Manifestasyon Ayisyen nan zòn NY la nan solidarite ak pèp Ayisyen an
17 oktòb 2022
Ki jou: Lendi 17 oktòb 2022
Ki lè: 3PM
Ki kote: Rasanbleman, Nostrand Avenue ak Eastern Parkway
KOMOKODA (Komite Kont Diktati ann Ayiti) ak Kowòdinasyon Fanmi Lavalas New York kole fòs nou ansanm pou nou lanse yon modòd manifestasyon pou lendi 17 oktòb 2022 nan Brooklyn nan pou n desann Nostrand Ave. soti sou Eastern Parkway pou n rive nan Junction nan (Nostrand ak Flatbush) pou nou pote lamenfòt ak pèp Ayisyen an k ap goumen san pran souf anndan peyi a. Nou di konpatriyot nan zòn New York, New Jersey ak Connecticut lendi 17 oktòb la balon an ap nan pye nou.
Objektif manifestasyon sila a se pou nou tout pitit Papa Desalin vin rann li yon omaj nan dat madichon 17 oktòb sila a, asasen apatrid te koupe souf li nan lannen 1806; Pou nou bay fòs nou ak mouvman ki djayi nan 4 kwen peyi nou pou chodyè k ap bouyi sou yon sèl bò depi sasinay Papa nanchon an chavire tèt anba; Epi pou nou denonse dominasyon Meriken-Core Group nan zafè peyi nou.
Apre 3 semèn mobilizasyon san paran souf manman ak papa pitit mare vant nan mòn tankou lavil, se tou pa nou nan Dyaspora a pou n vin kore gwo batay Pèp Ayisyen an ap mennen jodi a pou l ka viv nan diyite anndan peyi li. Gouvènman restavèk PHTK-Ariel Henry an siyen papye pou blan anvayi peyi nou. Vin ede n fè tout moun sonje se jenosid, kadejak, vòl resous peyi a, imilyasyon, ak ekzòd fanm ak gason Ayisyen okipasyon etranjè 1915-1934; 1994-2000; 2004-jouk jodi a pote lakay nou.
Manifestasyon an ap kòmanse rasanble nan Eastern Parkway ak Nostrand Ave a 3è epi n ap demare 4 trè pil pou n al bout nan Junction nan (Nostrand ak Flatbush).
Ayiti se pou Ayisyen
Pa gen sakrifis yon Ayisyen pa ta dwe fè pou Ayiti
Ayiti pa pou vann, ni an gwo, ni an detay
Tren #3 oswa #4, desann nan Nostrand Ave. pou w rive nan pwen rasanbleman an.
Pou KOMOKODA: Dahoud Andre, Telefòn: 347-730-3620
Pou Kowòdinasyon Fanmi Lavalas NY: James Desrosin, Telefòn: 347-447-2668






I will be there