Dyalòg ant kèk vwazen sou sa kap pase yo
Boukan News, 02/06/2025
Mesyedam
Kouman nou ye?
E kò a!
N ap debat
N ap fè anpil jefò pou n wè kouman n ap defann nou anba mechan yo.
Men li pa fasil ditou, ditou.
Kòmè, konpè, depi kèk jou se 2 Non depi m louvri radyo m
M ap tande y ap repete.
Ki Non sa yo kòmè?
Yo rele Youn Donald Trump. M toujou tande lè y ap site Non l, yo di Prezidan Etazini grann pwisans lan.
Lòt la Elon Musk, mouche ki pi rich sou Latè. Epi tou, yo fè konnen mouche sa li genyen mwayen pou l kontwole, siveye moun nenpòt kote l ye. Li kapab voye moun nan lespas. Li kapab konnen kisa w ap pale ak mwen la nan telefòn nan. Sanble se yon moun ki pa genyen okenn limit sou latè.
Apre sa, mwen tande yon seri bann vye koze, koze ki pa rete ak koze y ap di sou yo. Aksyon yo di yap fè pral frape moun tout kote sou tè a ak anpil Fòs. Frap sa yo, dapre sa y ap di ap pi mal pase Goudougoudou mete ansanm ak 4 siklòn ki te frape Gonayiv yo. Nou wè nan kisa nou pran. Se pa nan 3 Wa senpman.
Yap chèche kont ak tout moun, tout pèp kelkeswa koulè po yo.
Ou ka twoke moso ak nou. Moun mwen yo pawòl yo anpil wi epi rèd tou jouk yo banm battman Kè.
2 Moun sa yo, sanble tèlman pwisan menm Non yo mwen ezite pou m repete. Pouvwa yo tèlman lou, yo gen lè kapab voye mache pran w si w ap plede site Non yo.
Se pou m di nou jouk ki kote pouvwa yo rive.
Komè, konpè, pou laperèz la rive nan pwen sa lakay ou.
Se di m ap di w, ou pap konprann mwen.
Yo atake tout moun!
Yo fè presyon sou tout peyi.
Lakay pa nou menm
SE PA PALE.
Yo gen lè ap bouche twou tout moun nan zafè lajan.
Ou wè kote nou ye la, yo fèmen tout vann kote Nèg isit te konn ap koupe rache.
Ou konn wè yon seri gwo machin konn ap pase la, plen lestomak nou ak pousyè. Epi nan pòt machin sa yo genyen yon desen drapo meriken ak yon ekriti USAID(koulè drapo a).
Moun sa yo Wa pa Kouzen yo, Prezidan pa Bòpè yo. Tèlman pouvwa yo lou. Se kout dola Vèt, tankou grenn kafe nan Mòn Kawo yo mache simaye.
Yo nan tout peyi a. Yo manyen tout koze(Agrikilti, rebwazman, santé, SIDA, lekòl…).
Bò isit la, yo konn travay ak Pastè legliz kote tibway Jezilòm nan te marye lòt jou a.
Dayè se pitit Pastè a ki chef pwojè plante pye bwa. Ou pa toujou remake 2, 3 machin nan lakou lakay yo a.
Dapre jan yo pale nan radyo
a, mesye yo koupe sous lajan sa. Yo fèmen tout bwat sa yo bridsoukou.
Jan yo esplike sa, se kounye a nou nan kouri.
Madanm la k ap pale nan radyo di Ayiti pran yon kou li poko janm wè sa.
Paske USAID sa se li menm ki
Leta nan peyi a. Se tout kote w jwenn li.
Ou ta ka rele l « Maggi nan tout Sòs).
Yon lòt kote menm mouche sa yo ap pimpe tounen lakay yo tout moun ki te vwayaje ale Erazini.
Sa w di la Kòmè, Konpè?
Lè m di nou pawòl yo banm batmann kè a, ou konnen se jwe mwen t ap jwe.
Nou fèm sezi. Nou pa bezwen di m’plis toujou. Pou sakrifis mwen wè Janbèna ak Jezila fè pou te voye mesyedam yo pati nan mwa dawout pase a.
Janbèna ak Jezila vann yon ti moso tè, 2 bèf epi yo pran yon ponya nan men Mèt Janba nan bouk la pou yo te kapab voye mesyedam yo ale.
Sa pa gen lontan mwen pase lakay yo m tande y ap pale ak
Gason an k ap esplike yo kouman sa ye. Yo kòmanse degaje yo. Misye di papa mwa k ap vini an m ap voye *Yon transfè pou nou*.
Epi se mòd nouvèl sa kounye a ki rive sou yo.
Mouche prezidan an Trump la ak Elon Musk la di yo pa an afè ak moun sa yo. Yo menm se Ameriken ki enterè yo. Se pou tout moun ki soti lòt peyi degaje yo pou viv lakay yo. Ameriken pa kapab reskonsab tout moun lòt peyi.
Komè, Konpè, nou va konprann nan ki atrapnigo nou pran.
Nou nan yon peyi kote chèf yo sèl sa yo konnen se tèt yo, fanmi yo, ti zanmi yo, ti fanm yo. Manfouben pase otorite nou
yo pa genyen.
Se kounye a bandi pral danse kalinda,
Yo pral fè nou monte lesyèl pa do.
Se kounye a chen pral bwè dlo nan nen.
Se kounye a nou pral wè koulè mizè a.
Komè, Konpè kite m ale. Paske pawòl anpil, machwè gonfle.
Enben ale non. M swete w rive an byen. Nou va wè yon lòt jou.
Mwen pa konnen sa pou m di ankò.
M ale!!!
Marcel Poinsard Mondésir






