Boukan News, 08/17/2023 – An nou tout ansanm di: 77 fwa 7 fwa: madichon pou tout pouvwa Ariel Henry ak alye l yo ki lage pèp Ayisyen nan men bandi, yon fason pou montre kouman sitiyasyon ensekirite y’a depase limit, kòm responsab li enposib pou yo mennen batay kont kriminèl yo.
Ariel ak Elbé
Ariel Henry ansanm ak bandi legal li yo, ansanm ak iresponsab parèy li yo, ansanm ak sinik tankou l yo, di pi bon mwayen pou pèmèt blan yo debake se kite gang yo taye banda, bay gang yo dwa pou wete lavi Ayisyen tankou sa ap fèt anba je tout otorite k ap koupe rache sou do peyi y’a san yo pa bay okenn sèvis.
Nou konprann jouk ki kote anvi pouvwa kapab mennen yon bann moun nan deriv, fè yo itilize yon popilasyon tankou “chair à canon” epi pou apre yo pran tout avantaj, tout benefis yo ankò paske lè fòs okipasyon an vini se bandi ak kravat yo, se vòlè yo k ap dechèpiye Leta, se iresponsab tankou Ariel Henry ak Madanm Mirlande Hypocrite Manigat yo pral pwoteje ak bay sekerite an premye pou fason yo akonpli misyon yo.
Kouman pou moun nan Tirivyè Latibonit pa fè jèn ak lapriyè, kouman pou yo pa itilize tout mwayen pou mande pou fòs okipasyon yo vini prese prese? Paske tout sila yo ki gen responsablite garanti sekirite peyi y’a, pifò ladan yo ap alimante bandi kokorat san ras nan Savien pou fè avari sou yo.
Tout mwayen defans ak rezistans popilasyon k ap sibi atak san pran souf anba men bandi ekip Ariel Henry ak madanm Mirlande Hypocrite Manigat ap kòmande yo pa fouti kenbe, pa fouti bay rezilta paske ensousyan ak iresponsab nan pouvwa itilize “tous les artifices”, yo fè tout sa yo konnen pou kase rezistans ak rezilyans popilasyon an.
Poukisa CSPN nan pa janm voye ranfò ak minisyon bay Polisye ki t ap eseye kenbe tèt ak bandi Gran Ravin yo?
Poukisa pi gwo demach tèt polis la se deplase voye byen lwen tout polisye nan Latibonit ak nan Pòtoprens ki dakò riske lavi yo, kanpe ak popilasyon an pou asire defans yo kont bandi ki pran yo an otaj, k ap etenn souf yo?
Plan an pa chanje se konsa swadizan zanmi kominote entènasyonal yo toujou aji. Depi kreyasyon sendika Core Group la nan lane 2003, ki se reprezantan legal kominote entènasyonal la anndan peyi y’a, se mòd operatwa sa you itilize. Lage bandi pou simen panik pandan y ap egzekitie ajenda politik ak ekonomik yo genyen pou peyi y’a.
Kominote entènasyonal la atravè Core Group la toujou genyen Appât/Zo (pwomès pou toujou kenbe bandi legal yo sou pouvwa,
pèmèt yo dechèpiye peyi y’a, kite yo demantibile Leta, ba yo kat blanch pou yo vyole Dwa Moun, ba yo amnistie apre yo fin fè tout aksyon kriminèl yo) pou atire trèt yo/Conzé yo/antipatriyòt yo/demagòg tout plimaj yo pou yo kapab fè duty job la/dyòb sal ki sanble ak yo a.
Polisye asasinéPolicier tué
Pou nou menm pouvwa Ariel Henry/madanm Mirlande Hypocrite Manigat ak atoufè Akò Akwòkò Dezakò 21 desanm 2022 André ak Marjorie Michel, Sorel Jacinthe, Fusion Socio Demonkrat ak Edmonde le Supplice Beauzile, le Petit parvenu Jean Tolbert Alexis et Co sou lòd boujwa flibistye Apaid, Boulos ak pil raketè tout Chanm/anti chanm Komès Tuti Cuanti(Acham, chambre de commerce canado haïtienne, chambre de commerce Franco haïtienne…) mete sou sa yon bann òganisazyon sosyete sivil tankou Inisyativ sosyete sivil ki genyen yon vwa ki toujou ap chante depi mesye blan bezwen amadwe nou, se presipal responsab trajedi Ayiti ap viv nan moman sa. Ekip sa ap pote tout responsablite devan listwa egzekisyon plan jenosid pwograme kominote entènasyonal la genyen pou Ayiti y’a.
Menm jan tou jounen jodi a anpil swadizan Òganizasyon defans dwa moun men k ap defann pòch ak pozisyon pouvwa pou tèt yo ak ti zanmi yo, k ap fè jako repèt tankou pèwokè pawòl Antonio Guterres k ap klewonnen, sèl fason pou Ayiti soti anba men bandi yo: “ il faut la présence d’une force militaire robuste en Haïti.”
Se refren sa n ap tande nètalkole nan zòrèy nou ak bann koral ki gen bon jan zèb vèt nan bouch yo menm lè lapli pa tonbe nan peyi y’a. Depi Inisyativ Sosyete Sivil, vire nan CARDH ak lòt yo plis bann pati politik san trip yo.
Tout travay entoksikasyon sa byen kowòdone nan yon seri medya tradisyonèl ak an liy pou fè pèp Ayisyen an konnen sèl sovè pèsonèl li kont zak bandi yo se prezans fòs militè yo ak bòt fere yo.
Tout aloufa san konsyans patriyotik sa yo ap minen peyi y’a, nan fè pèp la konprann tout moun k ap di non kont lokipasyon, k ap denonse plan makab lokipasyon an kap vini pou kouvri ak dra enpinite pouvwa bandi Ariel Henry ak pil rad sal li yo, epi pote maladi ba nou se mechan yo ye, se yon prèv andiplis ki fè nou wè degre sinik ak kriminèl pouvwa PHTK 3ième vèsyon an pa gen limit.
Sèlman nou dwe sonje bilan tout fòs okipasyon depi 1915 anndan peyi y’a se:
travay fòse, fòse Peyizan kite tè yo, gaye nan tout peyi y’a, vyòl ak zak pedophile sou timoun, kolera, epi wete tout trip Leta…).
Rezistans lan pap fè bak!Rezistans lan pap kanpe! Travay pou ogmante Rezilyans nan mitan popilasyon an dwe demare tout pou tout bon epi pou l pran fòm li.
Pèp Ayisyen se wozo nou ye. Nou pliye men nou pap kase.