Jibye yo, jou pa n nan rive. Nou vle chasè.
Operasyon Dezobeyisans sivil kont pouvwa Ariel Henry y’a dwe total kapital
Lapolis la ou dwe konnen tankou sa ekri nan Regleman yo: Lapolis pa dwe egzekite okenn lòd manifesteman ilegal tankou tire sou Pèp, bay kokomakak san rezon, bonbade Moun ak gaz lacrymogène.
Epi Polisye yo dwe konnen responsablite pénal la pèsonel.
Depi otorite Leta yo pèdi ray
Depi otorite Leta an debandad
Depi otorite yo pa garanti konfyans
Depi otorite Leta yo nan manti
Depi otorite Leta yo gen twou nan manch
Depi otorite Leta yo ap benyen
« dans le déni »
Depi otorite Leta yo konstitye yon danje pou sosyete li reprezante y’a
Depi otorite Leta yo ap aji an tout konsyans kont enterè pèp la, enterè nasyon an
Li vin plis pase yon DEVWA pou
Sitwayèn ak Sitwayen yo:
Revòlte
Dezavwe otorite sa yo
Antre an rebelyon kont aksyon ak desizyon otorite sa yo
Denonse ak tout mwayen pasifik otorite sa yo.
Fè Dezobeyisans Sivil total kapital nan:
Pa bay pawòl otorite sa yo enpòtans
Pa peye okenn redevans a otorite sa yo
Sabote tout desizyon otorite sa yo
Pase tout pawòl otorite sa yo nan rizib
Se sa pou pèp Ayisyen an fè ak tout Gouvènman Ariel Henry y’a
Soti nan Moun
Ki Premye minis ki rele Ariel Henry y’a li menm
Pase pa tout
Minis, Sekretè dEta, gouvènè labank, direktè jeneral, vis delege, ajan ekzekitif enterimè, KASEK
Tout Moun nan Leta ki jwenn nominasyon yo nan men Ariel Henry ansanm ak tout minis li yo.
Li ekri nan tout Liv Syans sosyal ak Syans politik, pi gwo Zam pèp kont gouvènman k ap toupizi l se DEZOBEYISANS SIVIL. Konsa Pèp Ayisyen nou Rantre byen fon nan Dezobeyisans Sivil la kont pouvwa Ariel Henry, Core Group, BINUH, anbasad meriken ak Antonio Guterres ki se Sekretè jeneral Nasyonzini.
Manifestasyon nan tout peyi y’a. N ap bat tenèb chak 1èd Tan.
Nou mande PNH pou l konpòte kòm yon Fós legal sa vle di pou l pa vin simen gaz lacrymogène, baton ak bal sou nou. PNH la dwe konnen responsablite penal la(Polisye a se li menm pèsonèlman ki Responsab devan Tribinal) pèsonel epi Lapolis pa dwe sou okenn fòm pou l obeyi, pou l aplike, pou l egzekite Okenn Lòd Manifèsteman Ilegal de kelkanswa otorite nan CSPN nan ak nan O kòmandman an. Apre Polisye yo pa fouti vin di yo pat konnen.
Marcel Poinsard Mondésir






