Ekip Akò Akwòkò 11 septanm 2021 Ariel Henry pou yon Gouvènans Apeze y’a fini ak pèp Ayisyen an.

Ekip Akò Akwòkò 11 septanm 2021 Ariel Henry pou yon Gouvènans Apeze y’a fini ak pèp Ayisyen an.
Marcel P Mondesir

Massachussetts, USA, 10/25/2022 – Se vre gen pase mil rezon ki fè nou ta di epi nou konstate « lavi kanpe nan peyi nou ». Se yon gwo chòk, yon gwo defisi, yon gwo bak sou lavi ak lavni nou kòm moun epitou kòm pèp. Rezon an senp, nou gen yon bann enkonsyan, ensousyan ak manfouben nan tèt peyi y’a.

Yo pa ba nou regle anyen pou yo. Pi gwo pawòl iresponsab Leta yo ap klewonnen se « Ki mele m ak yo, nou menm demen nou asire chak jou kap pase, paske manmèl la kontinye ba nou lèt. Taks ak Enpò kontinye pran sou nou: DGI, $1.50 dyaspora, taks nan ayewopò elatriye ». Konsa manmèl la ap ponpe lèt, li pa vid e san koutya yo kontinye ap fè zewo(0) tounen (9), yo kontinye ap koupe rache vòlò, vann nanm yo pou yo kapab piye peyi y’a.
Ak sitiyasyon lavi chè sa, malerèz ak malere ap likide tout byen yo genyen, tout sa ke yo te posede, tankou kay, ti moso tè vann yo pou vil pri.  Epi, aloufa nan pouvwa ak patwon yo ap kase ponyèt malere ak malerez yo pou pran byen sa yo anpil fwa ak konbinezon yon seri notè, apantè ak lòt moun nan aparèy jistis la.
Pouvwa san konsyans lan monte gaz la e yo tou òganize mache nwa sou gaz la tou. Konbe fwa ou wè kòtèj Ariel Henry ansanm ak tout bann ekip Akò Akwòkò 11 septanm 2021 yan kanpe nan lari pou pwoblèm gaz?
Di mwen si tout ekip SDP Marjorie ak André Michel la pap taye banda nan lari y’a menm lè galon gaz la 3000 goud?
SDP

Èske Rosemila Petit-Frère, Sorel Jacinthe, Tolbert Alexis ak ekip Fusion Sociodemokrat Edmond Supplice Beauzile, ekip Sekretè Deta Verite y’a, tout ap benyen nan gagòt la.

Se pa pou granmesi Dr. Louis Gérald Gilles rele ti Pati l la NOUHLA. Se pou l kapab ap ranmase myèt, se pou l kapab kontinye, kòm se pratik li, fè « la courbette », pou l jwenn zo pa l wi.
Tout ekip Akò Akwòkò 11 septanm 2021 yo, “ce sont des vendus”, se souf kout yo ye. Ils préfèrent se gaver sur la souffrance du peuple.  Ils ont choisi de torpiller le peuple même dans ses espaces de vie les plus vitaux comme participer à l’érosion complète de leur économie de subsistance.
Lè w fòse yon popilasyon likide ti betay li, likide yon ti moso tè li te genyen, likide minimòm « moyens de production » l se touye ou touye l doubout.
Cette asphyxie programmée de notre économie par les insouciants et manfouben du pouvoir pour honorer les engagements de leurs patrons de la communauté internationale avec la montée spectaculaire des prix des produits pétroliers n’a qu’un seul nom « le génocide non déclaré de la population haïtienne au travers du démantèlement total de toutes les structures socio-économiques capables d’assurer une certaine résistance et résilience de cette dernière ».
Les conséquences sont visibles sous nos yeux: une classe moyenne complètement disloquée, une jeunesse perdue et désorientée, des groupes de la société civile sans repères, sans autorité parce que sans possibilité et capacité d’offrir une alternative économique.
Le coup le plus dur réside dans l’effondrement de certaines personnalités morales parce qu’elles aussi sont prises dans le piège de la résignation et elles n’arrivent pas à construire un discours pouvant remembrer, recoudre le tissu social. L’une des raisons de leur incapacité c’est parce qu’à certaines périodes de notre histoire récente, elles se sont faites complices des élites sociales, politiques et économiques. Il leur est difficile de trouver les codes pour parvenir à un certain redressement.
Bandi yo fè, bandi yo fè, bandi yo fini ak tout nou menm. Ekip Akò Akwòkò Primati Ariel Henry 11 septanm 2021 yan reyisi jwenn ak bout nou pèp Ayisyen. Kounye y’a chanson yo se : « ou kwè yo te toujou ap di nou se Wozo », kote Wozo yo.
Voici jusqu’où leur cynisme arrive!
Men sa nou menm nou konnen, « jou fèy tonbe nan dlo, se pa jou sa li pouri ».
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *