Kay vwazen

Kay vwazen

Esau Jean-Baptiste
New York, USA, 04/12/2023 – Byenseyans fè lè nou ale kay yon mounn, pou li eseye mete nou alèz, li toujou di nou: “Fais comme chez toi”.  Men, se ki sa ki dèyè pawòl sa?
Ansanb, an nou eseye gade ki dènyè fwa ke n te tande yon papa ou byen yon manman te di ak pitit li ki rete nan menm kay ak yo, “Fais comme chez toi”.
Donk, lè ou ale kay nenpòt mounn epi li di w ak anpil souri e jantiyès, “Fais comme chez toi”, se yon fason pou li tou senpleman raple w, ke w pa lakay ou.  Ki vle di: ou gen limit. Gen bagay ke w k ab fè, konsa tou gen yon pakèt bagay ke w pa kab fè lakay li.
Ou pa kab ouvè pòt frijidè. Ou pa kab ap monte desann nan tout chanb. Ou pa kab ap pwale sou fou pran manje jan w vle.  Ou pa kab mache al nan twalèt mounn jan ou vle. Ou pa k ab limen radyo ak televizyon jan ou vle. Alewè pou w ta ouvè yo byen fò.
Si ou swaf, se mande pou w mande dlo. E menm la ankò, ou pa gen dwa pou w ap di ki kalite dlo ke w bwè.  Si ou bezwen itilize twalèt, se mande pou w mande “silvouplè, ki kote twalèt lan ye la”?  Paske ou pa lakay ou. Kò m ou pa lakay ou, donk gen yon jan pou  w konpòte w.
Objektif tèks sa, se pou n eseye konprann  fénomèm sa ki ap devlope depi plizyè zane nan kesyon tout bagay se kay vwazen pou nou al fè l an menm tan, move konpòteman ayisyen lakay mounn yo ki vle fè peyi.
Nan rapò de vwazinaj ant Ayiti ak Repiblik Dominiken, se kay vwazen ke ayisyen prèske fè tout bagay. E sa yo poko fè kay vwazen an pa anpil.
Pa egzanp, kò m otorite peyi Dayiti pat janm vle konstwui oken inivèsitè serye nan peyi an, vinn ajoute ak tout pwoblèm ensekirite jeneralize sa, kounye an, se lakay vwazen ke anpil nan jènn etidyan yo oblije ale nan Inivèsite pou yo etidye.
An plis de sa, kò m sa fè lontan depi ke Ayiti sispan n yon peyi esabsyèlman agrikòl, donk pou pi prè, sitou pou anpil mounn ki pa vle ale jis an Florid pou fè makèt ankò, donk se kay vwazen ke yo al achete prèske tout bagay pou yo manje.  Lè yo vle fè fèt menm, se pa pale.
Se la tou ke anpil mesye ki vle pran plezi ak jenn ti boubout al pase weekend. Yon week end trankil lwen katouch. Pou yon ti bout tan, avèk yon jenn ti boutbout, se plezi nèt al kole nan otèl lakay vwazen.
An palan de gason ki pwal pran plezi kay vwazen ak ti mennaj, mounn ki ap li tèks sa tap gade pou wè si ke m pa tap pale de mesye dyaspowa yo tou nan kesyon sa.
Efektivman, anpil mesye nan dyaspowa ki, a koz ensekirite, pa kab rantre an Ayiti vinn dèyè jenn ti gengen n, donk pou plis sekirite, se an Repiblik Dominikèn ke yo al dèyè anpil nan ti medam sa yo. Lè konsa, yo tou lwe ak meble kay la ba sa tou pou ti boubout lan.
Nan kesyon lwe apateman kay vwazen gen anpil fanmi ak otorite peyi Dayiti ki rantre nan zafè sa tou. Tankou Maurice Sixto ta di: Men, sa w vle yo fè ma komè? Se la ke yo kab rete lwoin kidnapping ak bwui bal. Sa w vle yo fè?  Pou yo te kite fanmi yo nan move sitiyasyon malouk sa. Men, ou tap ri yo ma komè.
Gen anpil ak anpil bagay ki te k ab di nan kesyon al fè tout bagay lakay vwazen sa. Men, nan yon ti tèks de kèlke mo, nou p ap k ab di tout bagay. Men, anvan ke n fini, an  nou fè yon ti pale de ekip lokal ak seleksyon nasyonal peyi Dayiti yo nan zafe kay vwazen sa.
Aktyèlman, e sa fè yon bon ti bout tan, pou konsantrasyon, preparasyon, ansanb ak tout match entènasyonal ekip lokal yo ou byen seleksyon nasyonal peyi Dayiti gen pou jwe,  se teren foutbòl lakay vwazen ki tounen estad Sylvio Katò. Erezman ke gen ayisyen tout kote. Konsa, toujou gen kèk konpatriyòt ki toujou al bay tour sipò yo ak ekip peyi yo.
Ajoute ak sa, dyaspowa an pa kab vinn fè biznis Ayiti, se lakay vwazen ke li ale. Li pa diferan tou pou envestisè lokal yo ki, bouke ak kesyon ensekirite, kidnapping tout la sent jounen sa, oblije al fè menm bagay lan tou. San konte otorite ki finn kraze ak volè tout kòb peyi an, epi al kanpe gwo biznis lakay vwazen an.
Men, pou konbyen de tan bagay sa ap rete konsa? Ou imajine w pil deviz ki ap travèse ale kay vwazen chak ane? Ekonomis yo gen anpil ke yo k ab di ou ekri sou kesyon sa.
Malgre tout sa, lè vwazen pa sou san l, li choute ak mete ayisyen deyò lakay li jan li vle. Lè konsa, ansyen ak fiti lidè peyi Dayiti fè sa yo fè pi byen, ki se, al plenyen ak pale anpil nan radyo. Men, kò m anpil ladan yo se blofè, kou week end lan rive, bonè, bonè, ou wè yo ap travèse fwontyè an ak yon jenn ti mennaj. Pandan ke yo pwal retires estrès semenn lan lakay vwazen, yo tou ap boule kòb peyi an. Lajan Leta, machin n Leta, gaz Leta, donk tout ti rès lan pou ti jenn yo.
Kite mele yo ak Leta. Leta se yo. Yo se Leta. Donk, se fè kòb an Ayiti, epi al depanse lakay lòt dirijan responsab ki ap fè peyi. Men, gen yon gren n bagay jwuisè san konsyans, ou mèt fè gagòt, pran plezi w, boule kòb Leta jan w vle, kraze, brize tout sa ki sou chemen w jan w vle, pa bliye sa, menm jan bèl mè pa manman, kay vwazinaj se pa kay pa w.
Pwofesè Esau Jean-Baptiste
Photo: thought.co

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *