Jis Kilè Pèp Ayisyen Ap Anmezi Chwazi Moun Ki Dwe Dirije l?

Vwa Rezistans Popilè (No5).-
Jis Kilè Pèp Ayisyen Ap Anmezi Chwazi Moun Ki Dwe Dirije l?
Nan yon liv ki rele ” Les 10 jours qui ébranlèrent le monde “ ke l pibliye an 1919, ekriven ameriken, John Silas Reed di: “Revolisyon Risi 1917 la, se pi gwo boulvèsman sosyal ki rive chanje mond lan “.
Yon nouvo fòm demokrasi altènativ, Demokrasi Popilè, parèt anfas Demokrasi Boujwa a. Konsa, se tout vizyon sou mond lan ki transfòme. Demokrasi Boujwa wè lavi atravè gwo lajan, bèl kay, bèl yatch, bèl fanm ak bèl plezi pou klas dominan, alòske Demokrasi Popilè a wè lavi atravè Moun, Edikasyon, Sante ak Lakilti. Depi lè sa, lide pwogresis ki soti anndan Demokrasi Popilè a vin ranfòse priz konsyans nan mitan klas èksplwate yo nan mond lan pou mobilize dèyè revandikasyon ki pi presi e pi file.
Mobilizasyon masif fòs sosyal yo pou voye monte nouvo revandikasyon sa yo, pral pèmèt klas èksplwate yo rache kèk konsesyon nan bèk kapitalis monopolis anndan klas dominan mondyal la: jounen travay pase “de 14zè d tan a 8tè “, dwa pou fanm, dwa pou fè sendika, sekirite sosyal, asirans ak pansyon pou ouvriye.
Chavez/Evo/Maduro

Klas dominan yo pral bay tèt yo lòt levye sifizan pou redwi enpòtans avantaj sa yo. Yo jwe ak enflasyon, taks ak lòt metòd nwizans pou toujou mentni lanfè nan antouraj klas èksplwate yo. Mizè pèmanan ki kreye nan mitan mas yo, tabli yon sitiyasyon èksplozif ki oblije klas dominan chache kontwole l. Konsa, peyi neyokolonyalis yo chache enfliyanse tout aktivite ki vize chanje reyalite nan peyi depandan yo. Yo plase domèstik nan tèt pouvwa Leta kolonize yo pou garanti yo kontwòl richès peyi depandan sa yo. Neyokolonyalis yo opoze, souvan ak vyolans ( Masak Riyèl Vayan 28nov 1987), atout veleyite mas popilè yo pou rive mete moun ki pou dirije peyi yo: Ameriken yo ak lame dAyiti bay Aristid koudeta, 7mwa sèlman apre l fin rive opouvwa; Ameriken ak Linyon ewopeyèn kontèste eleksyon prezidan popilè Hugo Chavez, ak eleksyon prezidan Maduro nan venezyela; Etazini ak yon òganizasyon pafètman initil ki rele lOEA, kontèste eleksyon prezidan Evo Moralès an Bolivi, alòske nan repriz eleksyon yo, tout moun wè popilarite Evo tèlman gran, pawòl li ak konviksyon l sifi pou te fè mas popilè Bolivi mobilize dèyè yon militan nan menm pati politik ak Moralès pou reprann pouvwa a; nan Nikaragwa, ameriken ak peyi tchoul li yo, kontèste eleksyon prezidan Danyèl Òtega paske Òtega pa yon jiwèt pou yo manipile.

Emeute en Guadeloupe

Kidonk, tout lide oksidan yo an pa n paske lit popilè yo dezabiye ni panse ekonomik, ni panse politik ki akonpaye Demokrasi Boujwa Mizerab la k ap pèdi vitès. Leve kanpe k ap fèt an Azi kòm an Afrik pou chase neyokolonyalis yo, se yon mouvman popilè pou pèp yo reprann kontwòl dèsten yo, richès peyi yo ak avni jenerasyon k ap vini nan peyi yo, devan lamizè, chomaj ak soufrans, ekonomi liberal ki akonpaye Demokrasi Boujwa Mizerab la lage sou do yo.

An Ayiti, mobilizasyon pèp la kont sistèm feyodal neyokolonyal la, pa diferan ak batay san pran souf pèp afriken ak azyatik yo jodi a. Sepandan, estrateji ak entelijans mas popilè ayisyen yo dwe kondwi yo nan yon batay etap pa etap. Yo dwe egzije yon refòm elektoral pou pèmèt mas yo pran kontwòl machin elektoral la, pou se yo ki deside kilès moun nan peyi a ki pou dirije yo. Eleksyon ki dwe fèt anba kontwòl mas popilè yo, pa dwe koute anpil lajan e yo dwe finanse totalman ak lajan Leta ayisyen, san asistans konseye teknik etranje ni enstitisyon etranje.
Tout dokiman ki gen rapò ak eleksyon dwe fèt ak ayisyen, an Ayiti. Elèv lise ou lekòl prive, etidyan dwe mobilize kòm benevòl, pou akonpaye pwosesis la pou anpeche anbasad ameriken, kanadyen ak franse drese lis moun ki dwe pase nan eleksyon nan peyi a.
Kidonk, lide pwogresis ki te travèse Revolisyon Bòlchevik Ris 1917 la, te ride mas popilè yo nan mond lan pou atenn yon lòt nivo e ranfòse fòs sosyal yo nan mobilizasyon kont sistèm èksplwatasyon an nan peyi tankou Lachin, Kiba, Nikaragwa ect. Anpil tan pase, neyokolonyalis yo ozabwa, y ap chache kenbe yon sistèm ki fè tan l deja.
Juan Guaido

Jodi a, ameriken yo envite Gwayido, prezidan otopwoklame venezyela ke manda l fini kòm depite, ke yon  lòt lidè ki rele Kaprilès deja ranplase nan tèt pati opozisyon venezyela, pou l pran lapawòl nan swadizan foròm pou demokrasi ke vandè demokrasi ameriken yo ap òganize.

Koze sa, montre panik kolonyalis yo ki oblije akomode yo ak tout mizerab kòwonpi nan peyi depandan yo, tankou Gwayido ki pa menm gen kapasite pou l fè moun nan sikonskripsyon l vote l pou depite ovenezyela.
Malgre tou, se nan non mizerab Gwayido sa a, ameriken yo ak angle yo fè piyaj lò venezyela te gen nan Bank an Ewòp ki vo 30 milya dola, e plis pase 5 milya lajan gaz ki nan Bank Etazini.
Batay politik pou liberasyon peyi dAyiti anba dominasyon ameriken yo pèp ayisyen ap mennen jodi a, pa depaman ak lit pou l chanje kondisyon vi l, kondisyon pitit ak fanmiy li paske tout kote kolonyalis yo tabli, se richès ki sou plas yo, ki nan vizyon yo. Lajan zam yo distribye bay Gang ak PHTK yo, se yon ti konpansasyon yo separe bay ajan yo ki sou teren an nan valè sa yo piye nan peyi a.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Souverènte Peyi A! Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil. KRPBB. –

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *