Gwo Denonsyasyon nan New York Times kont Ekip Martelli/PHTK: Ki Objèktif Tonton Sam ap rapouswiv?
Nan yon atik jounal ameriken “New York Times ” ki soti nan mwa desanm 2021 an, nou li yon rapò ki denonse ekip PHTK Michel Mateli a ki nan vann dwòg, kidnaping ak asasinen moun pou fè lajan, pandan komèsan pwòch PHTK ap itilize biznis pou blanchi lajan dwòg.
“
New York Times ” se yon jounal ki soti chak jou, pou plizyè milyon abòne nan lemond depi plis pase 170 lane. Moun ki ekri nan jounal sa, se jounalis èksperimante ki gen gwo fòmasyon ak espesyalite nan domèn ekonomik ak politik, e ki gen anpil rèspè nan mond kapitalis la.
Konsa, se yon jounal konsèvatè tankou “Wall Street Journal”, Washington Post”, “Boston Globe” ki toujou tradwi panse politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl oligachi e establishment ameriken an e souvan, sa l di yo bay liy direksyon kouman van politik pouvwa nan Wachintonn ap soufle.
Martelly et Jovenel (Haiti-Liberté)
Nan rapò yon ankèt jounal sa reyalize an Ayiti, yo deklare moun ki nan antouraj Mateli-Jovnèl anndan PHTK a, ap fè politik sèvi dra pakoti pou kouvri aktivite fè lajan fasil nan vann dwòg, kidnaping, trafik za m ak vòl anndan peyi a. Yo site non bòfrè Mateli, Kiko Senremi, zanmi Mateli, Sonson Lafamilya, aktyèl minis jistis PHTK/Ariel la, Berto Dorcé ak lòt ankò, ki nan fè aktivite dwòg ak kidnaping pou ranmase lajan.
Non Mateli pabon pou fè bouton, nan defann kidnapè Sonson Lafamilya ak machann dwòg Evenz Danyèl menmsi rapò a mouye Jovnèl tou nan disparisyon Evenz Danyèl la.
Kanta Ariel Anri non l site kòm konplotè nan asasina Jovnèl la, sa pa fè l ni cho ni fwèt paske jenonm sa rete ensansib ak tout nosyon prestij ak diyite moun e diyite sosyal. Se la raj!
Jomo apredye, dapre rapò a, ki ta anvi repanti tèt li, te deside apre 7 fevriye 2021 an, drese yon lis machann dwòg pou l remèt ameriken yo. Li te idantifye pis aterisaj avyon dwòg pou l fè kraze, e l te anvi nasyonalize pò
Boulos & Apaid
Lafito Mateli ak Bidjo te Konstwi ak 48 milyon dola lajan Petro Karibe (rapò koudèkont). Jodi a, se Mateli ak Bidjo k ap jere pò sa ki tounen kafou pou dwòg ak za m pase selon jounal ameriken yo.
Bridsoukou, Jomo apredye gen foli tonbe nan yon operasyon men pwòp, pandan l te bliye koupe pwòp men pa l, avan l te koumanse.
Globalman, rapò “New York Times ” nan se yon bèl ti fab “ pou fè timoun dòmi. Kilès, an Ayiti ki pa konnen ki bwa Jovnèl ak Mateli chofe nan zafè dwòg ak kidnaping nan peyi a?
Kilès ki bliye gwo bwa yo chofe nan mete Gang pou fè dwòg ak kidnaping mache nan tout peyi a anba je konplis mèt neyokoloni an?
Ameriken yo ak “Core-Gwoup ” pèdi kontwòl mobilizasyon beton an kote anpil ajan tradisyonèl ameriken yo refize fè menm djòb sal ak Gang ki sou teren an. Mobilizasyon manch long pèp la fòse ameriken yo ak “Core-Gwoup ” mezire sapat, pou wè ki boyo chire yo dwe kole nan talon pèp la nan jou k ap vini yo. Jodi a, yo jete Mateli paske l se yon pyès initil ki p ap ka anmezi regle kontradiksyon mangonmen ki sou teren an.
Kidonk, rapò jounal la, se yon balon esè, enperyalis yo voye nan pye pèp la. Li anonse Tou anpil lòt boul malatchonn ameriken yo gen nan pòch yo pou anpeche pèp la mete moun ki pou dirije l, Epi pou “Core-Gwoup ” toujou kenbe peyi a anba titèl li.
Yo mete fen nan misyon ajan Mateli pou tèt li enkapab e initil pou jwe gwo wòl nan rezoud kriz sistemik sa ke kontradiksyon anndan mobilizasyon an fè reparèt nan figi oligachi a ak enperyalis la.
Tankou tout peyi an Afrik leve kanpe kont neyokolonyalis piyajè yo, pèp ayisyen deside di, apre 106 lane okipasyon ak èksplwatasyon, ameriken yo dwe kite peyi a, kite pèp la deside sou pwòp avni l.
Nan pwosesis pase pokann ak repase pokann, pou wè ki dechè pou yo mete sou pouvwa a, “Core-Gwoup ” bay men leve pou bouki PHTK sakrifye bouki Jovnèl ak objektif kreye konfizyon nan mobilizasyon pèp la.
Sepandan, devan dra m sa ameriken yo lage sou do peyi a, pèp la pa gen tan pou l pèdi, nan okipe mèt yon domèstik k ap denonse l sou fason l mal egzekite yon misyon yo te konfye l.