Kisa ki yon zam nikleyè?

Boukan News, 01/01/2024 – Dènye moman sa yo, espesyalis ak aktivis nan domèn lapè ak dezameman nikleyè pa sispann eksprime enkyetid yo sou posibilite pou kèk aktè nikleyè ta ilitilize zam nikleyè nan lagè. Yo gen rezon paske nan konfli ant peyi Larisi ak Ikrèn nan, prezidan Vladimir Poutine te mansyone plizyè fwa posibilite pou l ta itilize zam sa a pandan gè a. Malgre gwo dega zam sa a fè deja, jiskaprezan anpil Ayisyen pa konnen kisa li ye, depi kilè li la, epi ki kapasite li genyen pou l detwi latè nan yon bat je. Objektif nou nan atik sa a se esplike kisa zam nikleyè a ye, depi kilè li la, ak ki kantite dega li ka fè nan mond la.

Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention-CDC) defini yon zam nikleyè tankou yon aparèy ki sèvi ak yon reyaksyon nikleyè pou kreye yon eksplozyon (CDC, n.d). Eksplozyon zam nikleyè a pi pisan e pi danjere pase eksplozif zam konvansyonèl yo (pa egzanp TNT). Anfèt genyen omwen 2 tip zam nikleyè: 1) bonm atomik, yo rele l tou fisyon nikleyè, bonm A, bonm nikleyè; 2) zam tèmonikleyè, yo rele l tou bonm H, bonm idwojèn, bonm Fizyon.
Diferans ki genyen ant bonm atomik ak bonm tèmonikleyè a, sèke premye an mwen pisan pase dezyèm nan. Men yo tou 2 rete 2 zam destriksyon masif. Bonm atomik la itilize sa espesyalis yo rele fisyon nikleyè (Fisyon nikleyè a se lè w divize yon atom lou an 2 atom lejè), alòske bonm tèmonikleyè a itilize nikleyè fizyon (yon konbinezon fisyon ak fizyon).
Pou kreye yon bonm atomik ou bezwen swa iranyòm (yon metal ki lou anpil) oubyen plitonyòm (yon metal ki di anpil). Gen iranyòm 238, 234, ak 235; epi gen plitonyòm 238, 239, 240, 241, ak 242.
Pou kreye yon zam tèmonikleyè w ap bezwen non sèlman iranyòm ak plitonyòm men tou w ap bezwen 2 lòt izotòp idwojèn ki se deteryòm ak trityòm. Daprè chèchè yo, zam tèmonikleyè a mil fwa pi pisan pase bonm atomik la. Kontrèman ak bonm atomik la ki deja itilize nan lagè, bonm tèmonikleyè a poko janm itilize nan okenn gè. Men avan nou bay plis detay sou dega premye bonm atomik la te fè nan peyi Japon pandan dezyèm gè mondyal la, kite nou fè yon ti elabore briyèvman sou istwa kreyasyon bonm nikleyè a.
Pwosesis pou te kreye bonm atomik la te kòmanse yon ane avan dezyèm gè mondyal la. Se te 2 chimis Alman, Otto Hahn ak Fritz Strassman, ki te montre posibilite pou jwenn enèji ki pisan nan bonbade iranyòm ak netwon nan ane 1938 (Fortmann, 2018). Se rechèch sa a ki ta pral pouse yon fizisyen tankou Léo Szilard ki te soti nan peyi Ongri rankontre plizyè lòt chèchè tankou Albert Einstein. San pèdi tan, Szilard ta pral mande Albert Einstein pou enfòme oubyen avèti prezidan Ameriken alepòk Franklin D. Roosevelt sou kòman gouvènman Alman an ap travay pou yo devlope yon bonm nikleyè.
Se konsa tou 2 chèchè sa yo ekri prezidan Roosevelt yon lèt sou posibilite ki genyen pou yo ta kouri eksperimante sa yo rele nikleyè reyaksyon anchèn nan yon fason pou reyalize zam nikleyè pou defans nasyonal peyi a. Nan lèt sa a 2 chèchè yo te tou pwofite mande prezidan Ameriken an pou l te sipòte rechèch la.
Prezidan Roosevelt pa t pran anpil tan poul te dakò ak chèchè yo epi anbake nan yon pwojè konsa. Aprè yo te fin gen otorizasyon prezidan Ameriken an, chèchè yo chache materyèl nesesè epi kòmanse pwosesis etid la ki ta pral fini avèk siksè nan mwa desanm 1942 nan Inivèsite Chikago Ozetazini

Nan menm mwa desanm nan, prezidan ameriken alepòk la te otorize pou kreye tou sa yo rele Pwojè Manatann nan “Manhattan Project”. Robert Oppenheimer, yon fizisyen e teworisyen ameriken, se te youn nan moun ki te jwe yon wòl fondamantal nan kad pwojè sa a. Se te Oppenheimer ki te direktè laboratwa ki rele “Los Alamos” la. Li te responsab pou fè rechèch epi fè konsepsyon bonm atomik la ansanm ak lòt chèchè yo. Yo te devlope 2 konsepsyon oubyen 2 tip bonm atomik: youn ki te baze sou iranyòm, ak yon dezyèm ki te baze sou plitonyòm.
Premye fwa aktè konsène yo te eseye bonm nan se te nan dat 16 jiyè 1945 a 5 kè di maten nan baz “Alamogordo air” nan sid Albuquerke, New Mexico. Aprè sa, Ezetazini te deside bonbade Iwochima ak Nagazaki ki se 2 vil japonèz nan peryòd dezyèm gè mondyal la nan mwa out 1945. Istoryen yo rapòte Lèzetazini bonbade vil Iwochima nan dat 6 dawou 1945 avèk yon bonm B-29 (Little Boy) yo te rele Enola Gay ki se non manman pilòt la. Bonm sa a te fèt ak iranyòm 235 e li te gen yon kapasite 15 kilotòn.
3 jou aprè swa nan dat 9 dawou 1945, Lèzetazini te deside bonbade yon dezyèm vil japonèz ki se Nagazaki avèk yon lòt bonm atomik yo te batize “Fat Man”. Bonbademan sa a te fèt a 3 zè 47 nan maten apati yon B-29 yo te rele “Bock’s Car”. Kontrèman ak bonm yo te lage sou Iwochima a ki te fèt ak iranyòm, bonm yo te lage sou Nagazaki a li menm te fèt ak plitonyòm 239 e li te gen yon pisans 17 kilotòn.
Bonbademan sa yo te fè anpil gwo dega. Anpil moun te mouri. Ti moun kou granmoun te pèdi lavi yo. Ou pa t ka konte kadav tèlman li te difisil pou konnen kantite moun ki te mouri ak blese nan 2 vil japonèz sa yo. Daprè (2014) Atomic Heritage Foundation, nan vil Iwochima ki te gen ant 280, 000 ak 290, 000 sivil plis 43, 000 sòlda nan moman bonbademan an, 90, 000 ak 166, 000 moun mouri nan 4 mwa. Nan vil Nagasaki, ant 40, 000 ak 75, 000 moun te mouri epi 60, 000 te blese grav imedyatman aprè bonm nan te fin eksploze.
Moun ki pa t mouri tou swit yo te vin soufri pi devan ak gwo maladi tankou kansè, lesemi elatriye. International Campaign to Abolish (n.d) Nuclear Weapons (ICAN) mansyone 90 pousan nan doktè ak enfimyè nan vil Iwochima te mouri; 42 nan 45 lopital ki te genyen yo pa t fonksyonèl ankò.
Se vre kantite zam nikleyè yo redui konsiderableman swa soti nan anviwon 60, 000 pou rive nan anviwon 13, 000 jodi an. Sepandan ris pou yo itilize zam sa yo nan lagè ogmante chak jou pi plis akoz plis peyi ap chache devlope asenal nikleyè pa yo pou yo pwoteje teritwa yo kont tout evantyèl atak nikleyè.
Gen 9 eta ki posede zam nikleyè pa yo. Trete Non-Pwoliferasyon (TNP) an rekonèt ofisyèlman senk eta nikleyè. Eta sa yo se: Larisi, Etazini, Wayòm Ini, Lafrans, ak Lachin. Gen kat lòt eta nikleyè ki pa ofisyèl: End, Pakistan, Izrayèl, ak Kore di Nò. Nan ane 2021 an te gen 13 080 tèt nikleyè. An 2023 li bese a 12, 500. Larisi ak Etazini sèlman posede 90 pousan nan tout zam sa yo. Daprè yon òganizasyon ki rele Arms Control Association, Etazini posede 5, 244, Larisi gen 5, 889, Lachin gen 410, Lafrans gen 290, Wayòm Ini gen 225, Pakistan gen 170, End gen 164, Izrayèl gen 90, ak Kore di Nò ki genyen 30. Itilizasyon swa pa erè oubyen ak volonte kèk lidè peyi nikleyè yo ka touye dè milyon moun sou latè san konte gwo lòt dega materyèl! Si premye bonm atomik yo te frape dè santèn de milye moun, ebyen jodi a sa t ap pi rèd akoz zam yo vin pi sofiske.
Batay kont egzistans zam nikleyè pa yon batay ki fasil. Se tout peyi sou latè ikonpri Ayiti ki pou fè presyon sou peyi ki posede zam nikleyè yo pou yo kòmanse pran gwo desizyon pou elimine yo nan relasyon entènasyonal. Tewori ki fè kwè prezans zam sa yo garanti lapè ak sekirite nan mond la pa fin twò kenbe. N ap devlope sa nan yon lòt atik. Men nou panse li te enpòtan pou nou te esplike kisa zam sa ye, kote li soti, epi ki dega li ka fè nan mond la.
Doktè Roland Joseph
Referans:
Arms Control Association. (2023). Nuclear Weapons: Who Has What at a Glance. Retrieved from https://www.armscontrol.org/factshee/Nuclearweaponswhohaswhat
Atomic Heritage Foundation. (2014). Bombings of Hiroshima and Nagasaki – 1945. Retrieved from https://www.atomicheritage.org/history/bombings-hiroshima-and nagasaki-1945/
Centers for Disease Control and Prevention (CDC). (n.d). Nuclear Weapon. Retrieved fromhttps://www.cdc.gov/nceh/multimedia/infographics/nuclear_weapon.html
Fortmann, M. (2018). Projet Manhattan : Fabriquer la première bombe atomique. Retrieved from https://ici.radio-canada.ca/ohdio/premiere/emissions/aujourd-huil-histoire/segments/entrevue/65490/projet-manhattan-fabrication-bombeatomique-michel-fortmann
International Campaign to Abolish Nuclear Weapons. (n.d). Hiroshima and Nagasaki bombings. Retrieved fromhttps://www.icanw.org/hiroshima_and_nagasaki_bombings
Doktè Roland Joseph se yon chèchè Ayisyen k ap viv Ozetazuni k ap evolye nan domèn lapè ak konfli entènasyonal. Rechèch li yo konsantre sou defi ak eksperyans transfòmatif aktivis k ap fè pwomosyon syans politik ki baze sou tewori “nonkilling” pa bò kote lòt aktivis ak chèchè ki nan domèn dezameman nikleyè, ak pwomotè tewori disyazyon nikleyè. Doktè Joseph travay nan tèt kole ak Center for Global Nonkilling (CGNK), yon ONG Amerikèn ki akredite nan Nasyon Zini. Depi nan mitan ane 2023 a, li chwazi pou l sansibilize ak atire atansyon popilasyon Ayisyèn nan sou kesyon ris ki lye ak itilizasyon potansyèl zam nikleyè nan konfli.





