Dezyèm faz Ewo 2021 an: Ki fòs ak feblès seleksyon yo?
Pa Réginal Souffrant
Apre premye faz Ewo 2021 an, chanpyona sa rive nan etap 8èm final la, kote chak ekip ki pèdi ap tou elimine. Me kòman tablo a prezante ant 16 seleksyon ki pway twoke kòn yo.
- Dànmak vs Peyi Gal yo: Se pway yon match ekilibre. Tou le de ekip yo gen menm pwa. Nenpòt nan yo ka pase.
- Oland vs Repiblik Tchèk : Sou papye, Oland gen plis talan sitou ak Memphis Depay & Georginio Wijnaldum; men, advèsè a taktik e klinik anpil. Tckèk yo konn eksplwate erè, e konn jere avantaj. An nou tan!
- Angletè vs Almay: Se de ekip ki chaje ak talan. Nan premye tou a, Anglè yo pa t konvenk pèsonn. Òganizasyon atak angle a te yon jan twoub. Li ta bon si antrenè a ta adopte yon sistèm 4-4-2 (olye de 4-3-3) avèk Harry Kane & Marcus Rashford kon atakan. (Nou pa konprann rezon ki fè Rashord toujou sou ban). Yon lòt pa, Raheem Sterling te ka jwe kon demi kreyatè olye li evolye nan zèl. Konbinezon sa te ka ran ekip sa pi dinamik. Menm si Almay te fè kon tout zèklè devan Pòtigal (4-2), ekip la manke reyalis nan finisman atak yo, menm si jwèt li byen elabore nan tout konpatiman. Almay gen yon ti avantaj.
- Syèd vs Ikrèn : Pa gen yon siperyorite nèt an 2 ekip sa yo. Sispens!
- Itali vs Otrich: Nan premye etap la, Itali te fè yon bèl pakou. Sepandan, Transalpen yo pat kontre ak ekip toro gwonde yo. Otrich fè kèk rezilta mwatye-mwatye; men, ekip la pran pwa apre chak match. Italyen yo gen anpil eksperyans; Otrichyen yo prilejye yon jwèt kolektif, epi yo gen anpil anbisyon.
- Bèljik vs Pòtigal : Match sa gen yon odè klasik eropeyen. Bèljik se yonn nan ekip ki gen plis talan nan mond la. Depi sòti sou gadyen Thibaut Courtois, pase pa lign defansif la, bèl mitan teren ak Kevin de Bruyne, plis yon Romelu Lukaku (pi bon atakan dènye sezon « Serie A »), Bèlj yo kandida pou ranpòte Ero 2021 an. Men, nou pa ka ekate yon ekip Pòtigal ki gen Cristiano Ronaldo ladan. Avan, “Seleçao” a te manke kreyativite ak presizyon nan mitan teren an. Pwoblèm nan sanble rezoud ak titilarizasyon Renato Sanches k ap jwe menm jan tankou ansyen vedèt Edgard Davis (Oland) ou yon Mauro Silva (Brezil). Bèljik gen avantaj sou papye sèlman!
- Koasi vs Espay: Pa gen dout nan sa : Espay gen yonn nan pi gwo chanpyona foutbòl nan mond la. Men, nan premye tou a, antrenè Luis Enrique sanble ponko jwenn bon fòmil la pou mete ansanm jwè ki ka bay rezilta. Konsa, Espay potre ak yon ekip mwayen. Yon lòt bò, gen 2 bagay ki an favè Koasi ; 1) Tout jwè koat yo ap evolye nan pi gwo chanpyona sou planèt la. Yo pa konplekse devan pèsonn. 2) Fyète nasyonal : Koasi modèn nan se yon peyi ki te fonde an 1980. Koat yo te fè mond la konnen egzistans yo gras a foutbòl, espesyalman nan Mondyal 1998 la kote li tonbe 2-1 devan Lafrans ak anpil dinyite. Se difisil pou bat yon ekip ki teknik, taktik, eskperimante e ki ap defann santiman nasyonalis. Kapitèn koat yo se veteran Real Madrid la, Luka Modrić.

Luka Modrić kapitèn ekip koasi a - Frans vs Swis : Anpil obsèvatè chwazi Lafrans pou ranpòte Ewo 2021 an. Se yon ekip konplè sou papye. Li gen meyè jwè nan mond la nan tout konpatiman. Defans solid. Mitan teren an ka defann e atake ak yon N’golo Kanté ki kandida #1 pou Balon Lò a pou sezon 2020-2021 an. Sepandan, sou 3 match, Lafrans fè 2 gòl sou penalite, 2 gòl pa atak nòmal, e li te jwi de yon autogòl douvan Almay (ki se inik viktwa « Bleus » yo fè nan chanpyona). Bilan : 1 viktwa pa chans, 2 match nil. Se yon ekip ki pèfome mwens pase potansyalite li genyen. Antrenè Didier Deschamps eseye plizyè fòmil nan atak la ki pa bay rezilta.
Menm si Swis gen yon ekip ki pa gen vedèt ak gwo non, li jwe yon jwèt konpak ak anpil detèminasyon. Sa ki rann li yon advèsè koryas. Disiplin seleksyon « Kwa Wouj » la pway poze yon dilèm pou Fransè yo.
Nivo Ewo 2021te ka pi wo. Eske se fatig ki anpeche jwè yo evolye selon talan yo? Nou pa konnen. Nou espere nivo a ka monte nan 2èm faz gason-pa-kanpe a.
Réginal Souffrant








