Dyalòg ak yon ajan CPT

Dyalòg ak yon ajan CPT

Esaie Jean-Baptiste
Boukan News, 05/12/2025 – Jantiman misye rele m. Bonjou pwofesè. Kòman w ye? Mwen wè ke w ekri anpil pou Ayiti. Misye kontinye, nwen konnen jou samdi se jou bese leve paske mwen te ap viv nan dyaspowa an tou. Mwen panse ke w gen dwa okipe, men èske w gen yon ti tan pou n fè yon ti pale sou kriz peyi Dayiti an. Se sa ke misye te mande m.
Mwen te reponn misye ke m pa vrèman gen tan paske se prepare ke m ap prepare m pou m sòti ak fanmi an. Men kòm ou di se Ayiti, an nou eseye fè sa byen vit. Mwen k ab ba w ant 15 ak 30 minit pou n fè sa.
Li di m mèsi anpil.  Li apresye sa. Fòk mwen di nou, pou yon ajan, bouch misye dous. Sanble misye ap byen touche. Se pa sa ke m te vle di. Mwen te vle di pito, sanble gen anpil siwo myèl ki ap koule bò bouch misye.
E misye kòmanse pou l di m. Pou ki sa anpil moun n nan dyaspowa an ap kritike mesye dam CPT yo konsa? Se konnen ke nou pa konnen Ayiti? Ou byen nou bouche je n ak zòrèy nou pou n pa wè ak tande bon travay ke manb CPT yo ap fè sou teren an. Ayiti se pa yon peyi ki fasil.
Kòm mwen fè silans pou m ap tande misye, li panse ke kominikasyon an te koupe. Li mande m, ou la pwofesè? Mwen reponn wi. Mwen la. Mwen ap tande w relizyejman. Mwen ajoute pou misye, jis fè m konnen lè ke w fini.
Se konsa ke misye ajoute yon pakèt bagay ki pa tap fè sans men m pou yon senp sitwayen, alewè yon pwofesè syans politik tankou m.  Epi, misye di m li fini. E ke li ap tande m kounye an.
Mwen kòmanse pou m di misye, ane pase, lè ansyen senatè Egard Leblanc te nan tèt CPT an, menm blan yo te kritike l. Yon pakèt manb OPL te ap kritike l tou. Epi pou ki sa mwen menm mwen pa t k ab kritike l tou? Mwen di misye, ban m yon rezon valab ki fè ke m pa t k ab kritike misye ansanb ak tout lòt 8 manb CPT yo ki pap regle anyen nan tèt peyi an?
Misye pwal ouvè bouch li pou l pale, mwen di misye, silans. Mwen poko fini. Mwen te pwan tan m pou m tande w, mwen mande w pwan yon ti pasyans pou w tande m tou. Misye repon n ke li dakò ak mwen.
Mwen kontinye pou m di misye, lè ansyen Minis Leslie Voltaire te nan tèt CPT an, mwen te wè direktwa pati fanmi Lavalas te ap kritike jesyon CPT an. Si pati politik fanmi Lavalas te fèl, e pou ki sa ke m pa t k ab kritike achitèk Voltaire ansanb ak CPT an? Ban m yon rezon valab ki fè ke m pa t k ab fè sa?
M di misye tou, kounye an mwen wè ak tande ke yon pakèt mounn ki te nan mouvman Montana ak kritike Fritz Jean ki se te ansyen prezidan Bank Santral peyi Dayiti. Anpil pleyen ap fèt tout la sent jounen. Pou ki sa mwen menm menm antan ke sitwayen, ke m pa kab kritike l tou.?
Epi pou m fini, mwen di misye ke m wè yon videyo ki ap byen mache sou tout rezo yo kote Mesye Fritz Jean ap pale, epi gen manb CPT ki ap dòmi. Gen lòt mounn ki se minis nan gouvènman ki ap jwe damye nan telefòn li.
Lè yon bon oratè ap pale tout mounn toujou konsantre, epi pote atansyon ak sa ke l ap di an. Si yon mounn ap pale, epi gen mounn ki ap dòmi, ou byen genyen ki ap jwe nan telefòn, la gen yon pwoblèm. Swa ke mounn lan pa p di anyen ki serye. Swa ke yo pa gen respè pou li.  Ou byen mounn ki ap dòmi ou ki ap jwe nan telefòn lan se lajan Leta ke yo ap gaspiye pou gran mesi. Se kò yo ki la, men yo pa vrèman nan sa ki ap regle an.
Di m nan fèy de wout ki te siyen ane an, ki sa ki fèt? Ki sa ki respekte? Zafè referandòm, se zero. Zafè konstitisyon, nad marinad. Nan zafè sekirite, se chak jou teritwa ap pèdi. Pou kesyon eleksyon, se bliye sa. Mwen k ab gen tò, di m èske gen youn n nan bagay sa yo ki fèt.
Kòm mwen fini, pou m te k ab konnen ke misye te toujou la ap tande m, mwen mande l sa ke l panse de tout sa ke m sot di yo. Ebyen chè lektè, sa te vrèman mal pase.
Pwof Esau Jean-Baptiste

One comment

  1. Se yon pakèt amatè politik ki pran leta an otaj. Pèp ayisyen yan seyon bon pèp ki fasil, yo toleran tròp.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *