Vwa Rezistans Popilè (No3).-
Ki Akò? Akò Mizik? Akò Politik? Dezakò nan Akò! Dezakò San Akò!
Akò! Se Tolalito Pou Voye Pousyè Nan Je Pèp La.

Sa fè lontan, pawòl ap bouyi nan milye politik anndan peyi a, nan “Core-Gwoup ” ak nan antouraj mèt neyokoloni an nan Wachintonn pou rapyese yon solisyon ak moso dra sal pou kouvri kriz malkadi k ap sakaje bil neyokoloni Ayiti a depi asasina Desalin nan. Malgre rakonta, rablabla istoryen boujwa kont-revolisyonè yo pou defòme fè istorik yo, pèp la te toujou reziste kont enstalasyon sistèm peze souse a kriminèl yo plake nan figi peyi a apre zak asasinay 17 oktòb 1806 la tankou Peryòd jesyon responsab Anri Kristòf nan zafè Leta nan rwayòm Nò a, Mouvman peyizan Grandans ak Goman, Mouvman peyizan Sid ak Akao e Mouvman peyizan kako yo.
Toutfwa, si nan peryòd leve kanpe pase yo, vizaj vrè mèt neyokoloni an te rete kache, jodi a mobilizasyon pèp la mete ameriken yo toutouni devan kalamite ki tonbe sou do peyi dAyiti a.
Soti nan lajan rekonstriksyon peyi a apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la yo detounen, pase nan vòl lajan Petro Karibe pou rive nan voye zam ak mèsenè pou PHTK fòme gang nan peyi a, pèp la toujou dekouvri men ameriken yo nan tout move kou k ap kraze neyokoloni an. Mete sou sa, nan sousi goumen kont mepri ameriken yo pou peyi a pandan 10 lane PHTK a, mas popilè yo ranmase ase èksperyans sou beton an pou dekouvri ke resèt paspatou enperyalis yo fè fayit donk, farin nan pa dwe tounen nan menm sak la.Jodi a, pami tout manèv politik, akò se yon nouvo zam y ap itilize kont pèp la. Malerezman pou yo, nan zafè akò politik, pèp ayisyen an gen èksperyans pou l vann an gwo kòm an detay. Sonje 1793, se akò Santhonax ak Tousen Louvèti a ki te kondwi nan pwoklamasyon libète jeneral pou mas esklav yo nan koloni Sendomeng lan; le 19 novanm 1803 apre lame endijè n nan te fin krabinen lame franse a lavèy, se yon akò ki te siyen ant Desalin e Rochanbo ki te pèmèt lame franse a te kouri kite peyi a.
KiDonk, ekzanp sa yo pwouve ke tout akò dwe siyen ant 2 kan opoze e l dwe abouti ak yon rezilta pozitif pou mas popilè yo.
Swadizan akò Aryèl Anri a, se yon antant ant PHTKis, Jovnelis, enperyalis, oligachi a, machann dwòg, kidnapè ak politisyen opòtinis yo anboche pou fè pwomosyon pou kenbe Tèt Kale nan pouvwa a.
Swadizan akò Montana a, se yon antant ant zanmi nan sektè refòmis yo anba kontwòl boujwazi konpradò a men nan men ak enperyalis la pou kenbe sistèm peze souse a an ekilib.
Li klè kou dlo kokoye, tout akò sa yo monte nan do pèp la e kont mas popilè yo paske dirijan k ap manniganse akò sa yo a se ajan enperyalis, lènmi de klas mas popilè yo osèvis boujwazi konpradò a, oligachi a e enperyalis yo.
Se pou sa Tou, devan kòlè mas popilè yo ki nan lari a pou mande chanjman nan kondisyon vi a yo, deplwaman gang ak gwo zam nan tout peyi a pa bay rezilta enperyalis ak oligachi a t ap tann nan.
Nan tan lontan, yo te konn retire mete moun nan tèt pouvwa a san danje; Jounen jodya, rèstavèk ekonomik e politik yo pa genyen kapasite pou byen ranpli fonksyon sa ankò pou mèt neyokoloni an.
Akò pasipala pou rasanble fòs reyaksyonè yo se yon èstrateji boukle sentiwon pase isi, pase lòtbò na rankontre pou simen konfizyon nan mobilizasyon an. Sepandan, apre plis pase 200 lane batay, pèp ayisyen an mezi konpwann ki enterè kolonyalis ameriken ak franse ap chache nan peyi a e l deja rale kreyon l make tout lènmi ke l dwe òltègèt sou chimen liberasyon peyi a.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Solidarite Popilè A! Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil. – 22 nov 2021.
Pou komite a,
Wilfrid Supréna…





