Haiti retro nan yon metwo ki kase tet tounen

New York, USA, 03/24/2023 – Lide ki dèyè tit e tèks sa, se eksplike kèlke rezon ou koz kòman nou fè rive la, nan yon peyi kote tout tan w tande yon pakèt mounn toujou ap di: Ayiti pa yo an te pi bon.
E byen an nou eseye fè yon ti retro nan metwo peyi sa ki te toujou ap fè bak pou nou k ab konprann kòman sa te ye. E pou ki sa anpil mounn te konn toujou ap ankouraje yo, menm si yo pat janm bon.
Pa egzanp, lòt lan se minis edikasyon nasyonal nan yon peyi kote ki gen anpil timounn ki pa k ab al lekòl. Li ap sòti lakay li nan gwo machinn ke Leta ba li pou l al travay. Li gen pitit li dèyè machinn lan ke li ap mennen nan lekòl Kongreganis yo. Sou wout lan, li kwaze ak plizyè ti gason nan lè klas ki nan la ri ap chache la vi ak yon bwat chany nan men yo chak,qd sa pa di minis lan anyen. Li twouve sa nòmal.
Se menm bagay lan tou kote gen youn pakèt ti fi ki ak panye legim ap sòti Fèmat, Laboul, Kenskòf, Petyonvil ap desann sou wout Boudon pou yo al van n. Gen de lè, timoun sa yo konn pi piti ke pitit responsab Ministè edikasyon an. Men sa pa di minis lan anyen pi rèd paske paran ti mounn sa yo toujou ap viv an Afrik. E, Desalinn pat pran endepandans lan pou yo tou.
An plis, lòt lan se minis zafè sosyal, pastè legliz, aktivis politik, responsab dwa mounn ki ap fè anpil bwui nan tout radyo. Yo gen sèvant ki kontwole vant tout fanmi yo. Anpil fwa, madanm yo konn ap trete sèvant yo trè mal. Mete sou sa, pitit gason yo ap, prèske chak jou, abize malerèz lan seksyèlman. Pil gwo lidè sa yo twouve sa nòmal. Sa pa di yo anyen paske yo poko kab wè sèvant lan nan gwo liv dwa mounn ke yo ap li yo ou byen pil vèsè biblik ke yo ap li yo.
Gen anpil ak anpil bagay ke nou ta di, men an nou fè yon ti pale de zafè kou deta nan peyi an. Yon prezidan eli nan yon eleksyon. Yo ba li yon kou deta. Epi ekip mounn ki ba li kou deta an, di: pou yo pa vyole konstitisyon peyi an, yo pwale nan Kou de Kasasyon pou yo k ab jwoin n yon Jij pou ranplase prezidan an. Nou fèmen bouch nou pa di anyen paske nou pa t vote prezidan an. Ou kwè nou serye?
Ajoute ak sa, depi aprè endepandans an 1804, se yon sèl gwoup mounn ki ap jwui tout richès peyi an. Se yo sèlman ki gen nan tèt yo sa yo rele kontra sosyal ki se piye Leta nan zafè tout monopòl. Yo pa janm fè oken pwogram de devlopman. Pa pale de zafè de desantralizasyon. Yon sèl bagay, jwui privilèj ak vòlè lajan Leta epi al sere nan bank deyò, ak achete gwo kay pou mete fanmi yo viv a letranje.
Kò m se Ayiti ki ba yo tout posibilite pou yo kontinye ap vòlè konsa, donk yo rete nan peyi an, men pa kote mounn sal, mounn sòt sa yo ap viv nan katye popilè an.
Ed’h pa vle bay kouran, biznis pa l. Paske yo gen gwoup elektrojèn pou yo k ab jere pwoblèm sa. E se menm bagay lan tou pou DINEPA ki pa k ab bay dlo nan tiyo yo. Yo sèlman achete kamyon dlo, epi pwoblèm rezoud.
Leta pa fè wout, yo gen gwo machinn pou pwoblèm sa. Li pat diferan tou pou zafe ensekirite an, paske gen anpil nan yo ki te plen polisye ki ap pwoteje yo. San konte, yo gen konpayi sekirite tou. Pwoblèm ak masak se nan katye popilè anba nan zòn pòv ke yo tande sa.
La vi vinn pi chè pou malere ak malerèz, kite mele yo. Paske yo pa vrèman konsome lokal. Se Sendoneng ak Florid ke yo al fè makèt. Sa pa regade yo ke la tè pa k ab pwodwui ankò. Pil pale anpil ki ap plede fèt sou kesyon pwodiksyon nasyonal lan se zafè nèg sosyslis yo. Sa pa gade gran nèg tankou yo.
Se nèg nasyonalis yo ki gen foli ap plede pale de konstwui inivèsite, lekòl segondè ak pwofesyonèl pou edike jenès lan. Pitit yo pap viv nan peyi an, donk sa pa gade yo. Yon sèl chanson chak jou, kite peyi yo mache.
Yo vòlè kòb lajan pou te rekonstwui lopital jeneral lan. Se pa pwoblèm paske si yo malad yo plen kote nan lòt peyi etranje ke yo k ab al pran swoin. Donk, ti Doktè nan lopital jeneral yo te mèt fè grèv maten, midi, swa. Se fanmi ak zanmi yo ki ale nan vye lopital sal sa. Si yo refize fè l mache, bagay ki gade yo. Se yo ki ap pèdi.
Lòt lan chita ap pale de yon lòt Ayiti posib. Vire tounen se yon diskou de touris lokal. Yo menm, se a letranje ke yo fè touris. Se menm bagay lan tou pou zafè envestisman. Se kay vwazen ke yo envesti pil kòb ke yo finn vòlè nan peyi an.
Kòm se lajan sèlman ke yo ap fè nan peyi an, konsa, yo pa gen tan pou yo ap swuiv sa ki ap pase otou de yo. Pandan tan sa, se fristrasyon ki ap devlope tout kote. An plis, nan peryòd eleksyon, yo mete gwo zam fann fwa nan men yon pakèt jenn nan katye popilè yo. Ki pi devan vinn tounen gwo bandi ap mache kidnape, vyole, mete dife ak touye mounn nan tout peyi an.
Epi, boum, bagay lan eklate nan figi yo. Jodi an pa vrèman gen yon kote nan peyi an ki pa gen bandi ki ap fè dezòd.
Pandan tan sa, tout mounn rete nan pozisyon yo kòm premye minis, minis, direktè jeneral, konsil, anbasadè, konseye espesyal, chèf polis etsetera ap touche lajan Leta pou gran mesi.
Menm lè yo pa gen anyen ke yo ap dirije, pa gen oken mounn ki vle demisyone. Yo la, rete ap jwui tout privilèj Leta kòm ofisyèl. Yo gen sekirite, gwo mak machinn, gaz, chofè, ak sirèn pou ap fè bwui nan zòrèy mounn. Yo pran plezi pou mounn ap rele yo: Ekselans. Pou ki rezilta? Definitivman zero rezilta.
Donk, si nou pa chita ansanb pou rezoud sa ki ankò posib pou rezoud yo, pita kapab pi tris toujou paske sa ki ap prepare nan laboratwa peyi etranje yo se yon gè sivil ki malerezman kapab debouche sou yon jenosid. Mwen pa vle yon pwofèt de malè.
Mwen ta prefere pito ke m se yon pwofèt de pè. Donk, mwen swete anvan ke li tro ta, ke tèks sa rive anba zye anpil mounn ki konn li tankou ak otorite ki gen posibilite pou chanje sa.
Esau Jean-Baptiste
Photo: www.salesienshaiti.org





