Foubòl eliminatwa koup dimond:  Pou Ayiti, se yon week end 3×8

Foubòl eliminatwa koup dimond:  Pou Ayiti, se yon week end 3×8

Esau Jean-Baptiste

New York, USA, 02/17/2023 – Si w wè 3 fwa 8 sa nan tit lan, men vle w konnen ke se pa yon zafè de miltiplikasyon matematik ki ap regle. Men, se pito 3 jou youn dèyè lòt yon seri match de konpetisyon de foutbòl entènasyonal ki planifye a 8 tè di swa pou grenadye ak grenadyè nou yo jwe.

E pou fè li pi klè, an nou eseye gade kalandriye ak lè match yo ansanb pou n kab konprann zafè 3×8 lan pi byen.  Konsa, nou ap k ab konpran n definitivman kote ide an sòti.

Jedi swa ki te 16 fevriye, li te 8 tè nan aswè lè, nan kad dènye match de gwoup pou eliminatwa koup di mond U 17, ekip antrenè Angelo Jean-Baptiste lan te rankontre advèsè yo Ondiras nan peyi Guatemala.

Aprè ke grenadye yo te domine yon bon pati nan premye mitan match lan, te rete 2 minit yo konsa pou ekip lan te rantre nan vestyè, swuit ak yon erè katastwofik sou bò goch lan ant mitan teren an ak defansè santral lan, jwè Ondiras lan te rive gen boul lan  e make premye ak inik gòl nan match lan kont Ayiti.

Lè seleksyon an sòti nan vestyè nan dezyèm peryòd match lan ti grenadye yo te vrèman ogmante presyon sou ekip Ondiras lan. Men yo pat rive jwoin egalizasyon nan match lan. Yo rate anpil okazyon pou yo egalize e menm rive bat Ondiras.  E se youn nan feblès ke antrenè Angelo Jean-Baptiste ta dwe travay anpil ak ekip sitou atakan yo.  Nan sans sa, ti grenadye yo vrèman manke tranchan.

Aatandan ke antrenè an rezoud pwoblèm nan lign atak lan, avèk defèt sa kont advèsè yo jedi swa, ekip Ondiras lan premye. Salvadò dezyèm. Epi Ayiti twazyèm nan gwoup lan. Selon aranjman pwotokòl chanpyona an, menm avèk yon twazyèm plas, grenadye yo rive jwoin n kalifikasyon yo pou 16 de final ki ap kòmanse nan week end lan.

Pandan ke ti mesye yo ap rete tan n yo pou jwe kont ekip Kanada demen samdi swa ki ap 18, men toujou a 8 tè nan aswè, jodi an, gwo ekip medam grenadyè yo ap gen, nan kad match de baraj eliminatwa pou pwochen koup di mond ki ap gen pou jwe nan dat 20 jiyè pou rive 20 Out 2023 nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland, pou yo afwonte ekip medam Senegal yo aswè an a 8 tè.

An pasan, an jiye ane dènyè, aprè yon gwo defèt 4 a 0 anfas yon pwuisant ekip amerikèn, anpil mounn te panse ke grenadyè yo ta pwal konnen menm imilyasyon an tout kont yon gwo moso ki rele Meksik.  Se byen konte, mal kalkile.  Kòm gwo batay nan Lakrèt a Pyero, grenadyè yo te lanse anpil gwo boulèt kont kan medam Meksik yo.  Match ke yo te rive genyen 3 a 0.  Avèk yon bèl viktwa kont gwo ekip Amerik di Nò sa, nan dènye match de gwoup lan kont ekip Jamayik lan, Ayiti te sèlman yon fè yon nil pou li te avanse pou semi final, ki an menm tan te ap pèmèt li kalifye otomatikman pou koup di mond lan. Malerezman koekipye Nérilia Mondésir  Melchie Dumornay yo te kite chans lan pase paske yo pèdi match lan 4 a 0 kont yon ekip Jamayik ki te fizikman te pi byen prepare.  E se sa ki fè ki yo ap jwe match de baraj jodi an kont ekip Senegal lan.

Donk, yon rapèl pou nou fini. Yè jedi 16 lan a 8 tè nan aswè se te ekip U17 Ayiti an kont Ondiras nan peyi Guatemala. Vandredi 17 toujou a 8 tè nan aswè, se ap ekip medam Ayiti yo kont Senegal nan North Harbour Stadium ki nan Aucklan Nouvèl Zeland.  E finalman demen samdi 18, ankò a 8 tè nan aswè, nan faz de sèzyèm de final, se ti mesye grenadye yo an fas ekip Kanada.  Tankou lòt lan ta di nan emisyon espò li yo: Wi fout, gade yon bèl week end boul pou Ayiti.

Si w fè 3×8, ki bay 24, sa vle di nan espas 24 trè de tan, pandan 3 jou youn dèyè lòt, nan kad dènye faz eliminatwa koup di mond, ekip foutbòl Ayiti yo, gwo fanm kou ti gason, ap nan batay. Yon batay pou fyète. Yon  batay pou diyite. Yon batay pou lonè ak respè yon peyi ki, kwak enemi li yo vle chak jou fòse mete l ajenou, men ki, kòm an 1804, refize mete tèt li atè devan oken moun n .

ezistans, rezilyans, se sa ki defini ayisyen. E se ayisyen grenadye ak grenadyè ki nan ekip foutbòl yo. Donk grenadye alaso.

Esau Jean-Baptiste 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *