Fòk gen moun ki responsab si bagay yo anpire konsa nan peyi a!

Boukan News, 08/17/2023 – Ke se vre, ke se pa vre, liv ke kretyen yo rele: “le livre des livres” lan rakonte ke nan kreyasyon mond lan, Bon Dye kreye tè, syèl, lòm, tout bèt yo, ke se sa ki anba lanmè ak sou tè an.
Li kreye tou zanimo sovaj ak domestik, san konte dlo dous, fwi ak tout lòt bagay pou lòm manje ak viv byen.
Aprè li fin n fè tout bagay sa yo, li rete, li gade, li sekwe tèt li, epi li di ke li pa bon pou lòm ap viv sèl nan mitan tout bagay sa yo ke li finn fè. Se konsa li kreye fanm.
E lè ou ap gade yon bèl jèn ti gengen nan yon plaj ak yon bèl ti bikini byen seksi sou li, ou pa ka pa di: komanman, kreyatè a gen bon gou.
Aprè li finn kreye tout mèvèy sa yo, li di lòm ak fanm, mwen lague nou la, nou gen tout bagay pou nou viv byen. Donk fè bagay maten, midi, aswè pou nou kab peple latè. ki vle di, fè timoun mete sou tè a.
Li konnen pa tap gen pwoblèm manje, dlo ak kote pou mounn dòmi. Paske li kite bon anana, plizyè kalite mango, kowosòl, kenèp, seriz, abriko, kachiman, fig, tout bon jan kan kale, nannan kokoye ak dlo byen sikre pou nou bwè.
Li kite tou bon patat dous, bon yanm jòn tankou yanm blan, bannan, manyòk pou fè kasav, bon zaboka etsetera. Tout bagay sa yo montre ke kreyatè an p at vle ke moun ap mouri ak malnitrisyon paske yo grangou, yo pa jwen manje.
Mwen pa vle kwè moun ki di yo: ke misye konn bay men li pa konn separe. Misye pa sanble yon nèg ki enjis, kripya, mesken ou byen ki egoyis nan aksyon li.
Se sa ki fè, lè tout bagay bon ou ap byen mache, nou bay Bon Dye ki kreye syèl ak tè an tout kredi. Men, si bagay yo ap mal mache tou, fòk, definitivman, gen yon mounn ki pou pran blame yo.
Lojik ki vle fè kwè lè tout bagay ap mal mache se dyab ki pou pran tout blam yo pa rive konvenk mwen. Istwa ki vle fè kwè se depi aprè peche Adan ak Èv nan jaden Dedenn ke soufrans ak mizè limanite kòmanse pa vrèman fè sans pou mwoin.
An verite, mwen p ap blame kreyatè an. Misye fè tout sa pou l te fè. Si yon moun ale an pwovens, epi ou pran tan w pou admire la nati, definitivman pandan ke w ap respire bon jan van fre, ti zwazo ap chante, w ap jwoinn anpil ak anpil bagay pou w kontanple.
Nan sans sa, mwen pap mete oken fot sou do dyab kòm si se li ki fè anvironman an envivab. Se ta dedwane kriminèl, mechan ak bandi. Se t ap two nayif pou tout bagay ki pa bon, se demon. Se bay twòp pouvwa ak yon dyab anfas yon Dye bon ke kretyen yo di ki gen zye pou l wè, zòrèy pou l tande ak bouch pou l pale.
Definitivman, mwen chache konpran tout sa yo, e yo poko janm kab rive fè sans pou mwen. Tout la sent jounen se blame yon dyab alòske bib lan di ke Bon Dye te voye yon sèl pitit li genyen an vinn mouri pou sove limanite.
Olye se sèl pitit li an ke l te voye vinn mouri, pou ki sa Bon Dye pat tou touye dyab lan pou limanite te kapab tou fini ak kesyon vire tounen se demon, se dyab ki ap fè mal?
Donk si Bon Dye ki kreye syèl, tè ak tout sa ki ladan l yo pa responsab de tout move bagay ki ap pase kounye an, se kiyès ki pou pran blame yo?
Se pa ni dyab, ni pwofesi ki ap akonpli. Se mechanste ak egoyis yon ti minorite zwuit ki vle pran tout bagay san yo pa kite anyen pou majorite an.
Yon majorite ki, menm jan ak yo, kreye ak imaj e resenblans Bon Dye ki fè tout bagay lan
Brèf, de tout fason, si nan semenn sa la, Jezi tap fè yon ti vizit nan Kafou fèy, devan sa ki ap pase yo la, li pa t ap k ab fèmen bouch li. An verite li te ap oblije di yon mo. Li te ap oblije denonse tout men kache ki dèyè tout zak malonèt sa yo ki ap fè t nan zòn lan.
Li te ap trè fache kont bandi ak sapat tankou sa yo ki gen kostim nan biwo piblik ak prive. Li te ap trè fache kont polisye ki toujou la pou gate manifestasyon lè popilasyon an pran la ri kont ensekirite.
Mwen pa kwè, tankou Jezi konn abitwe fè, li te ap mande papa l pou l padone bandi yo paske yo pa konnen sa ke yo ap fè.
Yo vrèman konnen sa ke yo ap fè an. Wi, yo konnen byen pwòp. Se lòd ke yo genyen pou yo kontinye ap simen gazolin sou dife ensekirite ki limen byen wouj nan 4 kwoin peyi an. Se pwovoke ke yo ap pwovoke pi rapid entèvansyon bòt militè etranje nan peyi an. Malerezman.
Men, tankou Manno Charlemagne te k ab chante si li te vivan jodi an, “Pèp kanpe sou 2 pye w, desten w se nan men w li ye…”
Esau Jean-Baptiste





