Èske lekòl Dayiti pran nan yon angrenay?

Èske lekòl Dayiti pran nan yon angrenay?

Marcel P Mondesir

Massachussetts, USA, 10/04/2022 – Alapapòt li se pwodui lekòl. Lekòl Dayiti. Li rantre nan Ti Kolèj  lakay Frè Sakrekè yo Anzdeno (lekòl Senjozèf) pou l kite kominote y’a apre li fin fè 6ième segondè l nan Kolèj Senremon. Konsa, tankou anpil lòt, li blije migre Pòtoprens kote li fè 2 lane nan Lise Pétion sou direksyon Antonio Occil.

Nan Lise y’a, elèv sa ki soti Anzdeno youn nan zòn pi lwen pa rapò ak kapital la, pwal kòmanse benyen nan yon lòt reyalite. Adolesan, ki kite lakay vin lekòl nan kapital.

Yon lòt lavi, ki fè w yon lòt moun. Ou te abitye ak 30 elèv nan klas la, 3 moun nan yon ban, lè se pa sou biwo w pou kont ou. Kounye y’a ou vin tonbe nan mitan 60 – 70  elèv pou piti nan klas la. Se yon veritab konkirans, yon veritab « bataille du combattant » menm pou w chita nan pwent ban. Alewè pou w ta devan tablo a kote tout bagay ka rive w si w pa abitye nan lese frape.

Men sa pat anpeche elèv yo te toujou sou bèt yo nan Lise y’a, toujou ap etidye paske « ce sont les plus justes, qui seront sauvés au mois de juin ».

Elèv la reziste pandan 2 lane. Apre sa li ateri nan Collège Jean Price Mars ( CJPM) kote li pral fè yon nouvo eksperyans ki rich anpil ak kalite moun li t ap vin rankontre yo.

Le trio qui dirigea le CJPM Mèt Benn, Jean-Claude Fignolé ak René Philotecte furent à cette époque là des références en termes d’esprit critique et d’éveil de conscience de la jeunesse.

Se nan basen sa, cet adolescent sorti de l’arrière pays (du pays en dehors) commença à aiguiser une conscience de classe et à se faire une juste idée de la situation sociale du pays.

Ak yon seri pwofesè tankou: Marseille, Pardo, Boursicault, Philotecte, Mèt Benn, Callard, Fignolé, Oede Jean-Baptiste li te gen materyo teyorik pou kòmanse sezi epi konprann anviwonman sosyal ak ekonomik la.

Se nan dinamik sa li fè premye pa l nan konstriksyon konsyans sitwayen l.

Nan Jean Price Mars, gen chans pou w te konn tande, menm anba chal, yon lòt pawòl nan zòrèy ou. Sa te ede w genyen yon lide, epi pèmèt ou konprann fonksyonman sosyete y’a.

Pou anpil nan pwofesè yo, sitou sa k te konn fè Syans Sosyal ak Literati yo, yo te gen fason, mwayen ak langaj pou te transmèt yon seri  valè malgre yo te anba diktati.

Marcos, Somoza ak kèk lòt diktatè pafwa yo kòmante nouvèl entènasyonal yo ak kèk grenn elèv.

Gerard Gourgue

Evenman nan Senjanbosko nan kad Konferans sou Dwa moun yo ak Ligue Haïtienne des Droits Humains, Me Gérard Gourgue, te touche elèv Jean Price Mars yo anpil ak sitiyasyon Mèt Benn te twouve l. Kèk elèv te kòmante l an ti gwoup. Dayè lè Mèt Benn tounen pou vin kontinye fè kou  Istwa l, elèv yo te manifeste pou montre l kouman yo te kontan wè l. Se te yon bèl akèy anba bab jeneral Jacques Gracia ki te gen kay li pa two lwoin lekòl lan.

Apre sa, nan elèv ki gen chans fè wout Inivèsite, jèn sa vin twouve l nan Fakilte Agwonomi ( FAMV) Damyen. Yon fakilte, kote etidyan yo te konn twoke kòn yo ak pouvwa. Anpil fwa, genyen ti dife boule nan FAMV. Pouvwa kontestasyon etidyan yo te toujou manifeste nan lakou Damyen.

