Èske se lafen pouvwa d’Ariel lan ki rive?

Dezyèm jou konsekitif, Jakmèl (wi Jakmèl) leve an mòd lòk e manif. Mete sou sa polis kap kraze manifestasyon e bay gaz lakrimojèn toulèdejou. Menm moun ki poko pran konsyans pou touse ponyèt yo pou lite, yo omwen konsyan (e yo di’l) ke sa pa ka kontinye konsa, tèlman sa grav. Sa pi grav ankò lè’n konnen Ariel Henry e lòt sanzave parèy li nan primati ap reflechi sou youn sèl bagay: survie. Wi kijan pou yo rete sou pouvwa? Afè lavi chè, moun ap mouri grangou, ki mele yo. Afè sekirite, kidnapin, asasina se pa pou yo. Matisan ki fèmen sou 5 depatman jeografik, hany zafè’k gade popilasyon, malere, malerèz Gran Sid. Jodia fè Matisan 1 ane, 2 mwa, 23 jou bloke, menn komisarya polis Matisan fèmen, non eskize’m…occupè par les bandits sous protection d’Ariel Henry et de ses sbires.
An’n ale nan archive oun jounal peyi a pou’n pi konprann gravite sitiyasyon peyi d’Ayiti. Kiyès pap sezi? Kiyès ki pap tranble? Kiyès ki pap ankòlè? [2021-03-12 | lenouvelliste.com
Des policiers ont été tués, ce vendredi 12 mars, lors d’une opération policière au Village de Dieu, quartier de Port-au-Prince contrôlé par le gang « 5 segonn », dirigé par le dénommé Izo. La direction de la police nationale n’a jusque-là rien communiqué sur cette opération qui a tourné au drame pour les policiers. On ne sait pas encore le nombre de policiers qui a été tué.
Sur des images insoutenables largement partagées sur les réseaux sociaux, on peut voir des individus trainant les corps de policiers. Des membres du gang ont aussi brandi comme des trophées les armes des policiers confisquées ainsi que le véhicule blindé de l’unité spécialisée…
Sa gen yon lane 5 mwa 11 jou. San konte konbyen milye de kidnapin, konbyen santèn asasina… pou se kenbe pouvwa ki enterese Ariel Henry! ki pa gen okenn lejimite. Non sèlman manda Jovenel. Moïse te fini konstitisyonèlman 7 fevriye 2021, sinon ke rive 7 fevriye 2022 te fè Jovenel Moïse 5 ane plen. Fò’k nou mande ki sa Ariel Henry ap fè nan figi nou la a.
Sa Kenneth Merten ye pou’l ap mande Ariel Henry fè ti rete? Depi kilè blan (K.M. sa a te di’l lotre jou la a anvan li al lakay li) depi kilè blan konn pran bon desizyon pou Ayiti? Wi, KM te di: se Meriken’l ye, se pou peyi’l lap travay, se pa pou Ayiti. Sa a nou konnen se vre sitou tout kalte eksperyans nou fè ak moun sa yo. Yo pa janm fè anyen ki bon pou nou.
Ni 1806, ni 1825, ni 1860, ni 1915! Sa vle di yo touye Desalin. Sa vle di yo kenbe nou nan gòj yo fè’n peye lajan nou pa genyen. Sa vle di yo fòse milat ba yo edikasyon jenerasyon yo. Sa vle di yo debake bòt fere sou nou pou yo asasinen peyizan Machatè, Chalmay Peralt, Benwa Batravil. Yo debake sou nou tout ti rasis nan Sid USA. Se zansèt nou yo pou kont yo ki te fè 1804! Nou ka fè’l, nou dwe fè’l ankò!
Serge Pierre-Louis
(*spl*)





