Ki kote Mario Andresol Pase?

Ki kote Mario Andresol Pase?

Marcel P Mondesir
Boukan News, 02/26/2025 – Prèske de (2) mwa gouvènman nonmen Mario Andresol kom Sekretè Deta Sekirite piblik ak Misyon pou kowòdone tout aksyon pou garanti Sekirite popilasyon an. Sa vle di pou mete teworis/gang/bandi ak kravat epi bandi ak sapat yo “hors d’état de nuire”.
Misyon Sekretè dEta nan tèt kole ak tout estrikti Sekirite yo se travay pou :
kwape teworis yo;
reprann tèritwa pèdi yo;
pèmèt refijye entèn yo tounen lakay yo.
Se sèten nou pa mande mirak e nou pa kwè nan mirak tou. Dayè tout moun ki respekte tèt yo pa ta kapab mize sou « BonDye bon » pou
garanti sekirite lavi ak byen nou. Men, nou te kwè ansyen responsab DCPJ a, ansyen DG PNH la, ki tanzantan te konn ap bay opinyon l sou koze ensekirite a, sou kouman pou Leta kwape teworis yo t ap vini ak yon demach/metòd pou ede otorite yo fè yon pa, jwenn yon direksyon pou geri malad sa, kansè sa ki gaye nan tout mwèl Kò peyi a.
Se kounye a pifò moun nan Pòtoprens ap kouri nan tout Direksyon san yo pa konnen kisa k ap tann yo nan swadizan nouvo refij yo.
Pòtoprens Gaza menm kout bâton pou peèp yo ak yon diferans, popilasyon Gaza konnen byen se Premye minis Benyamin Nétanyahou ak tout klik kolon ekstrèm dwat li yo k ap egzekite « plan d’extermination yo », sa vle di plan pou elemine yo kòm pèp epi pran Tè yo.
Nou menm pèp Ayisyen an nou pa janm kapab konnen plan te teworis yo, bandi ak kravat yo ke bandi ak sapat yo ap ekzekite sa kè kase.
Nou pa rete kwè  anvi teworis Viv Ansanm se bwè sang sèlman.
Si nou gade bilan aksyon teworis yo pandan dènye semèn sa yo pa gen okenn ekspresyon, okenn imaj pou dekri sitiyasyon sa.
Popilasyon Pòtoprens lan ap Monte Golgotha pa do epi ajenou. Nou konprann pwofondè soufrans ak sakrifis popilasyon 2 bra balanse a.
Epi okenn otorite pa fouti bay okenn esplikasyon pou fè nou konprann kouman fè teworis yo vin “toupwisan” nan zak kriminèl yo.
Nan moman n ap ekri la èske nou kapab pale ankò de lavi nan Kapital peyi dAyiti/Pòtoprens.
Èske kounye a se pa 90% Kapital la ki sou kontwòl teworis yo?
Soti Gresye, pase Kenskòf, antre nan Kè Pòtoprens pou kontinye sou Kwadèboukè, kwaze wout Nasyonal #1 an pou antre anndan Latibonit sitou nan zòn Tirivyè Latibonit “se teworis yo sèlman ki fè lalwa.
Nan 72èdtan se 3 masak teworis yo fete anba je otorite ki responsab sekirite popilasyon an.
Kote plan estratejik Sekretè dEta Sekirite piblik la te konn ap klewonnen nan tout radyo ak lòt mwayen kominikasyon yo.
Èske Sekretè dEta Sekirite piblik la pran nan sandwich ou byen “ce système broyeur d’hommes et de femmes l’a neutralisé”?
Ou bien la lutte des clans arrive à le mettre en minorité?
Nou ta renmen konnen Kisa ki pase ki fè ak nominasyon Sekretè dEta Sekirite piblik la Ayiti espesyalman Kapital li a/Pótoprens kom René Théodore te nonmen “beauté paradisiaque de la Caraïbe de par sa beauté et sa positon” tounen tout bon vre « cimetière à ciel ouvert ».
Se kounye a nou pran nan twa(3) rwa tout bon.
Li ta enteresan pou n konnen ki kote machin nan bloke.
Tout otorite yo dwe konnen echèk sa, soufrans sa se soufrans 11 milyon Ayisyen. Nou pa dakò l.
Marcel Poinsard Mondésir 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *