Vwa Pèp La (no3)
Ki leson nou ka tire sou gwo batay Vètyè a?
18 Novanm, Yon Gwo Eritaj Pou Pèp Ayisyen.-
18 novanm 1803, yon kout tonnè politik te frape peyi kolonizatè yo ki t ap pataje tè sou planèt la tankou yon gato, depi 1492. Lame Napoleyon Bonapat la te fè bèk atè devan lame revolisyonè mas esklav Sendomeng yo, nan yon batay kolosal ki te dire 14 zè de tan. Le 19 novanm, jeneral Rochanbo ap voye yon ofisye franse ki rele Devenge bòkote Desalin, nan katye jeneral li nan Odikap pou siyen kapitilasyon lame franse a.
Batay Vètyè a te yon evènman istorik ki te sekwe sistèm eksplwatasyon peze souse esklavajis la. Se pat sèlman yon kondanasyon 3 syèk babari eksplwatasyon mas esklav yo nan koloni Sendomeng lan. Se te aboutisman 3 syèk batay yon ras moun kolon peyi Ewop oksidantal yo te chache avili, imilye, zonbifye, fè pase pou zannimo, pou nouri yon apeti voras e san limit pou richès ak byennèt endividyèl.18 novanm 1803 se te tou viktwa batay popilasyon Tainos yo ki te sibi jenosid nan men anvayisè panyòl yo.
Se an memwa yo, Desalin te reba Zile a non endyen l, Ayiti. Vyètyè te pwolonjman batay jenn fanm ak jenn gason afriken sou bato negriye yo, ki te chwazi lanmò pou evite esklavaj, se te pwolonjman batay Makandal ak nèg mawon yo, pwolonjman rezistans fanm esklav yo ki te anpwazonnen bebe yo pou anpeche yo vi n esklav, se te aboutisman batay ki te kòmanse nan Bwakiyiman an, aboutisman batay kont esklavajis panyòl, angle, franse. Desalin pat bliye tou pou bay viktwa sa yon karaktè kontinantal e entènasyonal, sètadi ki te pati entegrant batay tout mas oprime yo sou kontinan an. Se pou sa li te pale de Delgrès an Gwadloup. Li konnen tou anvayisè panyòl ak pòtigè te responsab ekstèminasyon plis pase 50 milyon endyen sou kontinan amerik la pou sa piye richès natirèl peyi yo.
Se pa yon aksidan si li te rele yo “kanibal”, e pral defann pou yo te mete pwent pye yo sou teritwa libere Ayiti a an kalite mèt osnon propriyetè.
18 novanm, se te yon atak dirèk, fwontal kont yon “lòd mondyal” ki t ap detwi moun sou planèt la, se te afimasyon dwa mas eksplwate yo pou konstwi yon lòt mond kote libète ak diyite chak moun, chak pèp te respekte.Se pou sa ofisye franse ki rele Lemonye Delafòs e ki te asiste batay Vètyè a te wè sa l te wè a e l te kite temwayaj la nan yon liv li te ekri:<< Mwen te wè yon gwo kolonn sòlda, anba mitray kat pyès kannon, ki t ap vanse san yon pa annaryè. Plis te genyen ki t ap tonbe, se plis sa te double kouraj lòt yo. Yo t ap vanse e yo t ap chante, paske nèg yo chante nan tout okazyon, e yo fè chante sou tout bagay. Chante yo se chante nèg vanyan.
Grenadye, alaso
Sa ki mouri, zafè a yo
Nan pwen manman
Nan pwen papa
Grenadye, alaso
Sa ki mouri, zafè a yo
Chante sa yo vo tout chante repibliken pa nou yo. Pandan twa fwa vanyan gason sa yo te vanse koudakoud san yo pat tire yon kout fizi, nou te repouse yo a chak fwa. Yo te repliye sèlman kan twa ka nan twoup la te atè. Fòk yon moun ta wè kalite bravou sa a pou l ka gen yon lide. Chante sa yo mil vwa t ap voye monte ansanm nan syèl la ak kannon kòm bas, te pwodwi yon efè ki te fè w fremi. Se bravou franse yo sèlman ki te ka reziste. Se sèten nou te gen anpil avantaj ak gwo fòs, plis yon bèl atiyri, plis sòlda ak bon antrènman. Sepandan, kantite mas sa yo ki t ap chante e ki t ap mache sou lanmò, anba limyè yon solèy mayifik, toujou rete nan memwa m, e menm jounen jodi a, apre plis pase 40 lane, espektak fòmidab, ewoyik sila a, rete vivan nan imajinasyon m, menm jan ak lè m te wè l la >>.
Kidonk, alavèy fondasyon nouvo Leta ayisyen an, zansèt pèp ayisyen an, atravè revolisyon 1791-1804 la ki pral jwenn konklizyon l nan viktwa 18 novanm 1803 a nan Vètyè, te kite pou pèp la yon eritaj kolosal yo te konstwi ak anpil kouraj, anpil diyite, yon detèminasyon san limit, yon espri sakrifis kote yo te mete vi yo nan balans politik la jou apre jou, e pandan 12 lane batay.
Se yon eritaj tout patriyòt ak tout klas eksplwate nan peyi a, de jenerasyon an jenerasyon, dwe reyapwopriye kou yon flanbo pou klere chimen liberasyon yo. Tankou nou ka konstate l nan konjonkti politik la, se yon chimen ki pyeje toupatou. Gen lènmi enteryè ki makonnen ak lènmi eksteryè ki an aksyon pou wè si yo ta ka kase osnon devwaye mobilizasyon popilè a, pou wè si finalman apre 2 syèk, yo ta reyisi antere eritaj revolisyon 1791-1804 la, pou ta detwi nasyon an nèt alkole.Men, si mas popilè yo rete fidèl a revolisyon an, fidèl a eritaj revolisyon sa, y ap an mezi afwonte nenpòt kalite lènmi.
Viv Eritaj Revolisyon 1791-1804 La!
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Batay Liberasyon Peyi a!
Wilfrid Suprena onon Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil.





