DOUBY ISNARD, Pitit “MAN DA”, Ou fè wi!
Otè maestwo Mario Devolcy
Mwen pral Pale anpil wi …poum komanse map voye yon bokit LANMOU pou PITIT DOUBY yo : « GLADIA, FAHIMY, RAPHAËLLE, KATISHA, MELODY, FERGIE, ISNARD Junior, BOBBY, TRACY ».
Yon Gwo MÈSI pou Madan Douby, JEANINA, Ou sou Kè Nou, Nou gen yon Dèt anvè w ! Sispann kriye, « Madan Atis pa gen dwa kriye ! »

Youn nan pi Gwo Privilèj ke ISNARD te jwen sè ke, tout moun rele li DOUBY, sa vle di DOUBY Vinn Non d’Atis ISNARD, se yon SATISFAKSYON e yon VIKTWA lè nap pale de DOUBY, ke tout FANMI DOUBY Trè FYÈ, lè nap Gade LANMOU ak RESPÈ Ki Manifeste pou DOUBY, nap voye SENPATI Nou pou FRÈ ak SÈ DOUBY : « INGRID, EVEROSE, MARIE-JOSETTE, LESLY, ULRICK, RONALD, LUC Jr, DONALD, MARLÈNE, NICOLE ».
Bèl ti ekip solid DOUBY pam nan: KENDRA, DARLY, MELISSA.
Franchman Nou pa Bezwen Kriye. DOUBY fè tout sa pou l te fè, MISYION AKONPLI !

Pou Listwa, ISNARD DOUBY fè Pati de yon Kategori de CHANTÈ Ke Nou konsidere kòm yon ELIT, Kategori sa a, se CHANTÈ VEDÈT, POPILÈ, SUPERSTAR sa vle di :
CHANTÈ ki Make Mizik Ayisyen e Valorize Nou nan Lòt Peyi.
Nap Pale de CHANTÈ ki LI ak EKRI MIZIK
Nap Pale de CHANTÈ ki gen Konesans nan Li ak ekri mizik
Sa vle di ki Li Patisyon
Ki Konn sa Ki rele Amonizasyon, Aranjman, e Byen nan Kategori, sa Nou ka di yon ELIT.
Gen 5 CHANTÈ AYISYEN Ki fè Pati de ELIT sa a, ki ranpli tout Kondisyon yo, Nap Site :
1) GUY DUROSIER : Chanteur, Musicien
2) GERARD DUPERVIL : Chanteur, Musicien
3) ANSY DEROSE : Chanteur, Musicien.
4) DADOU PASQUET : Chanteur, Musicien
5) ISNARD DOUBY : Chanteur, Musicien

Jan mwen di a, Mesye sa yo se Gwo Vedèt, CHANTÈ ki Li ak Ekri Mizik. Nou ka pap eksplike tout Rezon Ki fè DOUBY la, map ba Nou Youn :
Lè DANIEL SANTOS, Youn nan pi Gwo Vedèt, Chantè ki te Genyen nan Mond lan , tap rantre HAÏTI, lè Gwo Atis sa yo ap vwayaje ,yo pa Pati ak Okès , yo Pati ak yon DIRÈKTÈ MIZIKAL, Ki gen tout Patisyon yo nan MEN li ,lè li rive , pou l bay tout Mizisyen Ki sou plas yo Patisyon, tout moun se jis Ekzekite ,fok ou Konn SOLFÈJ Ou Byen. Nan Epòk sa a, BOSSA COMBO tout Mizisyen li te Li e Ekri Mizik, se yo Ki Toujou pare pou fè Job sa yo, men Bossa Combo pat gen TROMPETTE e Gwo ATIS ENTÈNASYONAL sa yo, tankou NELSON NED Ou CELIA CRUZ etc… pou Konplemante LIY VAN an se ak sitou BON TWONPETIS e BON LEKTÈ, se ANDRE DEJEAN ak ISNARD DOUBY ki te kanpe la. Sa’a se yon Ekzanp,e kom Nou Konnen gen Anpil GWO CHANTÈ ENTRISTRIMANTIS men nan Kategori CHANTÈ MIZISYEN KONPLÈ “ ISNARD DOUBY fè Pati de ELIT sa a.
yon Plas ke li pa arive enpoze li an Premye Lye Fas ak Gwo TORO SUPERSTAR Ki te gen nan NY ,Li te finn pa arive jwen plas pa li ,e se Sèl ISNARD DOUBY nan Jenerasyon pal la ki pral arive CHANPYON ,anfas yon Nouvèl Jenerasyon ak yon Okès Ki te Enbatab , yon ISNARD DOUBY Ki sot nan yon FRÈRES DEJEAN ,Ki tap jwe bò kot Nèg kem konsidere Aprè RAYMOND SICOT kom MÉYÈ TWONPETIS Ayisyen ANDRE DEJEAN pral arive ,malgre Entèdiksyon medikal pou li pa jwe Twonpèt Ankò ISNARD DOUBY pral avèk yon Fomil Animasyon ,yon Teknik Vokal ke Ayisyen Idantifye kòm yon VWA OUNGAN ,nan yon Moman ke gen yon NOUVÈL JENERASYON kap Eklate. SYSTÈM BAND te rete Sèl OKÈS de jenerasyon li yan ki te kenbe plas #1 “LEGACY DOUBY Sè ke tout NOUVO CHANTÈ yo Olye ke yo te al fè Konpetisyon ak Misye yo te Tèlman adore DOUBY yo tout Vinn DOUBY.
Pi Gwo Kalite DOUBY, Misye fè Pati pa plis ke 5 MIZISYEN Ki RENMEN e RESPEKTE MIZISYEN PARÈY li. Depi Ou rankontré ak DOUBY, Premye bagay pou li di w, se yon bagay ki pou fè w plezi, Misye te Renmen Moun anpil, se sak fè Ou jwen Pakèt LOVE sa yo pou Misye.
Tout moun Renmen DOUBY. Misye kite anpil bagay, anpasan se Youn nan MAESTRO Ki pi ENPRESYONAN ke Jenerasyon sa a bay. Lè DOUBY ap Konte kom MAESTRO, se CHARLES PAUL, WEBERT SICOT, NEMOURS Jn BAPTISTE ki te gen ELEGANS ak OTORITE sa a.

Wi DOUB se te FRÈ’m, Nou pase anpil Moman Ansanm, antrenou 2 se Toujou Anpil LANMOU ak RESPÈ map miss Fratènite Misye. Antouka mwen pa vle Kriye Ankò map di “ FANMI, FANATIK ak ZANMI, DOUBY, misye fè tout sa Poul te fè …
« Ann leve kanpe pou Bat BRAVO pou MAESTRO DOUBYRIL_REST IN LOVE my BROTHER “
VIVA DOUBY!
Mario de volcy





