Vwa Rezistans Popilè (No20).-
Ki Rezilta (Bilan) Misyon Nasyonzini Apre 28 Lane Y ap Dirije Ayiti?
Nan yon liv ki soti an mas 2012 nan koleksyon Altènativ Sid ak Tit: “Rekonstwi Leta Domine Yo, Se Nouvo Lizyè Enjerans Pou Peyi Enperyalis Yo “, nou wè kouman nan soutit li ak lide “State Building ” pou peyi pòv yo, oksidan vize demoli peyi depandan yo anba dra jesyon risk imanitè, sosyal ak sekirite pou fè donnen yon bagay yo rele demokrasi.
Anpil ONG bidon ak gwo batayon èkspè machann demokrasi pral deplòtonnen toupatou an bonsamariten sou teren peyi domine yo pou demonte tout enstitisyon Leta ki gen awè ak Lajistis, Sante Piblik, Lòd Piblik, Estrikti Politik, Sistèm Elektoral, Administrasyon Piblik, Sosyete Sivil pou fè plas ak yon nouvo Leta swadizan demokratik kote se miltinasyonal oksidantal yo ki pran kontwòl politik ak ekonomik peyi domine yo.
Pou atenn objektif sa a, fòk yo kraze Leta, kreye enstabilite tout tan pou rann prezans yo endispansab sou teren peyi viktim yo paske lesefrape pwograme yo anjandre lapèrèz nan mitan sosyete sible yo.
Konsa, peyi kolonyalis yo pral itilize kouvèti Nasyonzini pou fè entèvansyon, kreye nouvo Nasyon anndan yon bann konfli pwograme tankou nan peyi Soudan, Yougoslavi (Sèbi) e deplwaye ajan destabilizatè nan plizyè dizèn peyi sou latè.Sepandan, malgre prezans Loni toupatou, pèsonn pagen je pou wè itilite Misyon sa yo sou teyat operasyon yo.
Jeneralman, degradasyon peyi depandan yo koumanse nan gwo kriz ekonomik vyolan FMI ak Bank Mondyal pwovoke nan ranmase lajan sou dèt atifisyèl plan neyoliberal la lage sou do Leta peyi depandan yo kote bidjè fonksyònman Leta sa yo pou ta kreye djòb pou mas popilè yo:
– efondre,
– sèvis sosyal yo gen tandans disparèt,
– absans fon devlòpman nan bidjè Leta yo konsakre chomaj ak mizè pou pèp nan peyi domine yo.
Mouvman dekonstriksyon peyi depandan yo sou kouvèti pwojè “State Building ” nan pou:
– enstore kawo ak dezolasyon nan mitan mas popilè yo,
– antre nan nouvo liy politik peyi enperyalis yo pou refonde Nasyon peyi depandan yo ak yon rapò sosyal ki aliye l sou modèl peyi oksidantal yo.
Nan non enjerans imanitè, kolonyalis yo fè entèvansyon nan Kidistan Irak, Somali, Rwanda, Kongo, Liberya, Afganistan, Kanmbòdj, Timò-Oryantal, Yougoslavi(Sèbi), Kosovo, Ayiti ake yon dividal lòt peyi pou tabli demokrasi, menmsi danlareyalite prezans yo senbolize mizè, kòwipsyon ak dezolasyon.
An Ayiti, bagay yo pa diferan. Apre koudeta 1991 kont Lavalas la ki koz plis pase 5000 moun mouri nan kan popilè a, anviwon 8 Misyon Nasyonzini te pase banbile sou tè Desalin nan. Misyon yo chanje non tankou chemiz, soti nan Miniya, Miponi, Minista, Minijis pase nan Bini, tout abouti nan menm rezilta katastwòf la.

Yo fè kòken nan Eleksyon, chanje bilten vòt , ekri fo pwosè vèbal nan Eleksyon peyi a; yo mete ansyen prizonye ameriken san fòmasyon apwopriye dirije lajistis peyi a, yo fè kadejak sou tifi tankou tigason anndan peyi a, yo pote kolera pou disparèt plizyè milye ayisyen, yo pran kontwòl administrasyon ak tout aktivite anndan peyi a pou ameriken yo e ajan Bini yo patisipe nan Konstwi Gang ak konfedere yo pou fè vyolans ak kidnaping sou pèp ayisyen an.
Kidonk, echèk Misyon Nasyonzini yo klè tankou klèrèt pou tout moun, e li te plis ke previzib . Istorikman, fòm Leta demokratik oksidantal yo swiv yon pwosesis konstriksyon pouvwa, vyolans lejitim nan fiskalite e yo gen yon mouvman sosyal solid ki sèvi enstitisyon pou jwe wòl kont pouvwa byen wode anndan yon fòmasyon sosyal avize e kiltive, yon kondisyon ki pa egziste nan peyi depandan yo.
Se konsa , echèk zewo bare Misyon Nasyonzini yo an Ayiti pa yon aksidan nan wout òganism entènasyonal sa k ap sèvi kòm zouti politik nan ponyèt peyi enperyalis yo. Konpòtman l antre nan liy vizyon peyi kolonyalis yo k ap chache enpoze yon mòd gouvènans nan peyi domine yo ki nan enterè oligachi peyi piyajè oksidantal yo. Se pou tèt sa, premye jès ajan Nasyonzini yo sou teren peyi depandan yo, se detwi tout enstitisyon, afebli sosyete sivil, enstale dezòd ak ensekirite pou rann sosyete sible yo engouvènab.
Atitid Bini sou tèren an kote l ap pote kole ak Gang G9 PHTK yo pou ankouraje kidnaping ak vyolans sou do mas popilè yo, pa depaman ake objektif kache yo genyen pou demoli peyi dAyiti.Eksperyans Eleksyon 1990 yo nouri lespri souvren nan mobilizasyon pèp la ki soulve kontradiksyon ki pa fasilite dirijan Bini ak Core-Gwoup pou enpoze lide yo genyen pou neyokoloni an. Donk, vyolans pèmanan Bini ak Core-Gwoup la kenbe nan peyi a, se sèl zèl kat ki ka pèmèt yo kontwole Finans ak Politik peyi a akote Gang ak PHTK.
Nan Kontèks politik peyi a kote ameriken ak ajan Loni yo ap chwazi moun ki pou vin Prezidan, Depite, Senatè alavans nan maskarad elektoral, kote anbasadè ameriken ap antre nan palman an ak sapat pou endike palmantè souflantyou yo kouman pou yo vote, kote se FMI ak Bank Mondyal k ap fè bidjè peyi a, prezans swadizan Misyon Nasyonzini p ap gen lòt fonksyon nan peyi a ke ranfòse depandans li parapò peyi kolonyalis yo. Epi, devan initilite Bini sou teren an, mas popilè yo kondane pou ranfòse òganizasyon yo toupatou nan nan tout Ti kwen, tout Ti Twou anba yon lidèchip k ap genyen yon karaktè nasyonal e pwogresis pou monte volim mobilizasyon mas popilè yo nan kapital tankou nan pwovens, nan vil kòm alakanpay pou dechouke Misyon Nasyonzini yo, Gang PHTK ak tout alye yo sou Tè Papa Desalin lan..
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Popilè Pou Dechoukay La! Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 4 avril 2022.
Pou Komite a:
PJ…





