Ki Rezon Ki Pouse Ameriken, Franse, Angle yo Rayi Ayiti Depi 1804?

Vwa Rezistans Popilè (no2).
Ki Rezon Ki Pouse Ameriken, Franse, Angle yo Rayi Ayiti Depi 1804?
Nan mitan enperyalis yo ak “Core-Gwoup ” la, diskou anti-Ayiti a franchi yon lòt nivo. Yo tout, ap rele resòtisan yo pou kite peyi a, mande sa k deyò pa antre, paske Ayiti soufri kriz malkadi. Poutan, se ameriken ak “Core-Gwoup ” k ap mete domèstik nan pouvwa a pou fasilite yo kontwole ekonomi, diplomasi, gang pou ekate ayisyen serye nan jesyon zafè vital peyi a.
Se nan kontèks sa, ameriken yo chwazi depòte ayisyen anmas e ankouraje Meksik, Bahamas, sitou Dominikani pou pimpe tounen anpil ayisyen an Ayiti; fanm ansent, timoun, travayè, menm moun ki sou kabann lopital pou trangle ekonomi peyi a, mete pèp la ajenou, fè klewonnen lide ke ayisyen te pran endepandans yo twò bonè, yo paka jere tèt Ayiti, donk tipeyi krèbètè tankou Dominikani k ap jwenn pretèks pou vi n okipe peyi a.
Pou ki sa?
Malgre charabya kont-revolisyonè yo rakonte sou Desalin, revolisyon 1791-1804 la te gen yon dimansyon inivèsèl. Li te denonse kanibalis esklavajis yo, pwoklame libète pou tout moun sou latè san diferans ras ak koulè anba je asasen kriminèl esklavajis yo.
Konstitisyon 1805 lan, non sèlman te elwaye piyajè esklavajis yo de richès peyi a, li te konsakre dwa libète pou tout esklav lòt peyi ki touche bout tè Ayiti a. Se pou tèt sa, peyi esklavajis kou Etazini, Lafrans ak Angletè te lonje dwèt sou Ayiti kòm yon move egzanp, e te mete anbago sou peyi a pandan plizyè dizèn ane, vini ake Bato lagèr pou vòlè byen, richès, lò ak lajan peyi a jiskaske ameriken yo vin okipe Ayiti an 1915, fè jenosid sou peyizan kako yo, depòte yo Kiba ak nan Dominikani pou fasilite ameriken yo trete rès pèp ayisyen an kòm semi-esklav jouk jounen jodi a.
Se menm mepri, awogans ak prejije rasis ameriken sa a, ki ba yo volonte enpoze peyi a toujou, gwoup domèstik PHTK a ki senbolize mafya, inyorans, vòl, ak imoralite kòm dirijan apre 10 lane lawont ak betiz PHTK fin ofri nan tèt peyi a.
Blese, pèp la motive pou l goumen ak detèminasyon pou l òganize l toupatou, nan lekòl kòm nan legliz, chomè, ouvriye kòm peyizan pou l sansibilize, rasanble enèji tout mas popilè yo anba yon lidèchip nasyonal patriyotik pou l trouve chemen liberasyon peyi l.
Kidonk, refren ” demokrasi ” enperyalis yo ap klewonnen tout jounen an pa pou pèp ayisyen an. Dokiman Nasyonzini ba tout moun dwa mobilite pou ale kote yo vle e viv jan yo pito sou latè, ipokrit nan oligachi oksidantal la dramatize migrasyon ayisyen an tankou yon krim alòske se yo k ap fè piblisite nan radyo kòm nan televizyon pou montre kouman moun ap viv nan lwil lakay yo, lajan ap mache atè e plezi gaye nan chak kafou.
Yo mete domèstik voryen pou jere peyi a pou yo, voye twoup, zam pou ame gang k ap kreye lanfè pou moun paka viv nan neyokoloni savann nan. Epoutan, se yo nan mitan ensekirite pwen n fè pa yo fin kreye a, ki chwazi depòte jèn fanm ak jèn gason k ap kouri kite lanfè pou al goute swadizan paradi lakay yo a.
Donk, non sèlman pèp la dwe kraze sistèm peze souse a, li gen lòt bagay pou l regle paske mepri domèstik yo ki sou pouvwa ak enperyalis yo pou peyi a pa yon aksidan istorik, se yon gè politik ak ekonomik yo deklare pèp ayisyen an. Sepandan, ak lespri gerye Desalin nan, Kapwa, Kristòf, Peralt ak Benwa Batravil te kite pou li a, pèp la k ap trouve entèlijans  ake kouraj nesesè pou libere peyi a.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Popilè A!
Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. – 15 nov 2021.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *