GONFLE VEN N NOU! DEFAN TÈT NOU!

MATRIS LIBERASYON

“ GONFLE VEN N NOU! DEFANN TÈT NOU ”

Matris Liberasyon, nan lokazyon 34è anivèsè konstitisyon 1987 la, raple tout manm ak senpatizan li yo, nesesite pou yo patisipe nan gwo SIT-IN k ap fèt demen lendi 29 mas la, kont apranti diktatè Jovnèl Moyiz ki vle depatcha pak an pak konstitisyon an, epi foure nan gojèt nou yon nouvo konstitisyon nan sans enterè PHTK, Oligak zanmi pouvwa a ak BLAN yo sitou Meriken.
Se nan gwo batay kont diktati, Se nan batay kont enpinite, Se nan batay kont koripsyon,
Se nan batay kont esklizyon, Se nan batay kont represyon, Se nan gwo batay pou demokrasi,
Se nan batay pou respè dwa moun, Se nan batay pou emansipasyon mas yo,
Se nan batay pou respè ak tolerans, Se nan batay pou lekòl gratis…
Pèp ayisyen an te mobilize jou dimanch 29 mas 1987 la pou ba nou konstitisyon sa a.
Nou sèmante sou vi nou, Kou sa a p ap pase! Kou sa a pa gen dwa pase!
Yon konstitisyon yo pa janm aplike, Yon konstitisyon yo pa janm respekte, kijan yo fè konnen li pa bon?
Pwojè chanje konstitisyon an se yon konplo tout fòs anti pèp yo monte, tout fòs fè nwa ki pa vle wè AYITI, tankou: PHTK, KÒ GWOUP, BOUJWA RESTAVEK, KLAS MWAYEN san kolòn vètebral yo.
Pwojè chanje konstitisyon an se yon pwojè pou kenbe peyi a nan diktati, nan lamizè, nan ensekirite, nan enjistis, nan sou devlopman pirèd.
Matris Liberasyon mande pou tout sektè yo, tout kategori sosyopwofesyonèl yo, tout enstitisyon demokratik yo, tout fonksyonè Leta yo…mobilize tout fòs nou pou n bay lemond yon leson:
“DEPI NOU VLE, NOU KAPAB”!!!
Pèp ayisyen an, leve kanpe! Leve kanpe toupatou nan peyi a pou di non ak pwojè kriminèl sa a!!!
Pou nou di wi ak respè aktik 134-2 a ki mande pou Jojo lage pye l.
An nou fè lemond tande vwa nou!!!
Nou se MATRIS LIBERASYON !!!

Biwo Kominikasyon ML Tel : +50944454545/40209052 matrisliberasyon33@gmail.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *