Jiwèt, Poupetwèl, Gasonpantalèt, delenkan, Sibèlgwenn…Se Chouchou enperyalis yo…

Vwa Rezistans Popilè (No19).-
Jiwèt, Poupetwèl, Gasonpantalèt, delenkan, Sibèlgwenn…Se Chouchou enperyalis yo…
PouKisa  peyi enperyalis  Etazini an tèt Toujou Apwiye
Delenkan Pou Dirije Peyi Depandan Yo?
Apwe Pwemye lagèr  mondyal la, politik peyi enperyalis yo Ewopeyen e nò ameriken, se te bay tèt yo kapasite pou ogmante  espas jewografik ( tèwitwa) pou yo jwenn plis debouche pou  ekoule ( vann) machandiz Ke endistwi lakay a yo ap pwodwi maten, midi swa e sitou kreye kondisyon Ideyal e maksimòm pou machann yo, bankye yo fè akimilasyon rapid sou do ouvriye, peyzan, tout kalite konsomatèr ake aktèr…
Anpil  lòt lagèr   anvan sa 1914/1918 la  te eklate atravè listwa limanite nou konnen pou redistribisyon tèritwa an zòn   Enfliyans sou planèt la pou chak gwoup machann, bankye, èspekilatèr tout kalite lè yo pa pete lòbèy antre yo pou yo rive kontwole nasyon ki vin  pwisan  nan vòlò tè, vann moun, fè moun travay pou  granmesi  pou yo, devlope gwo zam pou Kraponnen yonn lòt Epi kontinye Woule mannivèl vyolans, konkèt, lagèr,  vòlò a..
A chak epòk, gen nouvo vag pou yon gwoup  pwisans rafrechi lizyè yo ak dòt ki oblije konsolide pozisyon yo genyen pou garanti politik gwo ponyèt la..
– Lè se pa Lèspay se La Frans,
– Lè Se pa Lafrans Se Langletèr – – – Lè se pa Langletèr Se LAlmay
– Lè se pa Lalmay se Lèzetazini depi yo fin disparèt milye kretyen vivan nan Vil Nagazaki ake Iroshima nan lane 1945…
Se politik konkèt, vòlò richès lòt peyi enperyalis yo ap aplike depi digdantan ki fè yo rive kontwole aktivite peyi domine yo an pèmanans nan tout domèn: Ekonomik, Politik, Sosyal ak Kiltirèl.
Se yo ki mete mekanis an plas pou selèksyone, chwazi e enpoze dirijan nan peyi depandan yo; oubyen atravè koudeta  oubyen  atravè eleksyon pikekole; yo toujou genyen tout apèldòf menm lè yo ta mize sou boul malatchonn, bèf pou rwa, savann pou rwa, se yo menm k ap toujou tire boul la nan djòl kalbas la.
Konsa, ameriken yo ki te annatant depi premye gè mondyal la, pral pwofite fen 2èm mgè mondyal la pou gaye wonn nan, pran tout chodyè a pou pase tèt yo kòm sèl puisans ki dwe dekoupe kòpyèz.
Nan premye mwatye 19èm syèk la, ameriken yo te deja bay siy sou anbisyon yo genyen pou jwe nan lakou dègran. Pami tout deklarasyon yo t ap fè nan sans sa, pa Prezidan James Monroe a te parèt klè nan je tout moun, lè l di:” Lamerik Pou Ameriken “. Ak deklarasyon sa, tout puisans kolonyalis ewopeyen yo te avèti ke savann kontinan Amerik la te gen yon nouvo mèt e si yo vle kontinye galope ladan, fòk yo pran prekosyon pou yo pa fè aksidan.
Toutfwa, konpòtman ameriken yo te kopye tout sa k negatif kay espanyòl, franse ak angle kòm kolonizatè pou repete yo ak degi nan peyi depandan kote yo depoze grapen yo.
Apre 2èm  lagèr mondyal la, ameriken yo pral enstale enfliyans yo totalman nan Amerik la kòm sèl pwisans ki fè ak defè, souvan ak egzaksyon enkwayab sou fizik ak nan chè sitwayen yo, nan byen ak vi yo, e sou richès tout peyi depandan yo ki nan kontinan an.
Tout richès Amerik la te pran wout Etazini palafòs ou andousè ak èd ajan domèstik yo te enstale nan tèt peyi depandan yo kote yo menm rache peyi Porto Rico nan men Lespay pou fè l tounen yon Eta asosye Etazini. Nan lane 1950 yo, ameriken yo pral etann zèl yo sou kontinan Azi a pou fè nouvo viktim.
Detan twamouvman, pwodiksyon yo depase limit, yo antre nan envante enstriman ak enstitisyon ki dwe pèmèt yo konsève avantaj yo genyen sou plan politik ak ekonomik sou pèp domine yo atravè tout kontinan yo.
