Èske se sa yo ki reprezantan pep la tout bon vre?
Boukan News, 08/13/2024 – Smith Augustin ak Louis Gerald Gilles ki kapab vin asire Prezidans Konsèy la apre Edgard Leblanc Fils, se kounye a Ayiti pral toutouni. Depi Konsèy la fenk parèt 2 Non sa yo pa sispann klewonnen nan tout yon seri eskandal koripsyon.
Non sa yo ap site, limyè pa janm fèt sou yo. Epi se ti pas kout ki pral fèt ant Smith ak Gilles nan sa yo defini kòm Prezidans tournant la/chak moun fè yon ti kou nan KPT a.
Nou ta renmen konnen kisa Ayiti ye: yon peyi; yon kote; yon savann, “une République bananière”?
Èske pèp Ayisyen se zonbi?
Èske pèp Ayisyen blije vale tout koulèv konsa?
Èske sosyete Ayisyèn nan, se yon sosyete devan dèyè, yon sosyete dwategòch tout bon?
Èske eskandal BNC sa ap fini konsa nan figi nou la. Se tankou yon fraz, yon pwofesè ekri sou yon tablo, apre tout elèv fin repete fraz la, pwofesè a efase l san okenn moun pa konprann. Epi sa rete la. Nou travèse nan yon lòt sijè.
Ki lòt eskandal n ap tann ankó?
Èske nou konnen apre Gardy se Smith ou Mimi ki pral gen gouvènay peyi a nan men l?
Èske nou konnen misye sa se Nonm Paspò a nan Anbasad dAyiti nan Repiblik dominikèn?
Èske nou konnen mouche Smith te kraze pifò lajan Anbasad Ayiti nan Sendomeng?
Èske nou konnen mesye sa te toujou alawonyay ap veye kilè pou l tounen vin bwè lèt nan manmèl ki rele Leta Ayisyen an?
Èske nou konnen Smith Augustin sa, te toujou konsidere Leta tankou yon gwo vach kote manmèl li chaje ak lèt. Li toujou t ap veye okazyon pou mete Dyòl li nan tete yo pou râle lèt la?
Si KPT a ak gouvènman an pa akonpaye tout enstans ki gen arevwa ak ankèt sou eskandal BNC a pou bon jan limyè fèt, pou verite blayi;
Si enstans ki gen otorite pou mennen ankèt la pa egzije yon fas a fas(4 je kontre manti kaba) ant Raoul Pierre-Louis ak manb 3 Konseye-Prezidan yo pèp Ayisyen nou mèt konnen Ayiti pap fè wonn pòt. Nou fenk kòmanse bandone kay nou pou bandi, nou fenk kòmanse ap rele anmwe pou mank mwayen nan lopital yo; nou fenk kòmanse vann ti byen nou pou n peye lekòl pitit nou, paske Leta pap kapab remanbre sistèm edikatif la. Nou fenk kòmanse, nou fenk kòmanse …
Eskandal koripsyon sou eskandal koripsyon, KPT ansanm ak gouvènman Conille an ap gade nou nan Je. Koken yo kontinye ap tete manmèl la, pèp la kontinye ap benyen nan labou, nan kras. Refijye yo kontinye ap sibi imilyasyon. Fòs lòd yo, sa k gen volonte yo kontinye ap mouri paske PNH la pa gen materyèl pou kwape bandi yo. Ayisyen kontinye ap kite Ayiti pa bann e pa pakèt pou al chwe lakay blan kote y ap sibi tout kalte imilyasyon.
Senpman pat di nou pat konnen. Sonje touswit apre Gardy Leblanc Fils, se dwèt long siperyè Smith Augustin, restavèk TiKlod/tyoul Apaid ki pral genyen Prezidans
Konsèy la.
Pèp Ayisyen nou konprann nan ki galimatya nou pran la, nou wè kouman nou antòtye ak “fil araignée” ak vautour sa yo. Dayè, si te gen otorite nan peyi a, si Komisè gouvènman ki di li reprezante sosyete a, t ap fè travay li an Granmoun, li ta dwe rele komedyen Anacasis Jean-Hector, sinonim dyòl piyay pou esplikasyon. Li te deklare nan radyo genyen lòt Direktè ki avwe ba li, gwo zotobre nan Leta mande yo lajan ki pa rete ak lajan, lajan pou w pran tan pou w konte pou yo kapab rete nan Pòs yo. Kounye a se yon kesyon pi gwo, pi gra. Toutotan ou kapab VÈSE DOLA se toutotan dyòb Direktè w garanti. Èske mòd tranzaksyon sa yo antre nan Tranzisyon koupe fache a?
Manb Konsèy yo ki pa dakò ak pratik sa yo se pou nou pran pozisyon klè. Nou tout konnen fòmil ki di: si w pa di anyen, si w pa pwononse w, sa vle di ou aliye w.
N ap mande KoudèKont kote rezilta Odit MAÉ a?
N ap mande minis Dupuy kote rezilta ankèt ak rapò sou jesyon Smith sitou lajan paspò yo nan Repiblik dominikèn. Si nou kite moun sa yo nan figi nou toujou, se pa lèd nou lèd ankò, nou defye tout langaj, tout vokabilè.
Marcel Poinsard Mondésir






