Kouman kwape timidite lakay moun onèt nan sosyete pouri sa a?

Massachussetts, USA, 06/19/2023 – Konbyen nèg ak nègès peyi Dayiti ki te okipe ou byen k ap okipe yon wo fonksyon/yon gwo pòs nan Leta (Elektiv, nominative) ki kapab frape lestomak yo, ekri pawòl sa yo Premye minis Lee Kuan Yew peyi Singapour ekri la : “j’avais le choix entre deux chemins à suivre. Le premier, voler l’argent de l’État, enrichir mes amis et mes parents, appauvrir mon pays, et en conséquence mettre mon peuple dans la misère. Le deuxième, servir mon peuple et faire rentrer mon pays dans le rang des 10 meilleures nations du monde. J’avais choisi le deuxième”. Lee Kuan Yew
Nou di genyen, nou konnen genyen epi tou nou genyen, fanm ak gason nan wo fonksyon piblik la, nan administrasyon Leta ki kapab pwononse ak ekri san okenn kè sote pawòl sa yo tou. Li t ap enposib pou tout estrikti a gangrennen. Men tonnè kraze m yo pa anpil. Sonje pawòl ki di: Dans toute règle il y a l’exception et c’est l’exception qui confirme la règle.
Konsa wo fonksyonè, wo kad yo ki pa chat ak dechèpiyè, bandi legal yo jwenn ak feblès sosyete y’a fè moun sa yo parèt an “minorité psychologique”.
Peyi Dayiti genyen fanm ak gason ki te okipe e ki menm nan moman n ap viv la okipe wo fonksyon, ki genyen gwo responsablite nan tout espas administrasyon anndan peyi ya tankou nan diplomasi a ki pa vòlò, ki pa nan okenn ni ti konbin, ni gwo konbin. Pou nou repete defen pwofesè matematik nou Pierre Riché, nan Premye Ane Fakilte Agwonomi moun sa yo se Immaculée, yo klè kon klè dlo kokoye, pou mwen pa di yo Vierge.
Zanmi Kamarad mwen nan FAMV pwomosyon 82-86 konprann ekspresyon Immaculée a, paske mwen konnen yo gen anpil memwa e genyen listwa ki make nou nou pa dwe janm bliye.
Pwoblèm peyi nou, pwoblèm wo fonksyonè sa yo, pwoblèm kad sa yo, yo kite laperèz genyen rezon sou yo. Yo entimide pa konpòtman ak awogans vòlò yo, dechèpiyè yo. E nou konprann sa, paske lavi yo anpil fwa menase. Menm lè sa pa vle di yo nan okenn konplisite, okenn sitirans ak vòlè, dechèpiyè yo. Men prekosyon pa kapon. Sosyete y’a pa montre volonte ak kapasite l, li pa montre konstans li nan aksyon solidarite yo.
Konsa wo fonksyonè, wo kad ki dwat la, ki onèt la blije toujou ap mache sou trèz li pou li pa pile katòz, pou l pa kite po l. Paske moun pa viv 2 fwa.
Moman rive pou sosyete y’a ranmase figi l, pou l poze jalon, pou l sèvi ranpa, sèvi dig pou akonpaye, pwoteje tout moun, tout Kad nan tout nivo ki pat vòlè, ki pap vòlè epi k ap pèmèt nou dekouvri dechèpiyè yo. Sa nou ta rele “lanceurs d’alerte yo” Li lè, li tan pou gen yon veritab gouvènans peyi y’a ki chita sou dwati, serye, respè nòm ak règ ki defini yo marye ak konpetans. Se valè sa yo ki pou fè Ayiti soti nan twou li ye jodi y’a.
Kilè otorite peyi Dayiti yo ap fè dezyèm chwa tankou Premye minis Singapour la.
Marcel Poinsard Mondésir