FMI, Bank Mondyal pou kontwole Finans, Lotan pou l soumèt pèp rekalsitran yo palafòs lè sa nesesè ak ONG pou ranfòse travay ideyolojik la nan mitan sosyete peyi depandan yo. Kote w kite legliz fondamantalis kretyen yo, Mormon, yon latriye sèk ake tout konfesyon, tout denominasyon ake yon sèl Objèktif: zonbifye, pou kontwole, vòlò pou ranfòse…
Konsa, nan politik, se ameriken yo ki enpoze moun pou dirije peyi depandan yo nan swadizan eleksyon kote yo toujou chwazi moun pa yo alavans. Lè sa a, yo tenikont si moun sa te pase nan Inivèsite peyi oksidantal yo pou yo te fabrike l nan moul sistèm nan, ( ekonomi mache a, Demokrasi ki mezire nan “ l’aune” machann, bankye, gwo chèf militè, pwoprietè gwo konpayi k ap ponpe zam fann fwa,pwopriyetèr  gwo konpayi asirans, pwoproyetèr gwo medya k ap mafweze lèspri moun ake Nouvèl depaman, pwoprietèr gwo konpayi k ap fè avyon, tren, otobis, prowiyetè gwo antwepriz k ap bèy fwanchiz pou monte rèstoran “ Kon y cho I kwit”, ( McDonald, Burger King, Wendy s, Chipotle, Seven eleven), gwo jwè daza k ap fè èspekilasyon nan Nasdaq, Dow Jones, gwo Machann Teknoloji “ de pointe” yo….eks yo tcheke si moun sa gen move dosye lajistis paske l dwe :
-yon kòwonpi ki pagen veleyite nasyonalis tankou Jera Latòti, Lesli Delatou, Mak Bazen, Michel Mateli, Jovnèl, Aryèl Anri …
– yon domèstik tankou Franswa Divalye ki te di nan diskou inogiral li kòm Prezidan:”
“je conseille aux autres candidats à se rallier à mon administrasyon et forme le voeu qu’Haiti devienne l’enfant gâté des Etats-Unis à l’instar de Porto Rico “(Papa Doc et les Tontons Macoutes).
Kan pèp yo fè jefò pou tire yon boul ki pa malatchonn, ki ka gade enperyalis la nan je, imedyatman yo pase alaksyon pou fè koudeta ou entèvansyon militè pou retabli lòd pèsonèl yo:
– Jacobo Arbenz Guzman nan Gwatemala ( 1953).
– Moris Bichòp, ( 1983), ameriken yo te kraze l anba bonb lè yo te anvayi Grenad;
– Aristid te pran yon koudeta sanglan kote plis pase 5000 moun nan mas popilè yo te mouri anba zam lame dAyiti sou lòd ameriken yo apre sèlman 7 mwa pouvwa Lavalas;
– Jeneral Pinochè te touye plis pase 60000 chilyen nan koudeta kont pwogresis Salvadò Ayennde nan Chili pou satisfè ameriken yo ( Sèptanm 1973), Franse yo asasinen Tomas Sankara nan Boukinafaso paske l te twò moun debyen e ameriken yo pa ezite yon minit pou kraze ansyen sèvitè yo tankou Prezidan Panama, Noryega ki te konn vann dwòg pou yo pou finanse kont-revolisyon nan Nikaragwa a pou ameriken yo.
Kidonk, tout kote loksidan kapitalis e kretyen an ap pèdi pedal, se bandi ak teworis yo kenbe kòm alye yo sou teren politik yo nan peyi depandan yo.
7 jiyè 2016, Laurent Fabius, Minis zafè etranje lafrans deklare ke Alkayida (ANOSTRA) fè bon travay an Siri paske l te reyalize 73 atanta swisid nan yon jounen ki te fè preske 4000 mò nan mitan popilasyon sivil la; Ameriken yo te apwiye Khelashvili pou l te prezidan Jòji, jodi a li nan prizon pou vòl; Ameriken yo te apwiye Juan Orlando Hernandez pou l te prezidan Ondiras, jodi a li nan prizon pou dwòg. Donk kounyela, se fripouy, machann dwòg, kidnapè, ameriken ak alye l yo bay jere aktivite ekonomik ak politik sou teren nan peyi depandan yo.
Imaj yo andegraba. Yo te byen konnen Mateli ak Jovnèl te nan aktivite dwòg avan yo te mete yo nan pouvwa a e yo te okouran ki bwa Aryèl Anri te chofe nan asasina Jovnèl la avan yo ranmase l mennen l nan Primati a. Donk, nan “ Shithole” ( Latrin santi) Trump te dekri a pou peyi tankou Ayiti, Salvadò, Nigeria ake yon dividal lòt, adefo pou yo foure nen yo pou bouch yo pa bade,  “establishment” politik ameriken an itilize domèstik tankou Mateli ak Aryèl Anri ou lòt frelikè pou fè djòb sal la anndan latrin yo pou piye richès peyi yo lonje ba yo.
Se pa san rezon anbasadè ki nan “Core-Gwoup ” la ki gen abitid ransonnen machann dwòg pou ranmase lajan pou ekri bon rapò pou yo, ap mache drive nan reyinyon kay kidnapè ak machann dwòg pou prepare pwochen senaryo nan dram mèt neyokoloni an planifye pou pèp ayisyen an.
Nan kalfou tenten kote Fwanse, ameriken  ake boujwa konpwadò , politisyen rat do kale, plimeank san ren, san senti yo mennen peyi a jodi a, pèp la dwe konte sèlman sou
– kapasite òganizasyon l,
– sou kouraj li ak konviksyon l pou l mobilize dèyè Liberasyon peyi l anba grif kolonyalis ameriken yo ak Gang PHTK yo.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Popilè A!
Libète ou Lanmò.
Philomé Jacques pou
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *