Li fè jou
Se sa sa vle di
Konsa, ou reveye
Ou kanpe doubout
Pou w kapab defann ou
Defann lavi w ak lavi fanmi w
Nan yon moman kote jwèt la rèd anpil.
Sa k fè koze y’a konplike
Ou ta di pawòl anpil,
machwè gonfle.
Menm lè w ap travay
Se anpil jimnastik
Pou w fè pou w kapab rive rale souf.
Yon dola Ane pase, ak Yon dola
Kounye y’a,
Nan tou 2 moman
Yo genyen menm son
Yo ekri menm jan
Men yo pa ofri menm sèvis.
Sa vle di kisa?
Sa vle di konsa,
Pou menm kantite bouch la
Pou m achte menm kantite manje ya
Mwen bezwen 2fwa plis lajan.
Panda tan sa, pa genyen okenn aksantegi(ogmantasyon)ki vin sou lajan m ap touche ya.
Se menm koze ya mande BonDye padon,
Si youn nan nou tonbe malad. Se yon ti makout lajan nou pa genyen ki pral depanse. Kounye ya, anpil nan nou
vin gwo matematisyen paske nou blije ap fè kalkil sitou operasyon adisyon ak soustraksyon pou n kapab konnen kouman pou n konpòte n, Kisa pou n achte rezon fondalnatal ki fè tèt la tounen yon kalkilatris
Se paske lajan pa elastik. Ou mèt detire l, wete, mete, dola pap janm tounen dolasenkant alewè pou l ta vinn 2 dola.
Se nan egzèsis sa ki se yon sòt jenoufleksyon sa k gen chans nan yon djòb ye nan moman sa. Chak fwa li antre nan yon makèt, ou byen li kanpe devan bak yon machann.
Pou sila yo ki pa konnen kouman Mo travay, Mo djòb la ekri, se pa pale. Li pa fouti fè okenn egzèsis. Paske li pa gen Almanak pou l swiv: Le Premye ak letrant dimwa.
Yon sèl fason pou l obsève koze dat la, se lé li mize sou yon bon fanmi ak yon bon zanmi(ma komè, mon konpè, yon ansyen mennaj…) ki konn voye yon ti transfè ou byen yon ti Moncash pou li, lè l resevwa Ck li y’a.
Nan moman sa, menm lè fanmi sa, zanmi sa anime ak tout Bòn volonte, li pa fouti kenbe ritm la, paske li pa genyen anpil « marge » nan bidjè pa li pou l fè Jeretyen an( wete kichòy). Rezon an senp, enflasyon an k ap toupizi l, ki se yon ewozyon pou li. L ap travay, l ap pouse lè, li touche menm kantite kòb ane pase y’a ki pa pèmèt kouvri tout depans pa l.
Konsa zanmi ki pa konn ni premye, ni trant dimwa. Pi gwo egzèsis li, se kouman pou l sere pou je machann nan pa tonbe nan je l. Paske li tèlman ap woule machann nan, voye l pou demen, chak fwa machann lan pase devan papòt li. Li vin anbarase kon Krab paske li pa fouti bay yon dat ankò. Li chire almanak la nan di machann nan pase demen. Chak fwa se yon demen tantô ki pa janm fini.
Rezilta final la, yon bon maten machann tounen manzè Sandrine kote se pawòl li bliye li pa di malerèz la. Ni malerèz la, ni timoun yo tout jennen pou koze madanm sa deplòtonnen. Li detere tout fanmi madanm soti nan gran gran grann li ak gran gran gran papa l pou rive nan marenn li. Sandrine nan tèlman li batistè malerèz la, vwazinay blije fè kèt zoban (kotizasyon) pou peye dèt la. Yon fason pou voye satan jerenons lan ale.
Bout pou bout rimoun yo fè plis pase Yon semenn yo pa sòt nan lari. Yo rete anndan lakay kote kote vant yo ap kòde epi ti trip yo ap vale gwo trip yo.
Pandan malerèz la ak pitit li yo ap viv Imilyasyon sa, si m di nou sa k ap pase nan Leta a. Sa gwo palto ki nan Gouvènman Apeze Akò Akwòkò 11 septanm 2021 yo, mete ak boujwa pachiman, flibistye yo ap fè pèp la.
Nou pap kwè: Yo debloke 2 kilya goud pou pwogram apezman sosyal. Men sa nou remake se bèg ak palto, se alye pouvwa k ap mache tout kote lage yon lasibab pou simaye divizyon ak divèsyon pandan y ap kontinye plen pòch yo. 2 milya goud pou ogmante richès opòtinis, Conzé, patripòch ak trèt.
Boujwa salòp yo menm, flibistye yo, yo sere gaz la. Y ap fè mache nwa ak yon pwodui transvèsal, 6on pwodui estratejik, akòz rareté li, akòz en disponiblite l pri tout sa w bezwen pou fonksyone vin monte pi wo pase tèt katedral la. Oh m bliye pa gen katedral ankò. Konsa, li vin pi difisil toujou pou n konnen wotè pri machandiz yo, tèlman sa pa gen limit.Malerèz la pitit li yo gen santiman, yo gen Nen, se pousa depi manzè Sandrine fin derespekte yo a, yo fèmen kò yo anndan kay la pou kite moman pase alóske yo pa ni vòlò, ni dechèpiye kès Leta, yo pa nan okenn kontrebannn ak okenn politisyen souf kout.
Yo se viktim sosyete Ariel Henry ak akolit li yo ap jere pou boujwa ak flibistye yo ki anba pwoteksyon BINUH, CORE Group, OEA ak administrasyon Biden-Kamala Harris mouche Antonio Guterres Sekretè jeneral Nasyozini ap bay benediksyon nan fè Konsèy Sekirite renouvle manda BINUH « pour on ne sait quelle raison voire quels résultats. »
2milya goud= 15,384,615.39USD
Ak yon Tochanj
1USD=130Goud
Nou wè ki kantite lajan raketè ak kravat yo(ekip gouvènman Apeze 11 septanm 2021 an ak flibistye yo ap fè sou do nou le pèp nan swadizan pwogram espesyal ak 2milya goud moun Lasalin ak lòt katy popilè yo pa pran sant li ditou. Si yo te pran sant li, se pa movèz odè fatra ki gaye nan 4 kwen zòn metwopolitèn ki tap di nou bonjou chak maten. Si se manti n ap fè, se pou Gran Boulva vin demanti nou.)
Marcel Poinsard Mondésir






