Istwa tris e mizerab de yon dine an blan nan Pòtoprens

Sa fè kèk jou depi ke yon zanmi m te envite m nan yon dine an blan. Lè mwen pa tande l, mwen rele l pou m mande l si l pa p fè l ankò. Li repon n mwen wi, li toujou ap fè l. Men, li di m fòk li eseye negosye otorizasyon fèt lan ak chèf bandi ki nan zòn n lan.
Nan demen, misye retounen rele m pou l di m ke li peye sa pou l te peye an ak bandi an, kounye an se kèk gwo pil fatra ki genyen nan rantre lakay li an ke li ap retire. Li ajoute pou l di m, pran pasyans, sa ap pran kèk jou paske fil fatra yo gwo e yo anpil.

2 jou aprè, misye rele m pou di m ke li resi fini ak fatra yo. Kounye an se kamyon dlo ke l ap tan n pou l lave twotwa yo. Paske li gen plizyè mwa ke DINEPA pa bay dlo nan zòn lan. Nan kè m mwen di: kite peyi m mache.
Epi, nan demen maten, li te apèn 6 zè lè telefonn mwen sonnen. Se zanmi an ki rele m. Mwen di misye, gran m maten sa, ou pa fatigue, ou pa dòmi? Zanmi an repon mwen, li pa vrèman dòmi. Se nan kafou lakay li an li vin n rete tan n chofè kamyon dlo an pou l k ab ba l direksyon. Li kontinye pou l di m ke li enpasyan pou dlo an vini paske li gen anpil dyaspowa ki ap rantre sòti tout kote nan mond lan pou vinn patisipe nan gwo defile de mòd ki ap fèt lan.
Li di m ke li gen anpil ofisyèl ki ap vini nan fèt lan. Li ap tann plizyè Doktè pami yo Premye Doktè an. Li pa vle soulye ak rad yo sal nan pousyè. Li ajoute: Ou konnen ke m se yon nèg ki pwòp, mwen konnen kòman pou m resevwa envite m.
Kòm mwen te kòmanse fatigue ak zafè fèt sa, mwen te prepare m pou m mete telefon n mwen sou silans. Paske mwen pa t bezwen zanmi an rele m ankò demen maten vè 6 zè.
A malen, malen e demi. Zanmi pa t tan n demen pou l te rele m. Fwa sa, li rele m menm jou an, vè 10 zè di swa. Li ozanj. Kè l kontan. Mwen mande l, pou ki sa ke w rele m la kounye an? Ki lòt movèz nouvèl?

Kòm li pa konpran n ke se nan tenten ke m ap pase l, li repon mwen, nou peye otorizasyon fèt lan ak chef gang nan zonn lan, nou retire fatra a, nou gen dlo pou lave twotwa ak lakou an, nou te deja achete tout manje yo lakay vwazen nou an Repiblik dominikèn, kounye an se yon ti elektrisyen ke nou ap tan n pou vin n pran yon priz sou poto kouran ki sòti nan Palè nasyonal lan.
Antretan, gen yon lòt zanmi militan ki rele m pou òganizasyon yon manifestasyon pou voye Doktè an ale, donk mwen te oblije voye zanmi fèt lan ale. Twòp rans pou mwen . Men, kòm nou pa mal elve, anvan nou fè sa, nou swete kamarad lan bon kouraj jak zafè fèt li an.
Kòm pandan tout jounen an, mwen pa tande zanmi an, mwen panse ke m te gen repo ak zafè fèt sa. Malerezman se pa t sa li te ye. Li te 6 zè nan aprè midi lè menm zanmi an rele m pou l banm dènyè enfòmasyon sou yon fèt ke m pa enterese. Men ki te trè enpòtan pou misye.
Anvan li kòmanse pale de bagay ke m pa bezwen tande, mwen di misye mwen twouve kominikasyon an klè, sa k pase? Li repon n se yon plan entènèt de plizyè milye goud li te pran pou koze fèt an blan an. Se sa ki fè li pase klè konsa.
Pou m pa deranje kontantman zanmi an, douseman, mwen mande l pou ki sa ke w rele m la ankò? Li repon n, anpil mounn kòmanse vini. Anpil mizik. Anpil bèl fanm. Anpil kabrit ap boukannen (nan kè m mwen di kòm sòlda MINUSTAH yo pa la ankò, se sa ki fè ke misye jwoin n tout kabrit sa yo agogo.

Pou m nwui misye, paske m konnen se nan menm fanmi ak mounn yo ke li ye, mwen mande l, eske kabrit li yo se kabrit amelyore? Li repon n mwen ou toujou ap ranse nèg sa a. Ou konnen trè byen ke zafè kabrit amelyore sa, se yon kòb ke nou tap fè sou Leta an.
Kòm mwen pa t gen tan pou m tande pil istwa de kite peyi m mache, mwen di misye fòk mwen ale. Li repon n mwen pou sa ke m rele m lan, mwen manke bliye di m li. Mwen mande l, kisa l ye ankò?
Li repon ke gen yon gwo envite ke li tap tann, men gen chans pou l pa vini paske machinn li pa gen gaz. Sanble ke se yon moto ke lap voye chache pou misye ak tout fanmi l.
Finalman, lwa desalinn mwen monte m, mwen di misye, fout tonnè, pou ki sa ou òganize fèt sa a? Se foli fèt an blan ke w genyen. De A ak Z se yon pakèt konplikasyon. Ki tout bagay sa a nan yon peyi.
Pa gen dlo. Pa gen kouran. Pa gen manje. Pa gen sekirite. Pa gen prezidan. Pa gen palemantè. Pa gen otorite mowal. Pa gen anyen ditou. Sof kèlke patriyòt ki rete kwè fòk peyi ya chanje pout mounn kapab viv ladan I tankou moun.
Misye repon n mwen, kite peyi l mache.
Pwofesè Esau Jean-Baptiste
Photo: www.radiopbs.org