Genyen moun ki di, se paske lekòl la pa nan kè Pòtoprens ki fè sa te konn rive. Genyen lòt ki di pito, se paske jèn sa yo, pou anpil ladan yo, soti nan milye riral la. Konsa yo fwote plis ak yon seri reyalite, yo plis ap benyen ak mizè y’a ki fè yo ka pi rebèl pase lòt etidyan yo.

Men pou etidyan sa, jèn sa, li pat gen twòp difikilte pou l te entegre kouran pwotestasyon an akòz li te abitye ak anbyans lan nan Collège Jean Price Mars.

4 lane fòmasyon kote FAMV te pèmèt li kontinye pran konsyans sou eta peyi l, sitou nan nivo mond riral la. Estaj yo se te youn nan gwo zouti « amélioration et évolution de la conscience critique et aussi un élément d’imprégnation d’une réalité inacceptable ».

Tout sa yo se Leta peyi y’a, se taks sitwayèn ak sitwayen yo ki te pèmèt yo. Menm Etid li nan peyi etranje pou l te ogmante kapasite konesans li apre se mouche Leta ki te pran l an chaj.

Tout rale mennen vini sa yo, se pou obsèvatè sa montre san okenn dout, san okenn ezitasyon li se yon pwodui lekòl. Pa nenpòt lekòl non, lekòl peyi l Ayiti.

Pou okenn rezon e sou okenn fòm, obsèvatè sa pa gen dwa kont lekòl. Li pa fouti, pou okenn rezon tou, patizan yon lekòl « au rabais », Yon lekòl k ap detounen sèvo olye l prepare sitwayèn ak sitwayen pou vin dekonstwi sa k gen la.

Obsèvatè sa pi deranje toujou lè li wè kouman lekòl nasyonal/Lise yo fin depafini, paske nan epòk li, anpil elèv lise pat gen okenn kè sote, pat gen okenn konplèks pou twoke kòn yo sou plan aprantisaj ak elèv nenpòt lòt lekòl malgre tout sa ou te kapab di. Se te yon veritab defi, yon veritab konkirans sou Channmas.

Rale mennen vini sa fèt pou montre kouman lekòl la se youn nan pilye, youn nan pòt antre nan lavi y’.  Se pousa tout moun dwe genyen kòd lonbrit ou rete atache ak fòmasyon paske se youn nan pi bon chemen limyè.

Mo limyè y’a genyen tout enpòtans li, tout pwa li nan sikonstans peyi y’a twouve l jounen jodi y’a.

Se yon fason pou di, yon sitwayen Ayisyen nan kontèks aktyèl la, jan mond lan ap tounen sou nou la, pa fouti patizan lekòl nan nenpòt kondisyon.

Ou pa dwe patizan okenn lekòl kote y ap fè wè, kote yo vle montre Ayiti « se retrouve au même rang que les pays de la Caraïbe ou de certains pays d’Afrique selon son curriculum et sa manière d’enseigner ». « En outre, l’on se doit de respecter le standard international en matière de nombre de jours d’apprentissage pour les divers niveaux de scolarisation ». Yon lòt agiman ki chita « sur des pieds d’argile » ankò se lè y ap plede klewonnen nan zòrèy nou, peyi kote gen gwo lagè timoun ale lekòl.

Poze pwoblèm nan konsa se montre « une grande malhonnêteté, une incompréhension totale et une inhumanité parfaite à l’égard des souffrances et des atrocités que subissent les diverses couches d’élèves et d’étudiants du pays ».

Li pa nòmal ditou pou Lekòl la louvri sou baz kote swadizan otorite yo vle montre gen yon sitiyasyon nòmal nan peyi y’a. Konsa, se yon lekòl ki deja pou anpil rezon tout moun konnen ki pap fouti ranpli misyon l « inculquer le savoir ».

Nesmy Manigat

Nesmy Manigat ansanm ak tout rès pouvwa pwal fòse louvri paske okenn kondisyon sosyal, psychologique, sitou kondisyon sekirite ak ekonomik pa ranpli pou youn nan aktivite ki pi vital pou pifò fanmi peyi Dayiti ta demare 3 oktòb 2022 y’a vre.

Se tankou gouvènman an ap fè pèp la jwe ak tè, jwe nan tè epi l ap pouse odas li pou fè konnen nou pwòp.

Pou enpòtans lekòl genyen nan mitan fanmi Ayisyèn yo, louvri lekòl la 3 oktòb 2022 y’a se yon aksyon kont pèp, yon aksyon kont jenès la.

Obsèvatè sa egoyis anpil, apre li fin fè rale mennen vini sa pou montre kouman li se pwodui lekòl, lekòl Dayiti andiplis epi kounye y’a, li kanpe an kwa, li vle monte yon gwo baryè douvan pòt tout lekòl peyi y’a pou yo pa louvri pòt yo lendi 3 oktòb 2022 y’a jan Nesmy Manigat minis Edikasyon Nasyonal ansanm ak tout gouvènman Ariel Henry pwal fòse louvri lekòl la.

Sa fè pou dezyèm fwa, mouche Nesmy Manigat minis Edikasyon sou rejim Tèt Kale y’a. Se yon siy ki montre ajisman l yo, demach li yo rankontre tout filozofi ak ideyoloji Tèt Kale y’a.

On n’est pas besoin d’être grand clerc pour comprendre que la principale mission du pouvoir Tèt kale c’est d’achever d’engloutir le pays, c’est de réduire la République encore plus à sa plus simple expression.

Il est universellement démontré que l’arme la plus subtile pour ruiner et détruire un pays c’est maintenir son peuple dans l’ignorance. Souvenez-vous que « l’éducation élève l’homme à la dignité de son être ».

C’est à partir de la maxime: « tant vaut l’école, tant vaut la nation », que le Roi Christophe fit de l’éducation un des piliers de son royaume.

Èske moman pa rive pou tout gwoup Òganize yo nan sektè edikasyon an, ta fè yon bilan pasaj mouche Nesmy Manigat nan tèt youn nan pi gwo sektè vital peyi y’a.

Lekòl dwe youn nan pi gwo pilye tout pouvwa k ap genyen pou vini la. Se pou kolektivite an dakò pou Ayiti rebati, pou nasyon refonde, pou koupe fache y’a fèt tout bon vre, pi gwo enstriman pou genyen se moun. Se moun ak sèvo. sèvo byen fèt, byen ranpli.

Pou sèvo yo byen ranpli se aprantisaj sou tout fòm k ap pèmèt sa reyalize. Edikasyon enfòmel, edikasyon fòmèl epi tout zouti nou kapab itilize pou nou rive fè sa, nou pa fè bak sou yo.

Se pou sa, nan « États généraux » nasyon an, ou Konferans Nasyonal Refondasyon, kelkelanswa non nou pwal bay gwo Woumble Refondasyon an, ledikasyon ak aprantisaj dwe kolonn vètebral ajennda diskisyon yo, paske se yo menm k ap pèmèt nou pwodui nouvo sitwayèn ak sitwayen tè sa.

Menm si zòt yo di nou pa gen kwann sou nou, nou pral pran pran dispozisyon pou mete kwann sou nou pou n ka rive bati yon bidjè lagè nan premye moman yo pou priyorite yo kapab jwenn plas yo. Ant 20 pou rive 25% bidjè lagè y’a dwe ale nan Triptyque Edikasyon-Aprantisaj-Fòmasyon.

Même s’il est dit que le temps perdu ne se rattrape jamais, mais la réouverture des classes le 3 octobre 2022, dans les circonstances générales actuelles du pays à tous égards ce ne sera pas du temps gagné pour la collectivité. Au contraire, c’est un sacrilège de plus, une offense de plus du pouvoir contre l’intérêt général. Car mettre en péril le savoir, c’est mettre la collectivité en péril.

Si le gouvernement d’Ariel Henry reste raide sur sa décision, il portera seul les responsabilités devant l’histoire.

Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *