Eta kawotik peyi Dayiti a reflete dejenerans lidè yo!
Nou nan katyouboumbe/chaos;
N ap mache nan sab (yon pa an avan, twa pa an aryè).

Massachussetts, USA, 11/10/2022 – Chak jou yon seri moun ki rele tèt yo lidè, yo fè nou konnen yo se lidè, paske se yo ki toujou ap pale, ap defile devan nou, y ap pale koze devan dèyè, koze san fondman. Koze ki pa chita sou reyalite n ap viv chak jou. Anpil nan moun sa yo, pa gen okenn kapasite pou analize yon sitiyasyon alewè pou ta rive pwojte nou nan yon lòt demen, ki vle di pèmèt nou konstwi yon lòt avni, nou tout ansanm espere bon. Nou pa di pi bon.
Paske sa n ap viv kounye ya pa bon. Se pou sa n ap tribiche, n ap devlope lespri nou pou n jwenn sa k bon an. Malerezman lidè sa yo, y ap lage twoub nan lespri nou akòz yo pa kapab epi yo pa konprann anyen ditou. Sèlman y ap pale anpil epi sitou y ap pale fò.
Yo pa metrize okenn eleman. Yo fè bri pi mal pase gwo kout loray nan syèl la lè move tan. Se pou montre kouman moun sa yo pa bon. Yo pale sou tout koze san yo pa konn sou kisa y ap pale. Pa mande yo fè ni « nuance » ni diferans. Dayè, yo pa konprann ni konnen definisyon 2 mo sa yo « nuance ak diferans ».
Nou dekouvri pi plis toujou, politisyen nou yo, pou anpil ladan yo: eta debil yo, eta ki melem ak yo (pèp la), konpòtman timounri yo devan blan. Depi blan etènwe yo lage, yo kouri lage nou pou swiv blan.
Men sa k fè l pi grav toujou
Nou tout tande konfesyon yon « otorite » ki gen plizyè tan otorite epi ki toujou ap jwe « équilibriste ». Li pat konnen si gen yon kou, malerezman ki te rezève pou li. Konsa, se lè chwal la fin pase, ou konprann pou di fèmen baryè. Li gen tan pase e li gen tan devore jaden yan.
Sa pou nou konnen nou dwe toujou di verite ya menm lè l ap fè moun nan soufri. Se sèl fason pou devlope rapò sensè, rapò pwòp epi tou garanti angajman lòt la nan travay k ap fèt la ak kòz k ap defann nan. Pèp la pa timoun. Nou pa gen pou n kanpe sou tèt katedral nou epi n ap gade l k ap valkannize anba. Tretman sa pap janm bay rezilta.
Marcel Poinsard Mondésir






Lide politik ayisyen ayiti se ekspe nan woule pep ayisyen nan farin.. Pawol yo ak aksyon toujou kite deye aspirasyon chanjman pep ayisyen poul viv nan lape , sekirite ak byennet . Lide sa yo se yon bann pa itil kap resite pake pandan peyi a ap fin depafini…