KOMINIKE POU LAPRÈS: Mouvman Leve Kanpe Pou Yon Lòt Endepandans

KOMINIKE POU LAPRÈS

Mouvman Leve Kanpe Pou Yon Lòt Endepandans salye pèp Ayisyen an ki kontinye kenbe flanbo mobilizasyon an byen wo malgre sitiyasyon difisil ak represyon pouvwa kriminèl Phtk a ap fè sou popilasyon an ki leve kanpe manifeste nan tout peyi a pou ekzije bonjan chanjman nan tout nivo.

Mouvman Leve Kanpe denonse ak tout fòs li tout zak represyon pouvwa kriminèl Phtk a atravè bandi ki pote inifòm lapolis ap fè sou popilasyon an nan plizyè depatman nan peyi a, patikilyèman nan Okay, Senmak, Okap ak nan lwès. Mouvman Leve Kanpe mande viktim yo pou yo pote plent kont pouvwa a, kont komisè gouvènman ak polisye bandi k ap komèt zak represyon sila yo.
Mouvman Leve Kanpe denonse tou desizyon maskarad ki pran nan konsèy sekirite Nasyonzini an pou sanksyone kèk ouvriye politik pandan yo evite rive sou gwo patwon gang yo. Nou mande Konsèy Sekirite a sispann fè demagoji nan pwoteje  oligak, gang a kòl k ap taye banda nan peyi a ak nan peyi Etazini kote anpil nan zam yo soti.
Nap denonse yon lòt bò move mannèv  Etazini, Lafrans Kanada ak alye yo gen nan peyi a ap fè pou rive nan
yon entèvansyon militè yon mannyè pou yo vin kore  Ariel sou pouvwa a epi jwenn plis mwayen pou piye richès nou genyen nan peyi a. Pèp la konprann jwèt la, se poutèt sa l ap kontinye mobilize pou rive jwenn rezilta lap chache a.
Nan sans sa a, Mouvman Leve Kanpe Pou Yon Lòt Endepandans envite tout popilasyon an nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a pou yo leve kanpe lendi 24 oktòb la ki se jou Nasyonzini ak tout rès semèn nan. Nan pòtoprens tout komin yo ap pran direksyon BINUH nan Petyonvil pou al kontinye di non kont okipasyon, kont Ariel epi denonse dega ak divès krim Nasyonzini fè nan peyi nou. Se tout peyi a ki dwe kontinye leve Kanpe pou ekzije respè dwa granmoun peyi nou.  N ap kontinye kenbe flanbo mobilizasyon an san pran souf jouskaske Ariel Henry ak akolit li yo kite pouvwa a.
Aba okipasyon !
Aba pouvwa PHTK amelyore a !
Viv yon tranzisyon koupe fache !
Viv yon lòt endepandans !
Pou otantifikasyon :
Josué MERILIEN
Kebert BASTIEN
Nicolson PIERRE (Bab)

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *