwa egzekitif lan ak lejislatif lan tou, sitou pwoblèm nan zafè eleksyon konteste ki te mennen yo nan Leta an, donk li te pi fasil pou ajan lokal yo te mete ak kominote entènasyonal lan pou yo te tou chanbade pouvwa lavalas dezyèm vèsyon an.
Kontrèman ak kou Deta 30 septanb 1991, fwa sa se tout mounn ki te nan pouvwa egzekitif ak nan paleman ki te pèdi jòb yo.
Aprè kou de fòs sa, pou entènasyonal lan ansanb ak kolabo yo te kontinye ap pase peyi an nan betiz, pou yo te rete nan kad konstitisyon an, yo te al chache nan Kou de Kasasyon yon Jij pou yo te k ab mete prezidan. Epi vini ak yon premye minis ki te konn ap fè anpil bwui pou zero rezilta.
Antretan anpil dlo sal ak fatra te rive koule anba pon an. Olye ke pwojè nouvo kontra sosyal lan te pote kèk choz pozitif pou peyi an, se te Kidnaping, vyòl, vyolans, asasina ki te ap taye banda sou gouvènman tranzisyon an.
De pouvwa politik ki te ap pale de espwa ak inite, se te inite pou divize davantaj. De la vi chè, kidnapping, vyolans peyi an te ap kontinye desann nan bafon pi rèd. Se pa san rezon ke sa yo te ap pase paske yo te antre nan enjerans mounn ki te gen pwojè makab yo pou afebli enstitisyon yo e rive, definitivman, destitiye Leta peyi Dayiti.
Boum, tranbleman de tè 12 jamvye 2010 lan te vinn fasilite pwojè makaron sa avanse pi rapid. Se konsa nan enjerans moun n ki toujou finanse ak infliyanse sa ki ap pase nan peyi an, yo te tou pwofite rantre pil bandi ak kravat yo, fè yo vin n ofisyèlman chèf, legalman nan yon eleksyon ki pat legal.
Sa w tande an, egzekitif bandi legal nan Palè nasyonal ak yon pakèt dezonorab mal eli nan Bisantnè, melanje ak yon pil ti vagabon, vwayou ak sapat nan tout katye pòv yo vinn gen plis pouvwa ke jan ke yo te genyen anvan.
Avèk tout pouvwa legal sa ke yo vinn genyen nan rezilta yon eleksyon ki ilegal, bandi sa yo te kontinye ap fè sa ke yo te konn ap fè anvan, pandan ak aprè 2004, ki se touye polisye, kidnape, vyole fanm ak touye tout kategori mounn nan peyi an.
Kò m enstitisyon Leta vinn pi pa kapab ke jan yo te anvan an, donk bandi enpoze pwòp lwa pa yo nan tout peyi.
E se la, efektivman ke laboratwa ki te toujou ap travay sou dosye tout mal peyi an te vle rive ak Ayiti jodi an. De Misyon estabilite an 2004 ak peyi destabilize an 2023, Ayiti vinn pa gen ren ankò pou, malerezman, fè anyen.
Esau Jean-Baptiste






Trè byen Eseau Jean Baptiste: “Lanmò trajik Marie Christine Jeune, polis ofisye sa ki te mouri nan sitiyasyon imilyant sa, se prèv ke otorite peyi Ayiti yo potko prè pou te bay enstitisyon Leta yo priyorite sou aksyon malonèt bandi. Fason jenn fanm plen karaktè sa te tonbe, te montre a klè, ke anpil mounn potko prè tou pou aksepte opinyon kontrè de lòt mounn.”
Trè byen Eseau Jean Baptiste: “Lanmò trajik Marie Christine Jeune, polis ofisye sa ki te mouri nan sitiyasyon imilyant sa, se prèv ke otorite peyi Ayiti yo potko prè pou te bay enstitisyon Leta yo priyorite sou aksyon malonèt bandi. Fason jenn fanm plen karaktè sa te tonbe, te montre a klè, ke anpil mounn potko prè tou pou aksepte opinyon kontrè de lòt mounn.”