Kay koule twonpe solèy, li paka twonpe lapli !

 

Kay koule twonpe solèy, li paka twonpe lapli !

Boukan News, 09/27/2023 – Nan lane 1994, Meriken ak lame kraze zo a sèvi ak Koudeta/ beny san 30 sektanm  lan, vyolans atache FRAPP plis yon anbago komèsyal pou yo jistifye  yon  entèvansyon militè nan peyi Dayiti. Jodi a, li klè bi entevansyon sa a tap rapousuiv se te bay pwojè neyoliberal la ak privatizasyon an jarèt. Entevansyon militè 1994 la ak pwojè neyoliberal meriken an pa pote anyen pou mas Pèp la Ayisyen an anwetan plis kriz, grangou ak plis mizè.

2023 -30 lane aprè, pouvwa kale tèt la, Kò gwoup la ak meriken alatèt sèvi ak vyolans fabrike gang ame yo plis anbago sou mango fransik pou yo lage peyi a nan yon kachwouboumbe kap ride yo fouye nan gojèt Pèp Ayisyen an yon lòt entèvansyon militè. Fwa sa a, entèvansyon militè a ap chache sove sistèm miwo miba pouri a, pèp Ayisyen an leve kanpe pou l dechouke sistèm peze souse a dekwa pou l ka reyalize aspirasyon l pou viv byennèt, libète ak plis demokrasi.

  • Fil la plòtonnen nan men yo paske Pèp Ayisyen an klè pàn se nan sistèm lan li ye menm ;
  • Fil la plòtonnen nan men yo paske Pèp Ayisyen an klè pàn sa a, pa kadre ak sa lap egzije yo ni nan bouyon rechofe yap ofri l yo li yo ;
  • Fil la plòtonnen nan men yo paske Pèp Ayisyen an klè entèvansyon militè se mannigans loni, kò gwoup la, enperyalis meriken yap chache fè dekabès nan jwèt politik peyi a, yo vle fè tèt yo pase pou jij e pati alafwa.

Konsa, nou menm òganizasyon ak batayè ki siyen nòt sa a nou deklare :

  • Pa gen pyès solisyon militè pou kriz grangou, jistis sosyal, sekirite ak demokrasi ki tabli nan peyi dayiti.
  • Ajisman Kò gwoup la, loni ak enperyalis meriken nan peyi a kreye plis pwoblèm pase solisyon pou majorite Pèp Ayisyen an.
  • Sa Pèp Ayisyen ap mande se moun nèf pou l bati yon demokrasi solid kap donnen jistis, sekirite ak byennèt.
  • Sa Pèp Ayisyen an ap mande se respè tout revandikasyon l epi respekte wout lap trase pou wete peyi l nan kriz epi viv nan lapè.
  • Nou angaje nou pou nou kontinye kanpe doubout nan yon gwo Fwon Rezistans bò kote Pèp Ayisyen an ki se yon chanpyon batay pou Libète !.
  • Nou lanse yon apèl solidarite bay tout frè m ak Sè nou, tout zanmi, Kamarad patizan libète sou latè sòti nan Karayib la pase nan Amerik latinn lan tonbe an Afrik pou pote kole ak Pèp Ayisyen an kap fè fas ak yon kanejak sou tout dwa grandèt AYITI genyen pou li mèt tèt li, mèt richès li, mèt Lavi l.
  • Konbit Fanm/ROZO Nancy Marie DELCY
  • Fos Nasyonal pou Demokrasi (FND) Serge Jean Louis
  • INYON NASYONAL NÒMALYEN AYISYEN (UNNOH) Josue MERILIEN
  • Asosiyasyon Ayisyano/Dominikè pou yon lòt Zile Michel A. Leandre
  • Lig Etidyan Sosyalis (LES) Patricia Marie Alcide
  • Mouvman Rezistans Kafou Fèy /Fanel jean St Cyr
  • Inisyativ Patriyòt Maryen (IPAM) Hugues Celestin
  • RENOUVO DEMOKRATIK/ Yves PIERRE
  • RENOUVO DEMOKRATIK Ayiti -LWÈS (RDL) Dominique G. Antoine

10-REZO ÒGANIZASYON ZÒN LWÈS (ROZO) Mirtha ELIE

11-SENDIKA NASYONAL PLANTÈ YO (SNP) Eugeune DOMINIQUE

12-Brigad Capois Lamort/ Nord (BCL) Dorlus P. Bertrand

13-Men nan Men/ France – Yves  Descarte

14-Òganizasyon Peyizan Boukan Kare (OPBK) Josiane Dolcima

15-Altènativ Sid/ALBA (AS/ALBA) Rodrigues Santos

16-Sendika  Pwofesè Sen Rafayèl – Noel P. DORLUS

17-Asosiysyon Monitè Alfa Pòtoprens (AMAP) Bredy ALIX

18 Komite Rezistans Klod Anri Rene / Bien Aimé Lurcas

19-  REZO ENFÒMASYON POU LIBÈTE (REL), Lucnie DESROCHE

            Sitwayen angaje :

Evelyne Schiluno   –     Magda Joseph  –  Yves Mensier  –

Yolande Laferrière  – Jean Emile  FAYEDI.

Pou Otantifikasyon :

RENOUVO DEMOKRATIK

 Yves PIERRE                                            

REZO ÒGANIZASYON ZÒN LWÈ (ROZO)

Mirtha ELIE 

INISYATIV PATRIYOT MARYEN

DP/ Hugues CELESTIN                                                                        

FÒS NASYONAL POU DEMOKRASI

DP/ Serge JEAN LOUIS

UNION NATIONAL NORMALIEN HAITIEN (UNNOH)

Josue MERILIEN

Pòtoprens Jou ki 23/09/2023

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *