Foote, this; Foote that!
Yon lòt, Tonton Nwèl… Nan mwa Jiyè!
Wilfrid Suprena
Yon “ Empire” rete yon “ Empire”
Yon “ Empire” pa janm reflechi pou 10/20/25 lane. Tèt pansant yon “ Empire” reflechi pou 100 lane e menm milenèr…..
Enben,
“ Kèk ane apwe Endepandans yo, Jiyè 1776, Mesye yo ( Dam yo pot ko nan katon eksplwatasyon an) elabore “Doctrine Monroe” an pou chita “ Empire Ekonomik e politik” yo k ap rive ane pwochèn nan de Syèk depi yo te fin defini l e kòmanse aplike l.
Nou wè kòman “avec le temps”yo modifye l, yo aranje l, yo adapte l ake Nouvo Reyalite jeyo politik la…Nan amerik la. Nan Karayb la.
Ni Almay “ Nazi”
Ni Larisi “ Sovyetik” pat rive antre vrèman nan jaden Lakou mesye sa yo. Cuba se yon eksèpsyon…

Prezidan Vargas ( 1954) au Brésil,
Colonel Jacobo Arbenz Guzman ( 1954) Guatemala ka pale w de eksperyans yo fè ake moun sa yo..
Salvador Allende ( 1973) Chili,
Maurice Bishop ( 1983) Grenade San konte Milye Tupamaros yo nan Peyi Uruguay ake Peru, Montoneros yo nan Peyi Argentine, Senderoso Luminoso ( Sentier Lumineux) au Pérou, Camilo Torres et FARC en Colombie, milye, milye militan Sandinis yo ( Nicaragua), militan Farabundo Marti yo ake Militan Parti Travay Guatemala yo…. Yo tout, sa ki anba tè, sa ki vivan toujou konnen sa “ Doctrine Monroe” sa ki te la apwe Twazyèm Sekretè Leta ameriken, Timothy Pickering te deklare nan peryòd Lagèdisid la ( 1798/1799) : “ Laissons pourrir les nègres sous leurs gouvernements despotiques, utilisons leur sucre et leur café”….Konnen trè byen sa sa vle di “ L’Amérique aux Américains”.
Depi lè sa, poko janm gen anyen, anyen nan politik ameriken parapòt a peyi nou..ki chanje.
Okontrè, Se ofansiv pou zonbifye nou pi plis ake enstalasyon misyon Evangelik yo nan tout milye riral yo k ap atake Tanbou a, kòrn a lanbi a, fèy yo, Konbit la, Ranpono a..
Sa yo bezwen nan men nou, Se fòs travay nou… Nan Chan kann ake Chan tabak Kiba ( 1921/1959 yo) kote ekonomi kiben an te chita sou pwodiksyon danre sa yo e ke gro konpayi ameriken yo t ap transfòme… Menm bagèy la an Repiblik dominikèn jouk nan ane 80 yo…
Ekip moun Duvalier yo te menm “ enstitisyonalize” depa Aysyen yo pou al Koupe kann lakay vwazen… Menm gwo sosyològ, homme politique, kandida pou Prezidan te patisipe nan jistifikasyon Pwatik sa…( Hubert de Ronceray, MDN)…
Kidonk, chwa Foote pou vin foure pye l nan labou politik la Lakay Ke ameriken yo kreye e òganize pap pote anyen – m ap repete l- anyen
Ki nèf Pou peyi nou..
Ocanpo, t a fèl
Caputo, t a fè l,
Granderson, t a fè l
Lakdar Brahimi, ( Loni) Tou te ka fè l Tou si yo te kapab..
Les Clinton Tou pat janm mete nou ni montre nou chimen an pou nou soti nan trou a..
Nou pa pesimis.Men Foote pap e pa ka fè l. Se nou, ansanm, pou ki trouve chimen an. Men m lè gen gwo kontradiksyon enterè pami nou…Moman an mande yon gwo, gwo depasman politik…
Se pa moman pou n ap antagonize enterè yo ras, koulè po, jan Duvalier, Aristide ake Jovenel te fè l. Li pat e li Pap mennen okenn kote. Fòk nou konnen sa nou vle. Kisa nou ka fè. Kote nou vle rive. Kote nou ka rive.
Li lè, li tan pou nou konpwann ke sa n ap viv la se yon gran mouvman liberasyon Nasyonal ki ka ede nou debloke “ Forces productives” yo, sa vle di nan yon langaj politik ki klè, Fòk gen yon Alyans ant yon fwaksyon nan boujwazi a ki dakò antre nan yon lojik oubyen yon mekanism pou mete kanpe yon pwojè Nasyonal solid ki ka ede konstitiye Gwo capital Nasyonal pouki oryante nou nan endistriyalizasyon peyi a, ake yon fwaksyon nan klass mwayèn lan ki vrèman patryòt ki Pap trayi mas popilè yo mete ansanm ake pwoletarya rachitik nou genyen an plis mas peyzan yo…. se Alyans sa pou nou travay sou li pou wè , sin entèlijan politikman, sil ka ede nou soti nan tèt fè mal nou ye la..
Lè an May 1805, ( Konstitisyon 1805 la) Ayti te vin yon “ Empire”…. Se te menm anbisyon Dessalines t ap nouri lè li te resevwa Francisco de Miranda y Rodriguez de Espinoza nan nouvo peyi San èsklav la.. Pou Konstwi yon Hayti ake Yon amerik San èsklav. E Se yonn nan rezon yo manje l.. Paske enterè de “ Empire” yo pat ka “ matche”.
Ann chita ansanm pou n poze baz yon lòt Ayti. Yon lòt leta.
Tout sa Foote ka fè Se ede n antere kadav leta feyodal e neyo kolonyal…la.
Men, Konstwi yon leta Nouvo, demokratik, progresis, Nasyonal e popilè. Se tach nou, devwa nou, obligasyon nou, misyon nou, patryòt, Demokrat, progresis e Revolisyonè Aysyen…
Wilfrid Supréna…




